YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 6

6
Malè pandye sou Jerizalèm
1Nou menm moun branch fanmi Benjamen #Jer 1.14 yo, kouri al kache!
Chape kò nou sòti lavil Jerizalèm.
Kònen twonpèt lavil Tekoa.
Limen yon dife lavil Bèt-Achirèm pou bay siyal la.
Yon gwo malè, yon malè sèk
k'ap sòti nan nò pandye sou tèt nou.
2Ou #2 Wa 19.21 menm lavil Jerizalèm, atout ou bèl la,
atout tout moun renmen ou lan, yo pral detwi ou.
3Wa #Jer 4.17 yo ap moute vin sènen lavil la ak lame yo.
Yo pral moute tant yo fè wonn li, chak moun bò pa yo.
4Yo #Jer 15.8 di tout moun Bondye bay lòd atake lavil Jerizalèm:
Leve non! Ann al atake l gwo midi.
Men, apre sa yo di: Gade malè ki rive nou non!
Solèy gentan ap kouche. Konmanse fènwa.
5Leve non! Ann al atake l gwo lannwit.
Nou pral detwi tout gwo bèl kay li yo.
6Men #Det 20.20; 2 Wa 19.32; Eze 26.8; Lik 19.44 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di wa yo:
— Koupe bwa, bwote tè,
fè gwo bit nan pye miray lavil Jerizalèm.
M'ap regle lavil la,
paske nan tout lavil la se gwo k'ap peze piti.
7Menm #Sòm 55.9; Eze 7.11,23 jan dlo dous toujou ap souse nan yon pi,
se konsa nan lavil la mechanste ap souse toupatou:
Se britalite ak piyay mwen tande y'ap fè.
Se moun k'ap soufri, moun ki anba kou ase mwen wè devan je m.
8Aa! #Eze 23.18 Jerizalèm, se pou sa sèvi ou leson,
si ou pa vle m lage ou,
si ou pa vle mwen fè ou tounen yon dezè,
yon kote pèsonn pa rete.
Izrayèl pa vle koute Senyè a
9Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di m ankò:
— Yo pral ranmase dènye moun ki rete nan peyi Izrayèl la,
menm jan yo ranmase dènye grap rezen lè rekòt fini.
Y'ap pase men pran yo tout,
tankou moun k'ap pase men nan branch rezen pou rekòlte rezen.
10Mwen #Eza 28.9; Jer 7.26; Tra 7.51 di:
— Ki moun ki pral koute m
lè m'a pale, lè m'a bay avètisman sa yo?
Zòrèy yo bouche. Yo refize tande sa m'ap di.
Yo pran pawòl Bondye a pou yon jouman.
Yo pa vle tande.
11Kòlè #Jer 9.21; 20.9; Lam 2.21 Senyè a ap bouyi nan kè m tou,
m pa ka kenbe ankò.
Lè sa a, Senyè a di m:
— Al pase kòlè m sou timoun ki nan lari yo,
sou gwoup jenn gason ki reyini yo.
Y'ap pase men pran tout moun, fanm kou gason.
Ata vye granmoun ki fin viv yo p'ap chape.
12Y'ap #Jer 8.10-12 pran kay yo ansanm ak jaden yo ak madanm yo bay lòt moun.
Mwen pral pini moun ki rete nan peyi a.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
13Yo #Eza 56.11; Jer 5.31; 31.34; Jo 3.5; Mi 3.11 tout, gran kou piti,
ap fè akrèk dèyè lajan.
Ni prèt yo ni pwofèt yo,
yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.
14Yo #Eza 48.22; Jer 14.13; 23.17; Eze 13.10; Mi 3.5 pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen.
Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje.
Epi manti! Anyen p'ap mache.
15Ou #Jer 3.3; 8.12 kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo!
Non, yo pa wont menm.
Yo pa konn sa ki rele wont.
Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a.
Lè m'a regle ak yo, se va bout yo.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Izrayèl refize fè volonte Bondye
16Men #Eza 8.20; Jer 18.15; Mat 11.29; Lik 16.29 sa Senyè a di ankò:
— Rete non sou kous nou! Gade byen!
Mande kote ansyen chemen yo te pase.
Mande kote bon wout la ye.
Pran l. Lè sa a n'a viv ak kè poze.
Men yo di: Non, nou p'ap fè sa!
17Apre #Eza 58.1; Jer 4.19; 44.16 sa, Senyè a chwazi faksyonè pou veye pou yo, pou di yo:
Atansyon, tande jan y'ap kònen twonpèt la pou avèti nou.
Men, yo di: Non, nou p'ap tande.
18Se poutèt sa, Senyè a di ankò:
— Nou menm, moun lòt nasyon yo, koute!
Nou menm ki sanble la a, vin tande sa ki pral rive pèp mwen an.
19Ou #Pwo 1.31 menm latè, koute.
Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a.
Se yo ki chache l ak vye lide yo gen nan tèt yo.
Yo pa vle koute sa m'ap di yo,
yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.
20Ki #Sòm 40.6; Eza 1.11; Am 5.21 mele m ak lansan y'al chache nan peyi Saba,
ak plant santi bon ki sòti nan peyi byen lwen!
Zannimo n'ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m plezi menm.
Bèt n'ap touye pou mwen yo pa di m anyen.
21Se #Eze 3.20 poutèt sa, men sa m'ap di nou:
M'ap mete antrav sou chemen nou. N'ap bite.
Papa pral mouri ansanm ak pitit gason yo.
Tout zanmi yo, tout vwazinay yo pral mouri tou.
Lènmi pral anvayi peyi a
22 # 6.22: Tèks ebre a bay yon mo an plis ki vle di yon fò. Men #Jer 25.32; 50.41-43 sa Senyè a di ankò:
— Moun ap sòti nan yon peyi bò nan nò.
Yon gwo pèp byen lwen ap pare pou fè lagè.
23Yo pran banza yo ak frenn yo.
Yo mechan anpil. Se yon bann san manman.
Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l move.
Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè
kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.
24Moun #Eza 13.8; Jer 38.4; Eze 7.17; 21.7 lavil Jerizalèm yo ap di:
— Nou pran nouvèl la. De bra nou kase, kè nou sere.
N'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche.
25Piga #Jòb 18.11; Sòm 31.13; Jer 20.3; Lam 2.22 pèsonn sòti al nan jaden.
Piga pèsonn al mache sou granchemen yo,
paske lènmi nou yo gen zam nan men yo.
Kote moun pase yo pè.
26Senyè a #Jer 4.8; 25.34; Lam 3.16; Am 8.10; Zak 12.10 pale ak pèp li a, li di l:
— Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife.
Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen.
Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou.
Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti.
27Ou #Jer 1.18; 9.7 menm Jeremi, mwen mete ou la pou sonde pèp mwen an,
pou veye sa pèp la ap fè, pou ou wè sa li vo.
28Se #Lev 19.16; Jer 9.4; Eze 22.18,20 yon bann move moun ki pa sòti pou yo chanje.
Y'ap mache pale moun mal. Tèt yo di tankou wòch ak fè.
Se yon bann lwijanboje.
29Y'ap #Eza 1.22 vante dife a byen fò nan fòj la.
Dife a fè tout plon yo disparèt.
Men, pou pèp mwen an, ou te mèt fonn yo sou fonn,
kras yo p'ap sòti, move grenn yo p'ap disparèt.
30Yo rele yo vye lajan san valè,
paske mwen menm Senyè a, mwen voye yo jete.

Currently Selected:

Jeremi 6: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in