YouVersion Logo
Search Icon

Levitik 23

23
Jou fèt yo
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Pale #Egz 12.16; Nonb 10.3,10 ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Men jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Senyè a. Men lè pou nou fè fèt pou mwen. 3Chak #Egz 20.9,10; 23.12; 31.15; 34.21; Det 5.12-15 senmenn nou gen sis jou pou n fè travay nou. Men, setyèm jou a se jou repo. Jou sa a, piga nou fè okenn travay. Se jou n'a reyini pou n fè sèvis pou Bondye. Jou repo a se pou Senyè a li ye. Nenpòt kote nou rete jou sa a, piga nou fè okenn travay lakay nou.
4Men #Egz 23.14-16 jou pou nou fè fèt pou Senyè a, jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Senyè a. Men dat pou nou reyini pèp la pou fèt yo:
Fèt Delivrans ak fèt pen san ledven
(Nonb 28.16-25)
5N'a #Egz 12.1,6; Nonb 28.16; Det 16.1 fete fèt Delivrans lan pou Senyè a chak lanne, nan katòzyèm jou premye mwa a. N'a konmanse fèt la lè solèy fin kouche. 6Sou #Egz 12.15; 34.18 kenzyèm jou premye mwa a, n'a konmanse fèt pen san ledven yo. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. 7Premye #Egz 12.16; Nonb 28.18-25 jou a, n'a reyini tout pèp la pou n fè sèvis pou Bondye. Nou p'ap fè okenn gwo travay jou sa a.
8Pandan sèt jou n'a boule ofrann nan dife pou Senyè a. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n adore Senyè a. Jou sa a, nou p'ap fè okenn gwo travay nonplis.
9Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
10— Pale #Egz 23.16,19; Nonb 15.2,18; Det 26.1-3 ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo. Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, lè n'a fin ranmase premye rekòt grenn nan jaden nou, n'a pran premye makout la, n'a pote l bay prèt la. 11Prèt #Egz 29.24 la va balanse l devan Senyè a tankou yon ofrann espesyal, pou Senyè a ka asepte resevwa nou. Prèt la va fè ofrann lan jou ki vini apre jou repo a.
12Jou #Lev 1.10 n'ap fè ofrann premye makout rekòt la, n'a pran yon ti belye ki pa gen okenn enfimite epi ki poko gen ennan, n'a boule l nèt pou Senyè a. 13N'a #Lev 2.14-16 ofri ansanm avè l tou katòz ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv pou nou boule nan dife pou Senyè a. Bon sant ofrann lan va fè Senyè a plezi. N'a ofri tou yon boutèy ka diven pou yo vide pou Senyè a. 14Piga nou pran nan grenn nou fenk rekòlte yo ni pou nou manje kri, ni pou nou griye, ni pou nou fè pen, toutotan nou pa pote ofrann premye grenn yo bay Senyè a. Se va yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase.
Fèt premye rekòt
(Nonb 28.26-31)
15N'a #Egz 34.22; Det 16.9 konte sèt senmen antye, depi jou nou te pote premye makout rekòt la ofri bay Senyè a, apre jou repo a. 16Wi, #Nonb 28.26; Tra 2.1 n'a konte senkant jou. Sa va mennen nou sou jou ki vini apre setyèm jou repo a. N'a fè yon lòt ofrann grenn jaden bay Senyè a.
17Chak #Egz 23.16; Nonb 15.17-20 fanmi va sòti lakay yo ak de gwo pen pou yo ofri bay Senyè a. Chak pen va fèt ak de liv farin kwit ak ledven. Y'a ofri yo bay Senyè a tankou ofrann premye grenn yo rekòlte. 18Ansanm ak pen yo, pèp la va ofri sèt ti mouton ki poko gen ennan, yon jenn ti towo bèf ak de belye. Fòk tout bèt sa yo pa gen okenn enfimite. Y'a boule yo nèt nan dife pou Senyè a, ansanm ak ofrann grenn jaden yo ak ofrann diven an. Bon sant ofrann sa a va fè Senyè a plezi. 19N'a #Lev 3.1; 4.23,28; Nonb 28.30 touye tou yon bouk ki va sèvi ofrann pou peye pou tou sa nou fè ki mal, ak de ti mouton ki poko gen ennan ki va sèvi ofrann pou di Bondye mèsi. 20Prèt #Lev 7.31-34; 23.11; Nonb 18.12; Det 18.4 la va balanse pen yo ansanm ak de ti mouton yo tankou yon ofrann espesyal devan Senyè a. Ofrann sa yo se bagay ki apa nèt pou Senyè a. Se pou prèt yo yo ye. 21Jou sa a, n'a reyini pèp la pou l adore Bondye. Pèsonn p'ap fè gwo travay. Sa se regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase.
