YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 13

13
1Wi, mwen wè tou sa ak de je m.
Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann.
2Sa #Jòb 15.9 nou konnen an, mwen konnen l tou.
M pa pi sòt pase nou.
3Men, #Jòb 13.15; 23.4 mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvou a m annafè.
Se avè l mwen vle pale pou m defann kòz mwen.
4Nou #Sòm 119.69 menm, kote nou pa konnen nou bay manti.
Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun.
5Pito #Pwo 17.28 nou pe bouch nou!
Lè sa a, n'a pase pou moun ki gen bon konprann.
6Koute sa mwen gen sou kè m.
Louvri zòrèy nou pou n tande jan m pral plede kòz mwen.
7Se defann nou vle defann Bondye
kifè n'ap bay tout manti sa yo,
kifè n'ap pale kwochi konsa?
8Se #Jij 6.31 pou li n'ap pran?
Se kòz li nou ranmase?
9Pou #Gal 6.7 li, li ta bon pou nou si li t'ap chache konnen sa nou gen nan fon kè nou!
Pa konprann nou ka woule Bondye tankou nou woule moun!
10Li ta regle nou byen regle,
paske li ta tou wè se figi l n'ap achte anba chal.
11Nou #Jòb 31.23 pa pè gwo pouvwa Bondye a?
Nou pa pè li kraze nou?
12Bèl pawòl nou yo pa gen plis valè pase pousyè tè.
Repons n'ap ban mwen yo pa kenbe, yo tankou miray sab.
13Kounyeya, pe bouch nou! Ban m yon chans pou m pale.
Sa ki pou rive a te mèt rive!
14Mwen #Jij 12.3 mèt mouri! #13.14: Mwen mèt mouri: dapre yon ansyen vèsyon, men tèks ebre a bay Poukisa pou m mouri a? Zafè!
M mare ren m, m sere dan m!
15Bondye #Jòb 13.3; 14.14; Pwo 14.32 te mèt touye m. Sèl chans mwen
se pou m esplike avè l.
16Nou pa janm konnen, se sa ki ka sove m,
paske moun ki fè mal pa ka parèt devan Bondye.
17Koute #Jòb 21.2 byen sa m pral di la a.
Louvri zòrèy nou pou n tande deklarasyon mwen.
18M pare #Jòb 23.4 pou m defann kòz mwen,
paske mwen konnen mwen nan dwa m.
19Bondye, #Eza 50.8 eske se ou ki pral plede avè m?
M tou pare pou m pe bouch mwen, pou m asepte lanmò m.
20De #Jen 3.8 sèl ti chans ase m'ap mande ou.
Apre sa, m p'ap kache pou ou ankò.
21Sispann #Jòb 9.34 leve men ou sou mwen.
Sispann fè m pè tout pè sa a.
22Ou #Jòb 14.15 mèt pale anvan, m'a reponn ou.
Osinon, kite m pale anvan, w'a reponn mwen.
23Konbe peche, konbe bagay mal mwen fè?
Kisa m fè mwen pat dwe fè? Kisa m fè ki mal?
24Poukisa #Det 31.17; Jòb 19.11; 33.10; Sòm 13.1; 44.24; 88.14 w'ap kache pou mwen konsa?
Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye?
25Poukisa w'ap chache fè m pè?
Poukisa ou leve dèyè m konsa?
M tou fini, m tankou fèy bwa,
tankou pay chèch van ap pote ale.
26W'ap #Sòm 25.7 akize m yon bann bagay k'ap fè m mal.
W'ap fè m peye tou sa m te fè lè m te jenn gason.
27Ou #Jòb 10.14; 33.11 mete pye m nan sèp.
Ou veye tout vire tounen m.
Ou gade tout kote m'ap mete pye m.
28M'ap dekale tankou bwa pouri,
tankou rad sizo ap manje.

Currently Selected:

Jòb 13: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy