YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 32

32
Wa k'ap gouvènen san patipri a
1Yon jou, va gen yon wa k'ap gouvènen #Eza 11.1-4; Jer 23.5 peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt. 2Yo #Eza 4.6; 25.4 chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y'ap tankou yon sous dlo k'ap koule nan dezè, tankou yon kokenn wòch k'ap bay lonbray kote ki pa gen dlo. 3Je #Eza 29.18 tout moun va louvri pou yo wè sa k'ap pase. Zòrèy tout moun va louvri pou yo konnen sa k'ap fèt nan peyi a. 4Moun kè cho yo va pran san yo pou yo konprann anvan yo aji. Moun bege yo pral pale byen klè pou tout moun konprann. 5P'ap gen moun k'ap asepte pran moun sòt pou moun debyen, ni bakoulou pou bon moun. 6Moun sòt yo ap plede di yon bann vye koze san sans. Y'ap fè move lide nan tèt yo. Konsa, y'ap fè bagay Bondye pa vle moun fè, y'ap bay manti sou Bondye. Yo p'ap janm bay moun ki grangou yon ti manje, yo p'ap janm bay moun ki swaf dlo yon ti gout dlo pou yo bwè. 7Bakoulou, se kokenn k'ap fè mechanste. L'ap fè move plan nan tèt li pou l woule pòv malere yo anba manti, pou l enpoze endijan yo jwenn jistis. 8Men, bon moun, se toujou sa ki byen l'ap chache fè, li p'ap janm fè anyen ki pa sa.
Ezayi ap denonse medam Jerizalèm yo
9Nou #Am 6.1 menm medam k'ap viv alèz yo, leve non. Koute sa m'ap di! Nou menm medam ki san pwoblèm yo, louvri zòrèy nou tande sa m'ap di: 10Bann paresèz, nan ennan ankò, nou pral nan kont traka nou, paske p'ap gen rezen pou nou keyi, p'ap gen rekòt rezen k'ap fèt. 11Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon, 12paske nou pral nan lapenn lè n'a chonje bèl jaden ak bèl grap rezen nou yo, lè n'a wè se pikan ak raje k'ap pouse nan tout jaden pèp mwen an. 13Nou #Eza 7.25; 24.11,12; Jer 2.24 pral kriye lè n'a chonje tout kay kote moun yo te konn gen kè kontan nan lavil ki te gen anpil aktivite a. 14Kay wa a ap rete san pèsonn ladan l. Tout moun pral kouri kite kapital la. Bit mòn Ofèl la ak fò ki t'ap pwoteje l la pral tounen savann pou tout tan. Se la bourik mawon pral pran plezi yo, se la kabrit ak mouton pral chache manje.
15Men, #Eza 29.17; 35.1; Jowèl 2.28 Bondye gen pou l voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt. 16Toupatou nan peyi a, nan dezè a kou nan jaden yo, p'ap gen lenjistis, ni patipri. 17Paske #Sòm 72.3; Jak 3.18 tout moun ap fè sa ki dwat, y'a viv ak kè poze, san danje ni malè pou tout tan.
18Pèp Bondye a va rete lakay yo ak kè poze, san danje. Yo p'ap gen pwoblèm. 19Men #Eza 26.5; Zak 11.2 lagrèl pral tonbe sou gwo rakbwa a. Yo pral kraze lavil la. 20Ala #Eza 30.23,24 kontan n'a kontan jwenn kont dlo nou pou fè jaden! Lè sa a, nou p'ap bezwen mete bèf ak bourik nou yo nan kòd ankò!

Currently Selected:

Ezayi 32: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in