YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 47

47
Bondye pral jije Babilòn
1Ou menm, lavil Babilòn, desann sou fòtèy #Sòm 137.8; Eza 3.26; 48.14 ou a!
Al chita atè nan pousyè!
Yon lè, ou te tankou yon jenn tifi.
Wi, kapital moun peyi Kalde yo pral chita atè plat,
yo p'ap janm konsidere ou ankò tankou yon bèl tifi
ki renmen plezi, ki pa nan leve ni lou ni lejè.
2 # 47.2: Nan lang ebre a, se yon jan pou di moun yo pare kò yo pou yo antre nan michan. Pran #Jij 16.21; Eza 20.4; Mat 24.41 wòl moulen yo, al moulen farin!
Wete vwal ki sou tèt ou a!
Moute ke rad ou wotè jenou ou. Dekouvri janm ou pou ou janbe dlo.
3Rete toutouni pou moun ka wè jan ou tonbe ba!
Mwen pral tire revanj. Pèsonn p'ap ka rete m.
4Moun k'ap delivre nou an rele Senyè ki gen tout pouvwa a,
Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
5Men #Jer 8.14 sa li di lavil Babilòn: Chita la!
Pa di yon mo! Rete nan fènwa a!
Yo p'ap janm rele ou ankò larenn tout peyi yo.
6Wi, #Eza 14.17; 51.23; Zak 1.15 mwen te move sou pèp mwen an.
Mwen pat aji ak yo tankou moun pa m.
Mwen te lage yo nan men ou.
Men, ou te san pitye pou yo.
Ou te aji mal anpil, ata ak vye granmoun yo.
7Ou te mete nan tèt ou ou t'ap toujou larenn.
Ou pat rete kalkile bagay sa yo byen nan tèt ou.
Ou pat kalkile ki jan sa ta pral fini.
8Kounyeya, louvri #Lam 1.1; Sof 2.15; Rev 18.7 zòrèy ou, ou menm ki renmen pran plezi ou,
ou menm ki chita kèpòpòz epi k'ap di nan kè ou:
Se mwen menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt!
Mwen p'ap janm pèdi mari m.
Mwen p'ap janm konnen sa ki rele pèdi pitit!
9Enben! #Eza 51.19; Jer 50.29,31; Na 3.4 De malè sa yo pral tonbe sou ou anmenmtan, yon sèl jou.
Ou pral pèdi pitit ou yo ansanm ak mari ou!
Wi, malè sa yo pral tonbe ansanm sou ou,
malgre tout maji ou pral fè yo,
malgre pakèt wanga ou genyen yo!
10Ou te konte sou mechanste ou t'ap fè yo.
Ou t'ap di nan kè ou pèsonn pa wè ou.
Bon konprann ak konesans vire tèt ou.
Ou t'ap di nan kè ou se ou menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt.
11Yon #Jer 51.41 malè pral tonbe sou ou,
ou p'ap ka detounen l ak maji ou yo.
Yon sèl malè pral tonbe sou ou,
ou p'ap ka fè anyen pou ou anpeche l rive ou.
W'a rete konsa, yon boulvès pral tonbe sou ou,
yon boulvès ou pat janm mete nan tèt ou te ka rive ou.
12Ou mèt rete ak maji ou yo, ak tout w'anga ou yo!
Depi ou jenn w'ap fatige kò ou sèvi ak yo.
Ou pa janm konnen, yo ka fè kichòy pou ou!
Ou ka fè moun pè ou ak yo!
13Ou #Eza 44.25; Da 2.2,10 chaje ak moun k'ap ba ou konsèy jouk ou pa konn sa pou ou fè.
Se pou moun ki te ba ou tout konsèy sa yo vini kounyeya,
se pou yo sove ou,
yo menm k'ap etidye zetwal,
yo menm k'ap separe syèl la an divès zòn,
yo menm k'ap di ou chak lalin nouvèl tou sa ki gen pou rive.
14Yo #Eza 10.17; Mal 4.1 tankou ti moso pay. Yon sèl dife pral boule yo.
Yo p'ap menm ka sove pwòp tèt pa yo.
Se p'ap yon ti dife tankou dife yo fè pou kwit manje
ni tankou boukan yo limen pou moun chofe dife.
15Men kote konsèy moun sa yo ap mennen ou.
Ou te touye tèt ou ap sèvi yo depi ou te jenn tifi.
Y'ap kouri kite ou, yo chak bò pa yo.
Yo yonn p'ap rete pou delivre ou!

Currently Selected:

Ezayi 47: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in