YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 31:33-34

Jeremi 31:33-34 HAT98

Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Senyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen. Pèsonn p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Senyè a, paske yo tout ap konnen m, depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Senyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.