YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 53:4-8

Ezayi 53:4-8 HAT98

Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l, se kraze Bondye t'ap kraze l anba men l. Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Nou te tankou mouton ki pèdi bann, chak moun bò pa yo. Chatiman ki te pou tonbe sou nou an, Senyè a fè li tonbe sou li. Yo te maltrete l, men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa, li pat janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l, li pat janm louvri bouch li di anyen. Yo pran li, yo mete li nan prizon, yo trennen li nan tribinal. Pa te gen pesonn pou te pran ka li, lè yo wete li nan mitan moun k'ap viv sou tè a. Se pou peche pèp li a yo te touye li.

Video for Ezayi 53:4-8