22#Lev 19.9,10; Det 24.19 n'ap fè rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase grenn ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou ranmase grenn ki te tonbe atè. W'a kite yo pou moun peyi a ki pa genyen ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!
Fèt Twonpèt
(Nonb 29.1-6)
23Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
24— Pale #Nonb 10.2,10; 29.1 ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo: Premye jou setyèm mwa a va yon gwo jou repo pou nou. Jou sa a n'a kònen twonpèt pou fè moun yo chonje se jou pou yo reyini pou adore Bondye. 25Piga nou fè gwo travay. N'a fè ofrann pou yo boule nan dife pou Senyè a.
Gran jou padon an
(Nonb 29.7-11)
26Senyè a pale ak Moyiz, li di l:
27— Dizyèm #Lev 16.29,30; Nonb 29.7,8 jou sètyèm mwa sa a, se gran jou padon an li ye. N'a reyini tout moun pou n adore Bondye. N'a fè jèn epi n'a fè ofrann pou yo boule nan dife devan Senyè a.
28Jou sa a, nou p'ap travay menm, paske se gran jou padon an, jou pou nou fè sèvis pou Senyè a, Bondye nou an, pou nou mande l fè nou gras. 29Si yon moun mete anyen nan bouch li jou sa a, y'ap wete l nan mitan pèp li a. 30Si yon moun travay jou sa a, se mwen menm, Senyè a, k'ap touye l. 31Nou pa pou fè anyen jou sa a. Sa se regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase. 32Se va yon gwo jou repo, jou nou p'ap fè okenn travay. Depi lè solèy kouche nan nevyèm jou mwa a jouk lè li kouche ankò dizyèm jou a, n'a rete san manje.
Fèt Tabènak la
(Nonb 29.12-40)
33Senyè a pale ak Moyiz, li di l:
34— Pale #Nonb 29.12; Det 16.13; Ney 8.14 ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: N'a fete fèt joupa yo pandan sèt jou. N'a konmanse sou kenzyèm jou setyèm mwa a. 35Premye jou a, n'a reyini tout moun pou adore Bondye. Pèsonn p'ap fè gwo travay jou sa a. 36Chak #Nonb 29.12-38; Ney 8.18; Jan 7.37 jou, pandan sèt jou, n'a boule ofrann nan dife pou Senyè a. Sou uityèm jou a, n'a reyini moun yo ankò pou adore Bondye, epi n'a boule ofrann nan dife pou Senyè a. Se va yon jou pou adore Bondye. Jou sa a, piga nou fè gwo travay.
37Men fèt pou nou fete pou Senyè a. Men jou n'a reyini tout moun pou yo fè sèvis pou Bondye. Men ofrann pou nou boule nan dife pou Senyè a, se ka bèt pou nou boule nèt, se ka ofrann grenn jaden, se ka bèt pou nou touye, se ka ofrann diven. Chak jou fèt gen ofrann pa li. 38Apa #Nonb 29.39 tout jou repo Senyè-yo, n'a fete fèt sa yo tou. Apa kado pou nou fè nòmalman, apa ofrann n'ap fè paske nou te fè ve, apa ofrann n'ap fè pou Senyè a paske nou te vle fè l, n'a fè ofrann sa yo.
Fèt dènye rekòt
39Sou #Egz 23.16; Det 16.13 kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a fè fèt pou Senyè a pandan sèt jou, apre n'a fin rekòlte jaden nou yo. Premye jou a ak uityèm jou a va de gwo jou repo. 40Premye #Det 16.14,15; Ney 8.15-18 jou a, n'a keyi pi bon fwi nan pye sitwon nou yo, n'a koupe fèy nan pye dat nou yo ak branch nan pye jasmen ak pye sikren, n'a fè kè nou kontan devan Senyè a, Bondye nou an, pandan sèt jou. 41Chak lanne, pandan sèt jou nan setyèm mwa a, n'a fete fèt sa a pou mwen menm, Senyè a, Bondye nou an. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit. 42Pandan sèt jou tout moun pèp Izrayèl yo va rete anba joupa. Wi, n'a rete anba joupa pandan sèt jou. 43Konsa, pitit pitit nou yo va konnen mwen menm, Senyè a, mwen te fè pèp Izrayèl rete anba joupa lè mwen te fè yo sòti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!
44Se konsa Moyiz te bay moun pèp Izrayèl yo tout kalite fèt pou yo fete pou Senyè a.

Currently Selected:

Levitik 23: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in