YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 20

20
Jeremi nan kont ak Pachou
1Pachou, pitit gason Imè a, te tande Jeremi #Esd 2.37,38 t'ap di tout bagay sa yo. Pachou te yon prèt ki te chèf reskonsab Tanp Senyè a. 2Li #2 Kwo 16.10; Jer 29.26; Tra 16.24 fè yo bat Jeremi, lèfini li mete l nan sèp ki te bò gwo Pòtay Benjamen an nan Tanp Senyè a. 3Nan denmen maten, Pachou fè wete Jeremi nan sèp la. Lè sa a, Jeremi di li konsa:
— Senyè a chanje non ou. Ou pa rele Pachou ankò. Li menm li rele ou Latèrè. 4Se #Jer 6.25 Senyè a menm ki di sa: Mwen pral fè ou tounen yon malè pou ou menm ak pou tout zanmi ou yo. Ou pral wè yo mouri anba nepe lènmi yo. Mwen pral lage tout moun peyi Jida yo nan men wa lavil Babilòn lan. L'ap pran yon pati ladan yo, l'ap fè yo prizonye, l'ap depòte yo lavil Babilòn, l'ap touye lòt yo. 5M'ap #2 Wa 20.17; 24.13; 25.13-17 fè lènmi yo piye tout richès ki nan lavil la, tou sa moun yo travay fè, tout bèl bagay koute chè yo sere, ata trezò wa Jida yo. M'ap lage tou sa nan men lènmi yo. Yo pral piye yo, y'ap pran tou sa yo genyen pote ale lavil Babilòn. 6Ou #Jer 14.14 menm menm, Pachou, y'ap fè ou prizonye ansanm ak tout moun lakay ou yo, y'ap depòte nou lavil Babilòn. Se la w'a mouri, se la y'a antere ou ansanm ak tout zanmi ou yo ki t'ap koute mesay manti ou t'ap bay yo.
Jeremi ap plenn sò l bay Senyè a
7Senyè, #Sòm 119.51; Lam 3.14 ou pran tèt mwen,
wi, mwen kite ou pran tèt mwen.
Ou pi fò pase m.
Se ou ki genyen.
Tout lajounen moun ap ri m.
Yo tout ap pase m nan rizib.
8Chak #Sòm 79.4; Jer 6.7,10 fwa pou m pale se rele pou m rele.
M'ap di byen fò: Men y'ap kraze brize! Men y'ap piye!
Paske lè m'ap fè konnen mesay ou,
y'ap fè m wont, y'ap pase m nan betiz.
9Men, #Jòb 32.18,19; Sòm 39.3; Jer 6.11 lè m di: Mwen p'ap nonmen non Senyè a,
mwen p'ap pale nan non l ankò,
mesay ou yo te tankou yon dife nan zo m
k'ap boule tout anndan m.
Mwen fè sa m kapab pou enpoze l sòti.
Malgre sa, li sòti sòti l.
10Mwen #Sòm 31.13; 35.15; 41.9; 56.6; Jer 9.4 tande tout moun ap blame mwen.
Mwen soti pè jan y'ap pale!!
Y'ap di: Bon! Annou denonse li bay otorite yo!
Ata pi bon zanmi m' yo ap tann konsa pou mwen fè yon fopa.
Y'ap di: nou ka pran pawòl nan bouch li pou nou antrave li.
Lè sa a, n'a met men sou,
n'a tire revanj nou.
11Men, #Jer 1.8,19; 17.18; 23.40 Senyè a kanpe la avè mwen.
Se yon vanyan gason li ye, li gen pouvwa.
Se poutèt sa se moun k'ap pèsekite m yo ki pral bite.
Se yo ki pral anba.
Yo pral wont anpil paske sa p'ap mache pou yo.
Se va yon wont pèsonn p'ap janm bliye.
12Senyè #Jer 11.20 ki gen tout pouvwa a sonde tout moun san patipri.
Li konnen sa ki nan kè yo ak sa ki nan tèt yo.
Se pou m wè ou tire revanj ou sou yo,
paske se nan men ou menm mwen renmèt kòz mwen.
13Chante #Sòm 35.9,10; 109.30,31 pou Senyè a. Fè lwanj li!
Li rache pòv malere yo anba men mechan yo.
14Madichon #Jòb 3.3; Jer 15.10 pou jou mwen te fèt la!
Okenn benediksyon pou jou manman m te fè m lan!
15Madichon pou moun ki te al fè papa m konnen li gen yon pitit gason
epi ki te fè kè l kontan lè sa a!
16Se #Jen 19.24,25; Jer 18.22 pou nonm sa a tankou moun lavil Senyè a
detwi pou tout tan an yo.
Nan maten, se pou l tande rèl moun ki nan lapenn.
Vè midi, l'a tande siyal lagè,
17paske #Jòb 3.10,11,20; Lam 3.1,2 li pat touye m anvan m te fèt la,
pou vant manman m te tou sèvi m kavo:
li ta rete ansent mwen pou tout tan.
18Poukisa m te fèt atò?
Pou m te ka nan lapenn, nan lafliksyon,
pou m te ka mouri nan lawont?

Currently Selected:

Jeremi 20: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in