YouVersion Logo
Search Icon

Jan 6:35-40

Jan 6:35-40 HAT98

Jezi di yo: — Se mwen menm, pen ki bay lavi a. Moun ki vi jwenn mwen p'ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf. Men, mwen te di nou sa: nou wè m, men nou pa kwè toujou. Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò. Paske, se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m lan. Men sa moun ki voye m lan vle: li vle pou m pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Men sa Papa m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

Video for Jan 6:35-40