YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 31

31
Izrayèl tounen lakay li
1Senyè a di ankò:
— Lè #2 Kor 6.18 sa a, m'ap Bondye tout branch fanmi pèp Izrayèl la.
Yo tout y'ap vin pèp pa mwen.
2Nan #Eza 63.14 dezè a mwen te aji ak bon kè
ak moun ki te chape anba lanmò nan lagè.
Moun Izrayèl yo pral resi viv ak kè poze.
3Byen #Det 7.8; Oze 11.4; Mal 1.2; Wòm 11.28 lwen, Senyè a te fè m wè li. Li t'ap di: #31.3: Senyè a te fè m wè li. Li t'ap di: Osinon Mwen fè yo wè m. Mwen t'ap di.
Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou.
Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou.
4Bèl #Egz 15.20; 2 Sam 6.14; Eza 61.10; Jer 33.7 pèp Izrayèl mwen sa a, m'ap rebati peyi nou an.
Peyi nou an va kanpe ankò.
Nou pral dekwoke tanbouren nou yo ankò.
Nou pral danse ak kè kontan.
5Nou #Eza 65.21; Am 9.14 pral plante rezen sou tout mòn Samari yo.
Moun ki va plante se yo ki va rekòlte.
6Wi, #Eza 2.3; 27.13 lè sa a moun k'ap veye yo
va rete sou mòn Efrayim yo, y'a rele byen fò:
Annou wè! Ann moute mòn Siyon,
bò kote Senyè a, Bondye nou an.
7Senyè a #Sòm 118.25; Eza 12.6; 65.18 di ankò:
— Chante ak kè kontan pou pèp Izrayèl la!
Pi gwo nasyon pase l nanpwen.
Fè yo tande jan n'ap chante pou Bondye.
Senyè a delivre pèp li a.
Li delivre sa ki te rete nan pèp Izrayèl la.
8Wi, #Jer 3.18; 6.22 se mwen menm, Senyè a, k'ap mennen yo sot nan nò.
M'ap ranmase yo nan dènye bout latè.
Sa ki avèg, sa k'ap bwete,
fanm ki ansent, fanm ki gen tranche,
yo tout ap vin ansanm.
Se yon foul moun k'ap tounen.
9Sou #Egz 4.22; Eza 43.19; 49.10,11; Jer 3.21; 50.4; Zak 12.10; Wòm 8.15 tout wout la, y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo,
antan m'ap mennen yo retounen.
M'ap fè yo pran yon wout plat
kote yo p'ap bite
jouk yo rive bò sous dlo yo.
Wi, mwen tankou yon papa pou Izrayèl,
Efrayim sa a se premye pitit gason mwen an.
10Senyè a #Eza 40.11; Jer 23.3 di ankò:
— Nou menm lòt nasyon yo, koute sa m'ap di:
Mache fè konnen l nan tout zile ki byen lwen yo.
Di yo: Senyè a te gaye tout pèp Izrayèl la.
Se li menm ki pral sanble yo ankò.
Mwen pral okipe yo, tankou gadò k'ap okipe mouton l.
11Mwen #Eza 43.1; 49.24,25 libere moun fanmi Jakòb yo.
Mwen delivre yo anba men yon nasyon ki te pi fò pase yo.
12Y'ap #Det 12.17; Eza 2.2; 35.10; 58.11; Oze 3.5 vini sou mòn Siyon an, y'ap chante tèlman y'ap kontan.
Y'a kontan anpil pou tou sa Senyè a pral ba yo.
L'ap ba yo ble, diven, lwil fre, mouton, kabrit, bèf.
Y'ap tankou yon jaden byen wouze.
Y'ap gen tou sa yo bezwen.
13Jennfi #Jan 16.20 yo va danse tèlman y'a kontan.
Jennjan ansanm ak granmoun gason yo va kontan tou.
M'ap wete lapenn nan kè yo, m'ap fè yo kontan.
M'ap fè yo pran kouray.
Nan mitan chagren yo, m'ap fè yo kontan.
14M'ap #Sòm 36.8 fè prèt yo manje vyann gra kont kò yo.
Pèp mwen an va jwenn tou sa yo bezwen nan tout bon bagay m'a ba yo.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Senyè a gen pitye pou Izrayèl
15Men #Mat 2.18 sa Senyè a di ankò:
— Yo tande yon sèl rèl nan Rama.
Yo tande kriye ak gwo anmwe.
Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo.
Li pa vle kite pèsonn konsole l
paske pitit li yo mouri.
16Men #Esd 1.5; Oze 1.11 sa Senyè a di ankò:
— Sispann rèl ou yo, Rachèl.
Siye dlo nan je ou.
Sa ou te fè pou pitit ou yo p'ap pèdi.
Y'ap tounen sòti nan peyi lènmi yo.
17Gen #Jer 29.11 bèl espwa pou ou denmen.
Pitit ou yo pral tounen nan peyi yo.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
18Mwen #Lam 5.21 tande moun Izrayèl yo ap plenn.
Y'ap di konsa:
— Senyè, nou te tankou yon ti towo mawon.
Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou.
Fè nou tounen vin jwenn ou,
paske ou se Senyè a, Bondye nou an.
19Nou #Det 30.2; Jer 3.25; Eze 21.12 te vire do ba ou,
men, kounyeya nou vle tounen vin jwenn ou.
Sa te fè nou lapenn, nou rekonèt sa nou te fè a mal.
Nou te wont, nou te bese tèt nou atè,
paske nou te peche nan tan jennès nou.
20Izrayèl, #Kan 5.4; Eza 16.11 nou se pitit gason mwen pi renmen an,
pitit mwen pi pito a.
Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m pini nou,
