YouVersion Logo
Search Icon

Jan 15:2-6

Jan 15:2-6 HAT98

Li koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou. Nou menm, avèk tou sa m moutre nou yo, nou deja nan kondisyon pou n fè volonte Bondye. Se pou nou fè yonn ak mwen, menm jan mwen fè yonn ak nou an. Yon branch pa ka donnen poukont li si li pa fè yonn ak kò pye a. Konsa tou, nou p'ap kapab donnen si nou pa fè yonn ak mwen. Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m, moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen. Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l voye jete. L'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo.