YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 3

3
Jòb plenn sò l bay Bondye
1Bout pou bout, Jòb louvri bouch li, #Jer 20.14-18 li pran madichonnen jou l te fèt la. 2Li di konsa:
3— Se pou Bondye efase jou m te fèt la.
Se pou l efase jou lannwit m te konmanse devlope nan vant manman m lan.
4Fè jou sa a tounen fènwa, Bondye!
Kote ou chita anwo a, pa janm chonje jou sa a ankò.
Pa janm kite limyè solèy klere l.
5Se #Jòb 10.21,22; Sòm 23.4; Eza 9.2; Lik 1.79 pou fènwa anvayi jou sa a.
Se pou nyaj kouvri l nèt.
Se pou lonbray lanmò bouche l nèt.
6Jou lannwit sa a, se pou fènwa pran l pou li nèt.
Se pou l disparèt nèt nan lanne a
pou yo pa janm konte l nan almanak ankò.
7Se pou jou lannwit sa a fè cheve nan tèt moun kanpe,
pou yo pa tande pèsonn ap ri!
8Se #Jòb 41.1 pou chòche yo bay jou lannwit sa a madichon,
yo menm ki konn ki jan pou yo eksite Levyatan #3.8: Levyatan: Se ka yon gwo kayiman, se ka yon gwo bèt lèd. Dapre kwayans moun yo nan tan sa a moun k'ap fè maji yo konn sèvi avè l pou bouche solèy la gwo lajounen. an!
9Pa #Jòb 41.18 kite gwo zetwal douvanjou a klere jou sa a.
Pa janm fè bajou kase pou li,
pou l pa janm wè solèy leve.
10Paske li pat enpoze m sòti nan vant manman m,
li pat egzante m tout soufrans sa yo.
11Poukisa #Jòb 10.18,19 mwen pat mouri depi nan vant manman m?
Poukisa mwen pat tou mouri nan pasay kite sa?
12Poukisa #Jen 30.3; 50.23 m' te jwenn yon manman pou pran m' sou jenou li?
Poukisa m'te jwenn yon manman pran m' nan bra l' ban m' tete?
13Si mwen te mouri mouri mwen, atòkonsa mwen pa ta nan tout lapenn sa yo.
Mwen ta kouche kouche mwen ap dòmi kèpoze,
14ansanm #Eza 58.12 ak wa yo ak gwo chèf yo,
ki fè bati gwo tonm #3.14: gwo tonm: Nou pa fin sèten se sa mo ebre a vle di, paske yo sèvi l tou pou mazi. pou yo nan mitan dezè.
15Mwen ta kouche ap dòmi ansanm ak chèf
ki te gen kay yo plen lò ak ajan.
16Mwen #Sòm 58.8; Ekl 6.3; 1 Kor 15.8 ta tankou timoun ki fèt anvan tèm,
Mwen ta tankou ti bebe ki fèt tou mouri.
17Kote #Jòb 17.16 yo ye anba tè a, mechan yo sispann bay kò yo mouvman.
Anba tè a, sa ki bouke travay ap poze kò yo.
18Anba #Egz 5.13,14 tè a, tout prizoye gen kèpoze.
Yo p'ap tande vwa majò prizon nan zòrèy yo.
19Anba tè a, se menm bagay pou grannèg kou malere.
Ata esklav pa gen mèt ankò!
20Poukisa, #1 Sam 1.10; 2 Wa 4.27; Jòb 10.1; Pwo 31.6 Bondye, ou kite moun ki nan mizè ap viv?
Poukisa ou bay moun ki nan gwo lapenn lavi?
21Y'ap #Pwo 2.4; Rev 9.6 tann lanmò konsa, men lanmò kouri pou yo!
Yo ta pito lanmò pase nenpòt pi gwo richès!
22Yo pa gen kè kontan toutotan yo pa mouri,
toutotan yo pa ale anba tè.
23Yo #Jòb 19.8; Eza 40.27 pa konn sa pou yo fè.
Bondye sènen yo kote yo pase.
24Mwen #Sòm 22.1; 38.8; 42.3; 80.5; 102.9 pa ka manje. Se plenn m'ap plenn.
M'ap soufri, dlo nan je m tankou larivyè k'ap koule.
25Sa mwen #Pwo 10.24 pè rive m' nan, se li ki rive m' vre.
Sa mwen pa ta vle a, se li ki tonbe sou mwen.
26Kè m pa poze. Tèt mwen pa la.
Mwen pa ka dòmi. Se sòti nan ka tonbe nan ka.

Currently Selected:

Jòb 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in