mwen chonje jan mwen renmen nou.
Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m'a gen pitye pou nou.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
21Mete #Eza 57.14; Jer 50.4,5 mak sou tout wout la,
plante jalon sou tout chemen an.
Jwenn chemen ou te pran lè ou taprale a.
Tounen non, nou menm moun pèp Izrayèl yo,
tounen lakay nou nan lavil ki pou nou yo.
22 # 31.22: Dènye fraz nan vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Kilè #Jer 2.18,23,26; 49.4 n'a sispann drive deyò, bann wòklò!
Mwen fè yon bagay tou nèf nan peyi a:
Kounyeya se fanm k'ap linyen gason.
Pèp Bondye a pral kanpe ankò
23Senyè #Sòm 122.6,7; Eza 1.26; Jer 30.3; 50.7; Zak 8.3 ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò:
— Lè m'a fè pèp mwen an tounen lakay li, men sa yo pral mache di ankò nan tout peyi Jida ak nan tout lavil li yo: Se pou Senyè a beni mòn ki apa pou li a, #31.23: mòn ki apa pou li a: Se mòn Siyon nan lavil Jerizalèm kote yo bati tanp lan ak kay wa a. mòn kote Bondye k'ap delivre a rete a.
24Se #Jer 33.12 sou mòn sa a moun peyi Jida yo ansanm ak moun tout lavil yo pral rete. Se la moun k'ap travay latè yo ansanm ak moun k'ap gade mouton yo pral rete tou. 25Mwen #Sòm 36.8 pral bay tout moun ki bouke yo kouray. Mwen pral plen vant tout moun k'ap mouri grangou yo. 26Lè sa a, pèp la va di: Mal dòmi. Lè m leve, mwen wè dòmi an te bon pou mwen. 27Talè #Eze 36.11 konsa mwen pral simen moun ak bèt nan tout peyi Izrayèl la ak nan tout peyi Jida a. Se mwen menm Senyè a ki di sa. 28Menm #Jer 1.10; 24.6; 32.42; 44.27 jan mwen te pran san m pou m te derasinen yo, lage yo atè, demoli yo, detwi yo, fè malè sou yo, se konsa tou mwen pral pran san m pou m rebati yo, pou m replante yo. Se Senyè a menm ki di sa. 29#Lam 5.7; Eze 18.2-4 sa a, pèsonn p'ap di ankò:
Papa ak manman te manje rezen vèt,
se dan timoun yo ki gasi.
30Moun ki manje rezen vèt la, se li menm ki va gen dan gasi. Chak moun va mouri pou sa li fè ki mal.
31Senyè a #Eb 8.8-12 di #Lik 22.20; 2 Kor 3.6 ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. 32Se #Det 1.31; Jer 3.14 p'ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m te pran men yo pou m te fè yo sòti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pat kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Senyè a ki di sa! 33Men #Sòm 37.31; Jer 32.40; Eze 37.26; Oze 2.23; Zak 8.8; 2 Kor 3.3; Eb 10.16 kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Senyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen. 34Pèsonn #Eza 43.25; 54.13; Jer 33.8; 50.20; Mi 7.18; Tra 10.43; Wòm 11.27; Eb 10.17 p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Senyè a, paske yo tout ap konnen m, depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Senyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
35Senyè a #Jer 10.16 mete solèy la pou l klere lajounen.
Li bay lalin ak zetwal yo lòd pou yo klere lannwit.
Li eksite lanmè a, li fè l move.
Se li menm ki Senyè ki gen tout pouvwa a:
Se konsa yo rele l.
36Toutotan #Sòm 148.6; Eza 54.9,10; Jer 33.24-26 prensip sa yo va kenbe,
se toutotan pèp Izrayèl la va yon nasyon devan mwen.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
37Si #Wòm 11.1 yon jou yo ka rive mezire wotè syèl la,
si yo ka rive konnen fondasyon latè a,
konsa tou, yon jou mwen ka rive voye tout pèp Izrayèl la jete poutèt tou sa yo fè ki mal.
Se Senyè a menm ki di sa.
38Men #Zak 4.10 sa Senyè a di ankò:
— Pa rete lontan ankò, yo pral rebati tout lavil Jerizalèm pou Senyè a, depi gwo fò Ananyèl la jouk Pòtay Kwen an. 39Limit #Eze 40.3; Zak 1.16; 2.1,2; Rev 11.1 lavil la va konmanse la, la pran direksyon ti mòn Garèb la sou bò lwès, la vire bò Goa. 40Y'a #Eza 52.1; Jer 7.31,32 pran tout fon ki sèvi pou antere kadav ak pou boule fatra a, tout tè ki sòti depi bò ravin Sedwon an rive nan kwen Pòtay Chwal yo sou bò lès, y'a mete yo apa pou mwen. Yo p'ap janm kraze, ni yo p'ap janm demoli yo ankò.

Currently Selected:

Jeremi 31: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in