YouVersion Logo
Search Icon

Jan 15:13-17

Jan 15:13-17 HAT98

Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo. Nou tout, se zanmi m nou ye depi nou fè sa m mande nou fè. Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen. Se pa nou ki chwazi m, se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n ale, pou n ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen. Wi, men sa m mande nou: Se pou nou yonn renmen lòt.

Video for Jan 15:13-17