YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 2

2
Izrayèl bay Bondye do
1Senyè a pale avè m, li di m konsa:
2— Ale #Det 2.7; Eze 16.8,43,60; Rev 2.4 non. Men mesay ou pral bay
nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm.
Men sa Senyè a di:
Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan,
jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn,
jan ou te renmen m lè nou te fenk marye.
Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse.
3#Egz 28.36; Jer 12.14; Jak 1.18 sa a, moun Izrayèl yo te yon pèp ki t'ap viv apa pou mwen ase,
tankou premye rekòt jaden yo mete apa pou mwen.
Malè te tonbe sou tout moun ki te manyen yo
paske se avè m yo te annafè.
Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.
4Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, nou menm tout moun branch fanmi pèp Izrayèl la, koute mesay Senyè a! 5Men #2 Wa 17.15; Eza 5.4; Jer 18.15; Mi 6.3 sa Senyè a voye di nou:
— Kisa mwen te fè zansèt nou yo ki mal
kifè yo te vire do ban mwen?
Yo pran mache dèyè yon bann zidòl ki pa vo anyen.
Yo menm tou, yo vin pa vo anyen.
6Yo #Det 8.15; 32.10; Eza 63.11-13 pa chonje reve mande kote Senyè a,
li menm ki te fè nou moute sòti nan peyi Lejip la,
li menm ki te louvri chemen pou nou nan dezè a,
nan yon peyi tè sèk, plen twou,
yon peyi san dlo, plen danje,
kote moun pa rete,
kote moun pa menm pase.
7Mwen #Lev 18.24,25; Det 8.7-10; Sòm 106.38 fè nou antre nan yon peyi kote ki gen bèl jaden pou nou te ka manje tout bon rekòt ak tout lòt bon bagay li yo.
Men, lè nou rive ladan l, nou pa respekte peyi a.
Nou fè peyi mwen te ban nou an tounen yon peyi ki ban m degoutans.
8Prèt #Jer 5.5,31; 23.13; Mal 2.7; Wòm 2.20 yo pa janm mande kote Senyè a?
Yo menm mwen te fè konnen lòd mwen yo, yo pa konnen m ankò.
Chèf yo trayi m. Pwofèt yo pale nan non Baal.
Y'ap kouri dèyè zidòl ki pa ka fè anyen pou yo.
Senyè a ap denonse peche Izrayèl
9Se #Eze 17.20 konsa, mwen menm Senyè a, mwen pral plede ak nou ankò.
Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.
Mwen pral plede ak pitit pitit nou yo.
10Ale bò solèy kouche, rive jouk sou zile Chip.
Voye moun nan peyi Keda, bò solèy leve.
N'a wè sa k'ap pase isit la pa janm rive lòt kote anvan sa.
11Lòt #Sòm 106.20; Eza 37.19; Jer 16.20; Gal 4.8 nasyon yo pa janm chanje bondye yo,
malgre yo pa bondye tout bon vre.
Men, pèp mwen an pito zidòl ki pa ka fè anyen pou yo
pase mwen menm, Bondye ki te fè bèl bagay pou yo a.
12Se #Eza 1.2 pou syèl la pantan lè li tande sa!
Se pou l tranble.
Se pou l rete sezi!
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
13Paske #Sòm 36.9; Jer 17.13; Jan 4.10 pèp mwen an fè yon doub peche:
Yon bò, yo vire do ban mwen, mwen menm ki bon sous dlo fre a.
Yon lòt bò, y'al fè rezèvwa pou dlo,
epi yon rezèvwa koule, li pa menm ka kenbe tak dlo.
14Se #Egz 4.22 pa esklav moun pèp Izrayèl yo ye.
Ni yo pa fèt nan esklavaj.
Poukisa atò lènmi ap bwote yo ale konsa?
15Y'ap #Eza 5.29; Jer 4.7 gwonde sou li tankou lyon, y'ap rele byen fò.
Yo fè peyi a tounen yon savann.
Yo mete dife nan tout lavil li yo.
Pa rete yon moun ladan yo.
16Ata #Eza 19.13; Jer 43.7-9; 44.1 moun Menmfis yo ak moun Tapanès yo
ap kale tèt yo.
17Se #Jer 4.18 nou menm ki chache sa,
paske nou vire do bay Senyè a, Bondye nou an,
antan li t'ap moutre nou chemen pou nou pran an.
18Kounyeya, kisa #Eza 8.7; 23.3; 30.1,2; Jer 2.36; Oze 7.11 nou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lejip
pou n'al bwè dlo nan larivyè Nil?
Kisa ou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lasiri
pou n'al bwè dlo nan larivyè Lefrat?
19Se #Eza 3.9; Jer 3.22; 5.6; 14.7; Oze 5.5 mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou!
Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou!
Se pou nou konnen jan sa pa dous,
jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen,
Senyè a, Bondye nou an,
pou nou sispann gen krentif pou mwen.
Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Izrayèl refize sèvi Senyè a
20Izrayèl, #Eza 1.21; 57.5; Jer 3.2; 17.2; 30.8 gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m ankò!
W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Senyè a.
Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa
ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.
21Mwen #Sòm 80.8; Eza 5.2 te plante ou pou yon pye rezen bon kalite,
ki soti nan bon bouti.
Men koulyeya, gade jan ou chanje:
Ou tounen yon vye pye rezen mawon,
Mwen pa konn kote ou soti.
22Ou #Jòb 9.30; Jer 17.1 te mèt lave kò ou ak gwo savon,
ou te mèt fwote kò ou ak potas,
m'ap toujou wè kras malpwòpte ou yo sou ou.
Se mwen menm Senyè a, Bondye a, ki di sa.
23Ki #Jer 7.31,32 jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen,
ou pa janm kouri dèyè Baal yo?
Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! #2.23: nan fon an: Se ka fon Inon an toupre lavil Jerizalèm kote yo konn touye moun ofri bay Molòk.
Rekonèt sa ou fè a non!
Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa,
w'ap kouri adwat agòch.
24Ou #Jer 14.6 te tankou yon fenmèl bourik mawon lage nan savann.
Lè li anchalè, l'ap pran sant van an.
Lè li bezwen kwaze, ki moun ki ka kenbe li?
Mal yo pa bezwen bat kò yo pou yo jwenn li.
Depi se mwa li, y'ap jwenn li.
25Izrayèl, #Det 29.5; Jer 3.13 manyè sispann! W'ap plede fatige janm ou yo!
Gòj ou ap fin chèch!
Men w'ap di: Non! M paka fè anyen pou sa!
Mwen renmen bondye lòt nasyon yo.
Fòk mal dèyè yo.
Izrayèl merite pini
26Menm #Jer 32.32 jan yon vòlè wont lè yo bare l,
se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont,
ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo!
27Yo #Jij 10.9,10; Eza 26.16 rele pyebwa yo papa!
Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'!
Wi, yo pito vire ban m' do,
pase pou yo tounen vin jwenn mwen.
Men depi yo nan traka, y'ap rele:
— Senyè, leve non! Vin delivre nou!
28Men, #Det 32.37,38; Eza 45.20; Jer 11.13 nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo?
Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab!
Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo!
29Poukisa n'ap plede avè m #2.29: n'ap plede avè m: Osinon n'ap plenyen nan zòrèy mwen. konsa?
Nou tout nou kenbe tèt avè m.
Se mwen menm, Senyè a, ki di sa!
30Mwen #Jer 5.3; 1 Tes 2.15 te pini pitit nou yo,
men sa pat sèvi anyen.
Nou pat dakò pou m te korije nou!
Tankou lyon ki fin wè mò,
nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.
31(Nou menm k'ap viv kounyeya,
koute byen sa Senyè a ap di a.)
Pèp Izrayèl, eske mwen te tankou yon dezè pou nou,
tankou yon kote ki fènwa anpil?
Poukisa atò pou nou di:
— Nou granmoun tèt nou,
nou p'ap janm tounen vin jwenn ou ankò!
32Eske #Det 32.18; Sòm 106.21; Eza 61.10; Oze 8.14 yon jenn fi ka bliye bijou li yo?
Eske yon lamarye ka bliye rad nòs li?
Men, pèp mwen an bliye m,
m pa ka konte depi kilè.
33Ou konnen byen sa pou ou fè
lè w'ap kouri dèyè gason.
Lè konsa, nanpwen krim ou p'ap fè. #2.33: nanpwen krim ou p'ap fè: Osinon ata fanm ki pi mal la ta ka pran leson nan men ou.
34Rad #Egz 22.2; 2 Wa 21.16; Sòm 106.38 ou yo tache ak san pòv ansanm ak san inonsan, moun ou pat bare ap fè anyen ki mal.
Malgre tou sa, 35w'ap #Sòm 143.2; Pwo 28.13; 1 Jan 1.8,10 plede di ou pa antò.
Senyè a pa fache avè ou ankò.
Men, mwen menm Senyè a, mwen pral pini ou
paske ou refize rekonèt ou te fè sa ou pat dwe fè.
36Gade #Eza 30.3; Jer 31.22 jan w'ap avili tèt ou,
lè w'ap kouri dèyè bondye lòt nasyon yo!
W'ap pran wont nan men peyi Lejip
menm jan sa te rive ou avèk peyi Lasiri.
37W'a #2 Sam 13.19 vire do ou kite peyi Lejip.
Avèk men ou, w'a bouche figi ou tèlman w'a wont.
Mwen menm, Senyè a, mwen voye moun ou fè konfyans yo jete.
Yo p'ap ka fè anyen pou ou.

Currently Selected:

Jeremi 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in