YouVersion Logo
Search Icon

Jij 14

14
Samson ak tifi lavil Timna a
1Yon jou Samson desann ale lavil Timna, li #Joz 15.10; 19.43 wè yon jenn fi nan moun Filisti yo li renmen. 2Li #Jen 34.4 tounen vin di papa l ak manman l:
— Mwen wè lavil Timna yon jenn fi mwen renmen nan moun Filisti yo. Al mande pou li pou mwen.
3Manman l #Jen 24.3,4; 28.1,2; 1 Sam 17.26,36; 2 Sam 1.20 ak papa l di l konsa:
— Poukisa pou ou ale jouk kay moun Filisti yo, moun ki p'ap sèvi Bondye nou an, pou al chache yon madanm? Ou pa jwenn yon jenn fi nan fanmi ou, osinon nan pèp nou an pou ou marye?
Men, Samson reponn papa l:
— Tanpri, al fè lademann lan pou mwen, paske se li menm mwen renmen.
4Papa l #Joz 11.20; Jij 13.1; 15.11 ak manman l pat konnen se Senyè a ki t'ap pouse Samson fè sa pou l te ka jwenn yon okazyon gen kont ak moun Filisti yo. Lè sa a, se moun Filisti ki te chèf sou moun pèp Izrayèl yo.
5Se konsa Samson desann lavil Timna ansanm ak papa l ak manman l. Lè yo rive nan jaden rezen ki toupre lavil Timna a, li wè yon jenn lyon ki t'ap gwonde ki t'ap vanse sou li. 6Lamenm, #Jij 3.10; 14.19; 15.14; 1 Sam 11.6; 17.34,35; 2 Sam 23.20 lespri Senyè a vin sou li. Li vin gen yon sèl fòs, li dechèpiye lyon an pak an pak ak men li tankou si se te yon jenn ti kabrit. Men, li pa rakonte papa l ak manman l sa l te fè a.
7Lèfini, l ale, li pale ak ti fi a, li renmen l. 8Kèk tan apre sa, li tounen vin marye avè l. Sou wout li, li fè yon ti detou pou l'al wè kadav lyon li te touye a. Li tou sezi jwenn yon desen myèl avèk siwo myèl anndan kadav la. 9Li pran ti moso gato myèl nan men l, li manje ladan l antan l'ap fè rès vwayaj la. L'al jwenn manman l ak papa l, li ba yo rès gato myèl la, epi yo manje. Men, li pat di yo se nan kadav lyon an li te pran l.
10Apre sa, papa l desann ale kay ti fi a. Lè sa a, Samson fè yon bèl resèpsyon lakay la. Se konsa jenn gason yo toujou fè lè y'ap marye. 11Lè moun Filisti yo wè l, yo pran trant jenn gason yo voye pou rete avè l. 12Samson #2 Wa 5.5; Eze 17.2 di yo:
— Mwen pral ban nou yon kont. Si nou jwenn li anvan sèt jou fèt nòs la fin pase, m'ap ban nou trant bèl varèz ak trant rechanj fèt ak bèl twal. 13Men, si nou pa jwenn li anvan lè sa a, se nou ki pral ban mwen trant varèz ak trant rechanj.
Yo di l:
— Dakò! Ban nou kont la. Fè nou tande l.
14Li di yo:
— Manje sòti nan vant sa ki konn touye pou manje. Sa ki dous sòti nan sa ki gen anpil fòs.
Twa jou pase, yo pat ankò jwenn kont la.
15Sou #Jij 15.6; 16.5 katriyèm jou a, #14.15: Sou katriyèm jou a: Tèks ebre a bay Sou setyèm jou a. yo rele madanm Samson, yo di l konsa:
— Pran tèt mari ou, fè l ban nou kont la. Si ou pa fè sa, n'ap mete dife lakay papa ou, n'ap boule l ansanm avè ou ladan l! Gen lè se pou eskamote tou sa nou genyen ou te envite nou isit la?
16Se #Jij 16.15 konsa madanm Samson al jwenn mari l, li pran kriye sou zepòl li, li di l konsa:
— Ou pa renmen m! Se rayi ou rayi m! Ou bay zanmi m yo yon kont, ou pa janm di m sa l vle di!
Samson reponn li:
— Gade, machè! Mwen pa menm di papa m ak manman m sa kont la ye. Atò se ou menm mwen ta di l?
17Pandan #Jij 16.16 tout sèt jou fèt nòs la, li pat sispann kriye nan zòrèy Samson. Sou setyèm jou a, Samson ba li sekrè kont la paske fanm lan t'ap anbete l twòp. Lèfini fanm lan sòti al di ras li yo sa kont lan vle di. 18Se konsa, sou setyèm jou a, anvan Samson antre nan chanm li pou l'al dòmi, mesye lavil yo di l konsa:
— Kisa ki pi dous pase siwo myèl?
Kisa ki gen plis fòs pase lyon?
Samson di yo:
— Si nou pat travay tèt madanm mwen, nou pa ta janm jwenn kont mwen an!
19#Jij 1.18; 14.6 sa a, lespri Senyè a desann sou Samson pou ba l fòs. Li pati, l'ale lavil Askalon. Li touye trant gason nan moun lavil la, epi li pran rad ki te sou yo, li pote yo bay mesye ki te jwenn kont lan. Apre sa, li fè yon sèl kòlè, li tounen lakay papa l. 20#Jan 3.29 sa a, moun yo rele yonn nan moun ki te avèk Samson yo, sa ki te pi bon zanmi l lan, yo ba li madanm Samson pou madanm li.

Currently Selected:

Jij 14: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in