YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 1

1
Satan mande sonde Jòb
1Te gen yon nonm yo rele Jòb. Li te rete #Jen 6.9; 17.1; Jòb 28.28; Sòm 34.14; Eze 14.14,20; Jak 5.11 nan peyi Ouz. #1.1: Ouz: Pèsonn pa konnen ojis kote peyi sa a ye. Se te yon nonm san repwòch. Li te dwa nan sa l'ap fè. Li te gen krentif pou Bondye. Li te toujou ap chache fè sa ki byen. 2Li #Jòb 42.13 te gen sèt pitit gason ak twa pitit fi. 3Li #Jij 6.3 te gen sètmil (7.000) mouton, twamil (3.000) chamo, mil (1.000) tèt bèf, senksan (500) fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a.
4Pitit gason Jòb yo te konn reyini yonn lakay lòt pou fè gwo resèpsyon. Konsa, yo chak te gen jou pa yo. Yo te toujou envite twa sè yo vin manje, vin bwè ansanm ak yo tou. 5Chak #1 Sam 16.5; Jòb 2.5; 42.8 lè yo fin fete konsa, Jòb fè yo tout vini lakay li. Nan maten, anvan bajou kase, li leve, li boule ofrann bay Bondye pou mande padon pou yo chak. Li te toujou fè sa, paske li t'ap di nan kè l: Ou pa janm konnen. Pitit gason m yo ka fè peche, yo ka di sa yo pat dwe di sou Bondye, san yo pa fè espre.
6Yon #1 Wa 22.19; 1 Kwo 21.1; Jòb 2.1; 38.7; Sòm 89.6; Zak 3.1; Rev 12.9,10 jou, zanj Bondye yo te reyini ak Senyè a. Satan #1.6: Satan: Nan lang ebre a non sa a vle di moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, osinon k'ap pote plent pou moun devan Bondye. te vini tou. 7Senyè a #1 Pyè 5.8 mande l konsa:
— Kote ou sòti?
Satan reponn:
— M sot moute desann toupatou sou latè. Mwen t'ap pwonmennen gade!
8Senyè a #Nonb 12.7; 2 Sam 7.5; Eza 20.3 di Satan konsa:
— Eske ou te wè Jòb, sèvitè m lan? Pa gen tankou l sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen.
9Satan reponn li:
— Atò, se pou gremesi Jòb gen krentif pou ou konsa a? 10Ou #Sòm 34.7; 128.1,2 toujou pwoteje l, li menm, moun lakay li ansanm ak tou sa li genyen. Ou beni tou sa l'ap fè. Bèt li yo plen peyi a. 11Men, #Jòb 19.21; Eza 53.4 kite ou manyen byen li yo pou ou wè, m garanti ou, l'ap di sa l pat dwe di sou ou nan figi ou!
12Senyè a di Satan:
— Bon! Ou mèt fè sa ou vle ak byen l yo. Men, m tou pale ou, li menm, pa manyen l!
Se konsa Satan vire do l, l ale.
Kalamite tonbe sou Jòb
13Yon jou, pitit gason ak pitit fi Jòb yo te nan gwo resèpsyon kay pi gran frè a. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven. 14Yon mesaje kouri vin jwenn Jòb, li di l konsa:
— Nou t'ap raboure tè ak bèf yo, fenmèl bourik yo t'ap manje toupre, 15#1 Wa 10.1; Jòb 6.19 yon bann moun Seba #1.15: moun Seba: Yon ras moun ki toujou ap pwonmennen nan dezè bò sid la kote yo òganize yo pou piye moun. tonbe sou nou, yo pran tout bèt yo, yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.
16Mesye #Jen 19.24; 2 Wa 1.12; Sòm 11.6 pat ankò fin pale lè yon lòt moun kouri vini. Li di konsa:
— Loray tonbe sou mouton yo, li boule ni bèt yo ni gadò yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin fè ou konn sa.
17Mesye #2 Wa 24.2 pat ankò fin pale lè yon lòt moun rive, li di konsa:
— Twa bann moun Kalde #1.17: moun Kalde: Yon ras moun ki toujou ap pwonmennen nan dezè bò nò a kote yo òganize yo pou piye moun. tonbe sou chamo ou yo, yo pran yo, y'ale ak yo. Yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.
18Mesye #Jòb 1.4 t'ap pale toujou lè yon lòt moun vin rive, li di konsa:
— Pitit gason ak pitit fi ou yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven lakay premye pitit gason ou lan, 19#Eza 21.1; Jer 4.11; Oze 13.15 yon sèl gwo van leve soti nan dezè a. Li kraze kay la touye tout moun. Se renk mwen menm ase ki chape vin pote nouvèl la.
20#Jen 37.29; Esd 9.3; Eza 22.12; 1 Pyè 5.6 Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l, li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l atè, li bese tèt li. 21Epi #Sòm 49.17; 90.3; Ekl 5.15,19; Da 2.20; Ef 5.20; 1 Tes 5.18; 1 Tim 6.7; Jak 1.17 Jòb di:
— San anyen, mwen soti nan vant manman mwen.
M'ap tounen anba tè san anyen.
Bondye bay, Bondye pran.
Lwanj pou Bondye!
22Malgre #Jòb 2.10 tout malè sa yo ki te rive l, Jòb pat fè okenn peche, ni li pa janm di sa li pat dwe di sou Bondye.

Currently Selected:

Jòb 1: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in