YouVersion Logo
Search Icon

Jozye 12

12
Wa Moyiz te kraze yo
1Moun pèp Izrayèl yo te bat tout wa #Nonb 21.13,24; Det 3.8,9 ki te rete lòt bò larivyè Jouden yo, sou bò solèy leve. Epi yo pran tout peyi wa sa yo nan men yo, ki vle di tout zòn lan nèt, depi ravin Anon an, moute nan fon Jouden an, jouk nan pye mòn Emon. 2Men #Nonb 21.21-26; Det 2.32,33,36; 3.6,16 wa yo te kraze yo: Se te Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon. Peyi li t'ap gouvènen an te pran depi nan fon ravin Anon an moute Awoyè ki sou bò ravin lan, rive larivyè Jabòk sou fontyè moun Amon yo, ki vle di mwatye nan peyi Galarad la. 3Li #Joz 11.2 te gouvènen zòn ki sou bò lès fon Jouden an tou, depi letan Kinerèt la desann sou lanmè Mouri a, nan direksyon Bèt-Jechimòt jouk nan pye mòn Pisga a.
4Yo #Nonb 21.33-35; Det 1.4; 3.11; Joz 9.10; 13.12 te kraze Og, wa peyi Bazan an tou. Se te yonn nan dènye refayim yo. Li te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi. 5Peyi #Det 3.8,10,14; Joz 13.11 li t'ap gouvènen an konmanse depi nan mòn Emon ak mòn Salka, li pran tout peyi Bazan an nèt rive sou fontyè peyi moun Jechou yo ak moun Maaka yo, plis lòt mwatye peyi Galarad la rive sou fontyè peyi wa Siyon an ki te rete lavil Esbon. 6Se #Nonb 32.29,33; Det 3.11,12; Joz 13.8 Moyiz, sèvitè Senyè a, ansanm ak pèp Izrayèl la ki te kraze wa sa yo. Apre sa, Moyiz, sèvitè Senyè a, te pran tout peyi sa yo li bay moun branch fanmi Riben lan, moun branch fanmi Gad la ak mwatye nan moun branch fanmi Manase a.
Wa Jozye te kraze yo
7Jozye #Joz 11.17,23 ansanm ak pèp Izrayèl la te bat tout wa ki te rete nan zòn lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy kouche, depi lavil Baal-Gad nan fon Liban an jouk mòn Chòv la nan direksyon Seyi. Se tè wa sa yo Jozye te pran, li separe yo bay moun pèp Izrayèl yo pou byen pa yo. 8#Joz 11.16 sa yo te pran tout mòn yo, tout plenn yo, fon Jouden an, tout pye mòn yo, dezè a ak zòn Negèv la. Se sou tè sa yo moun Et yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo te rete.
9Men #Joz 6.2; 8.29 wa yo te kraze yo: wa lavil Jeriko, wa lavil Ayi, toupre Betèl, 10wa #Joz 10.23 lavil Jerizalèm, wa lavil Ebwon, 11wa lavil Jamout, wa lavil Lakis, 12wa #Joz 10.23,33; Jij 1.29 lavil Eglon, wa lavil Gezè, 13wa #Joz 10.38,39 lavil Debi, wa lavil Gedè, 14wa lavil Oma, wa lavil Arad, 15wa #Joz 10.29 lavil Libna, wa lavil Adoulam, 16wa #Joz 10.28; Jij 1.22 lavil Makeda, wa lavil Betèl, 17wa lavil Tapwach, wa lavil Efè, 18wa lavil Afèk, wa lavil Sawon, 19wa #Joz 11.1 lavil Madòn, wa lavil Azò, 20wa lavil Chimwon, wa lavil Mewòm, wa lavil Akchaf, 21wa #Jij 1.27 lavil Tanak, wa lavil Megido, 22wa lavil Kadès, wa lavil Jokneyam nan zòn mòn Kamèl la, 23wa #Joz 11.2 lavil Dò sou zòn bò rivay lanmè a, wa Goyim yo nan peyi Galile, #12.23: Galile: Tèks ebre a bay Gilgal pito. 24wa lavil Tiza. Sa te fè antou tranteyen wa ki te peri.

Currently Selected:

Jozye 12: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in