YouVersion Logo
Search Icon

Jak 1:2-11

Jak 1:2-11 HAT98

Frè m yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv. Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen. Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi. Men, se pou li mande ak konfyans, san l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse. Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Senyè a. Se yon moun ki pa konn sa li vle. Li toujou anbalan nan tout sa li antreprann. Se pou frè ki pa anyen an santi li fyè lè Bondye leve li atè a. Konsa tou, yon frè ki rich dwe santi li kontan tou lè Bondye rabese li. Paske moun rich gen pou pase tankou flè zèb raje. Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l disparèt pandan tout kòmès li ap mache.