YouVersion Logo
Search Icon

Jan 19

19
1Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi pou yo bat li byen bat. 2Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li. 3Yo #Jan 18.22 pwoche bò kote l, yo di li:
— Bonjou, wa jwif yo.
Epi yo souflete li.
4Pilat sòti ankò, li pale ak foul moun yo, li di:
— Koute. Mwen pral mennen l isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m kondannen nonm sa a.
5Se konsa, Jezi sòti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo:
— Men nonm lan!
6Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l, yo konmanse rele:
— Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa!
Pilat di yo:
— Pran l, kloure l sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m kondannen l, mwen menm.
7Jwif #Jan 5.18; 10.33; Lev 24.16 yo reponn li:
— Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.
8Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou. 9Li antre nan palè a, li mande Jezi:
— Ki kote ou sòti?
Men, Jezi pa reponn li. 10Lè sa a, Pilat di li:
— Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m lage ou, mwen gen pouvwa pou m fè yo kloure ou sou yon kwa?
11Jezi #Jan 10.18; Tra 2.23 reponn li:
— Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pat Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m nan men ou lan, li pi koupab pase ou.
12Depi #Tra 17.7 lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l lage Jezi. Men, jwif yo konmanse rele:
— Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye.
13Lè Pilat tande koze sa a, li fè yo mennen Jezi deyò, li chita sou gwo chèz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l: Gabata). 14Se te lavèy Pak jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo:
— Men wa nou an!
15Men, #Jan 19.6 yo konmanse rele:
— Touye li! Touye li! Kloure l sou yon kwa!
Pilat di yo:
— Nou vle m kloure wa nou an sou yon kwa?
Chèf prèt yo reponn li:
— Nou pa gen lòt wa pase Seza.
16#Mat 27.31-50; Mak 15.20-37; Lik 23.26-46 sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y'al kloure l sou yon kwa.
Yo kloure Jezi sou kwa a
(Matye 27.32-44; Mak 15.21-32; Lik 23.26-43)
Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l ale. 17Jezi sòti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (an lang ebre, yo rele l: Gòlgota). 18Rive la, sòlda yo kloure l sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo.
19Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo. 20Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk. 21Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa:
— Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye.
22Pilat reponn yo:
— Sa m ekri a, m ekri l nèt.
23Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kwa a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès depi anwo jouk anba a. 24Sòlda #Sòm 22.18 yo, yonn di lòt:
— Nou p'ap chire rad sa a non. Annou fè tirajosò pou konnen pou ki moun l'ap ye.
Se konsa pawòl ki ekri nan liv la rive vre:
Yo separe rad mwen ant yo:
Yo fè tirajosò pou rad mwen an.
Se sa menm sòlda yo te fè.
25Bò kwa Jezi a te gen manman l ak sè manman l, Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a. 26Jezi #Jan 13.23 wè manman l ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l konsa:
— Madanm, men pitit ou.
27Li di disip la:
— Men manman ou.
Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.
Jezi mouri
(Matye 27.45-56; Mak 15.33-41; Lik 23.44-49)
28Jezi #Jan 13.3; 18.4; Sòm 22.15 te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di:
— Mwen swaf.
29Te #Sòm 69.21 gen yon veso plen vinèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan vinèg la, yo mare li nan yon pwent gòl izòp, yo pwoche li bò bouch Jezi. 30Lè Jezi fin pran vinèg la, li di:
— Tou sa ki pou te rive rive!
Apre sa, li bese tèt li, li mouri.
Yon sòlda pèse bò kòt Jezi
31Se #Det 21.23 te lavèy jou saba a. Jwif yo pa te vle pou kadav la rete sou kwa a jou saba a paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou li fè kraze janm moun ki kloure sou kwa yo pou fin touye yo. Epi pou li fè yo wete kadav yo. 32Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou. 33Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gentan mouri. Se sa k fè yo pat kraze janm li yo. 34Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a. 35Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè. 36Tou #Egz 12.46; Nonb 9.12; Sòm 34.20 sa pase konsa pou pawòl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sèl zo nan kò li. 37Gen #Zak 12.10; Rev 1.7 yon lòt pawòl yo te ekri ankò ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a.
Yo mete Jezi nan yon kavo
(Matye 27.57-61; Mak 15.42-47; Lik 23.50-56)
38Apre #Mat 27.57-61; Mak 15.42-47; Lik 23.50-55 sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l ale. 39Nikodèm, #Jan 3.2; Mat 2.11 nonm ki t'al jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant liv lwil lami melanje ak lalwa. 40Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l nan bann twal fen yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fè lè y'ap antere moun. 41Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pat ankò mete pèsonn ladan li. 42Se te lavèy saba jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sa ki fè, se la yo te mete kò Jezi.

Currently Selected:

Jan 19: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in