YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 24

24
Bondye pral pini tout latè
1Senyè a pral souke tè a, li pral ravaje l. Li pral boulvèse l. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou. 2Tout #Eze 7.12; Oze 4.9 moun pral pase, prèt yo kou moun nan pèp la, esklav yo kou mèt yo, sèvant yo kou metrès yo, sa k'ap vann kou sa k'ap achte, sa k'ap bay ponya kou sa k'ap pran ponya, sa k'ap bay kredi kou sa k'ap pran kredi. 3Yo #Eza 1.20 pral ravaje tout tè a, yo pral piye tout bagay. Senyè a fin pale, se sa ki pou rive.
4Tout #Oze 4.3 moun sou latè nan lapenn. Yo pa kapab ankò. Pèp la ap plenn, y'ap deperi. Chèf yo ap plenn ansanm ak rès pèp la. 5Moun #Lev 26.15; Nonb 35.33; Eza 2.6,8 yo pa respekte peyi Bondye a. Yo pa koute lòd Bondye ba yo. Yo derefize fè sa l te mande yo fè a, yo derefize obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa kenbe kontra li te fè ak yo pou tout tan an. 6Se #Da 9.11; Zak 5.3,4; Mal 2.2 poutèt sa madichon ap fini ak latè: moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal. Y'ap deperi grenn pa grenn. Se yon ti ponyen ki rete. 7Pye rezen yo ap fennen. Ou pa ka jwenn diven. Tout moun ki te konn fè fèt yo ap plenn. 8Yo #Jer 7.34 pa bat tanbou ankò. Pa gen gwo fèt ankò. Yo pa jwe gita ankò. 9Nanpwen chante ankò lè y'ap bwè diven. Gwòg vin anmè nan bouch gwògman yo. 10Pa gen moun nan lavil la. Yo kite kay yo ap tonbe. Tout pòt kay fèmen, moun pa antre la ankò. 11Nan #Jowèl 1.5,12 tout lari moun ap rele paske nanpwen diven ankò. Pa gen fèt rejwisans ankò. Nanpwen kè kontan nan peyi a. 12Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze. 13Se #Eza 17.6 konsa sa pral ye nan tout peyi sou latè. Se va tankou apre rekòt lè y'ap gole dènye oliv ki rete nan pye oliv yo, lè y'ap fè grapiyay apre rekòt rezen an.
14Sa ki chape yo pral rele, yo pral chante byen fò ak kè kontan. Y'ap rete bò solèy kouche a, yo pral di jan Senyè a gen pouvwa. 15Konsa #Eza 45.6 tou, moun ki rete bò solèy leve pral fè lwanj Senyè a. Moun ki rete sou zile nan lanmè a pral fè chante pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 16Byen #Eza 21.2; 26.2 lwen nan dènye bout latè, nou tande y'ap chante, y'ap fè lwanj pou moun ki mache dwat yo.
Men mwen menm, mwen di: Pa gen rechap pou mwen! Pa gen chape pou mwen! Gade nan kisa m ye! Trèt yo ap trayi moun toujou! Chak jou y'ap trayi moun pi rèd! 17Nou #Jen 7.11; Sòm 18.7; Jer 48.43,44 menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou! 18Moun k'ap kouri lè y'a tande rèl moun ki pè yo pral tonbe nan twou. Moun k'ap moute sòti nan twou pral pran nan pèlen. Paske gwo lapli a pral tonbe sot nan syèl la. Fondasyon latè pral pran tranble. 19Latè pral fann, l'ap pete fè miyèt moso. L'ap tranble, l'ap souke tout kò l. 20Latè #Eza 24.5,6; 29.9 pral balanse tankou moun sou. Li pral souke tankou yon ti joupa lè van ap soufle fò. Peche lèzòm yo peze lou sou li: l'ap tonbe, li p'ap janm ka leve ankò. 21Jou #Sòm 76.12; Eza 10.12 sa a, Senyè a pral pini zanj yo ki anwo nan syèl la, l'ap pini tout chèf k'ap gouvènen sou latè. 22L'ap #Mi 4.11,12 mete yo ansanm nan prizon nan yon tonm. L'ap fèmen yo nan kacho. Apre yon bon tan, l'ap pini yo. 23Lalin lan #Eza 13.10; Mi 4.7 pral vin tou nwa. Solèy la p'ap klere ankò, paske Senyè ki gen tout pouvwa a pral sèl wa. Li pral gouvènen nan lavil Jerizalèm sou tèt mòn Siyon an. Tout chèf fanmi pèp li a pral wè gwo pouvwa li.

Currently Selected:

Ezayi 24: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in