YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 14

14
Gwo lesèk la
1Senyè a pale ak Jeremi sou zafè chechrès la, li di l:
2— Peyi #Eza 3.26; Lam 1.4; 2.8 Jida nan gwo lapenn,
lavil li yo ap depafini.
Tout moun kouche atè ap plenn.
Nan lavil Jerizalèm moun ap rele anmwe!
3Grannèg #2 Sam 15.30 yo voye domestik yo al chache dlo.
Lè yo rive nan sitèn yo,
yo pa jwenn yon gout dlo.
Yo tounen ak veso yo vid.
Yo wont, yo pa konn sa pou yo di.
Yo bouche figi yo.
4Tè a #Jer 3.3 fann fann.
Pa gen yon gout lapli.
Abitan pa konn sa pou yo fè.
Se men nan tèt.
5Nan #Sòm 29.9 jaden, kabrit yo met ba,
lèfini, yo sove kite ti kabrit yo,
paske pa gen zèb pou yo manje.
6Bourik #Jer 2.24 mawon yo rete kanpe sou tèt ti mòn yo,
y'ap pran fre tankou chen mawon.
Je yo bouke, yo pa wè ladan yo,
paske pa gen zèb pou yo manje.
7Pèp #Sòm 25.11 la ap rele nan pye Bondye, y'ap di:
— Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou,
ou menm, Senyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non!
Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou
nan fè peche kont ou.
8Ou #Sòm 71.5; Jer 17.13; 50.7 se tout espwa pèp Izrayèl la!
Se ou ki delivre nou lè malè te pandye sou tèt nou.
Poukisa ou aji tankou yon etranje,
tankou yon vwayajè k'ap pase yon nwit ase nan peyi nou an?
9Poukisa #Egz 29.45; Eza 59.1; Da 9.18 w'ap fè tankou yon moun ki dekontwole,
tankou yon sòlda ki pa gen kouray pou fè anyen pou pèsonn?
Senyè, nou sèten ou la nan mitan nou.
Se pèp ou nou ye.
Tanpri, pa lage nou!
10Men #Oze 8.13; 9.9 sa Senyè a di pèp la:
— Wi, yo renmen al fè vakabon, yo pa ka ret anplas. M'pa kontan ak yo. M'ap chonje tout mal yo fè, m'ap pini yo pou tout peche yo fè.
11Apre #Jer 7.16 sa, Senyè a di m konsa:
— Pa vin mande m pou m fè anyen pou pèp sa a. 12Yo #Eza 1.15; Jer 6.20 te mèt boule bèt pou mwen ak rekòt jaden yo, sa p'ap ka fè mwen kontan ak yo. Okontrè mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.
13#Jer 4.10; 6.14 sa a mwen di:
— Bondye ki gen tout pouvwa a, ou konnen jan pwofèt yo ap plede di pèp la yo pa bezwen pè, p'ap gen lagè, grangou p'ap tonbe sou yo, paske ou te pwomèt y'ap toujou viv ak kè poze nan peyi a.
14Men, #Jer 5.31; 23.21; 27.9,15; Eze 13.6; Mat 7.15; 24.24 Senyè a reponn, li di m konsa:
— Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo okenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di. 15Se #Jer 23.34 poutèt sa, men sa Senyè a di li pral fè pwofèt li pat janm voye yo men ki pran non l pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri! 16Moun #Sòm 79.3 yo t'ap bay mesay sa yo pral fini menm jan an tou. Yo pral mouri nan lagè ak nan grangou, yo menm, madanm yo, pitit gason ak pitit fi yo. Yo pral jete kadav yo nan tout lari lavil Jerizalèm. P'ap gen pèsonn pou antere yo. Se konsa m'ap fè yo peye mechanste yo.
17Men #Jer 8.21; 10.19; 13.17 sa w'a di yo ankò:
— Se pou je m koule dlo san rete
lajounen kou lannwit,
paske pèp mwen an tankou yon tifi
ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri.
18Lè m #Jer 5.31; Eze 7.15 sòti al nan jaden,
mwen wè kadav moun yo touye nan lagè.
Lè m antre nan lavil la,
mwen wè moun ap mouri grangou!
Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo
ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè. #14.18: ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè: Tèks ebre a pa klè pou fraz sa a. Men yon lòt jan yo ka di l yo trennen yo ale nan yon peyi yo pa janm konnen.
Pèp la ap plede ak Bondye
19Senyè, #Jer 8.15; 15.18; Lam 5.22 genlè ou voye pèp Jida a jete nèt! Eske ou rayi moun mòn Siyon yo?
Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a?
Nou t'ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive.
Nou t'ap tann gerizon, epoutan se boulvès nou jwenn.
20Senyè, #Sòm 106.6; Da 9.5,8 nou rekonèt nou antò.
Nou rekonèt zansèt nou yo te fè sa ki mal.
Wi, nou tout nou antò devan ou.
21Chonje #Sòm 106.45 ki moun ou ye, pa meprize nou!
Jerizalèm, se la fòtèy pouvwa ou la chita. Pa avili l.
Pa bliye pwomès ou yo. Pa kase kontra ou te fè ak nou an.
22Zidòl #Jòb 12.9; 38.28; Eza 66.2; Jer 10.15; Zak 10.1,2 moun lòt nasyon yo pa vo anyen.
Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli.
Syèl la pou kont pa l pa ka bay lapli.
Se ou menm ki Senyè a, Bondye nou an!
Se ou menm ki tout espwa nou,
paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.

Currently Selected:

Jeremi 14: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in