Ezayi 40:29-31
Ezayi 40:29-31 HAT98
Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò! Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe. Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.