YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 23

23
Bondye pral pini Tir ak Sidon
1Men yon mesay pou lavil Tir:
— Nou #Eze 26.2—28.24; Jowèl 3.4-8; Am 1.9,10; Zak 9.2-4 menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou! Lavil Tasis fini. Pa gen kay ankò, pa gen pò! Yo t'ap tounen sòti peyi Kitim lè yo pran nouvèl la. 2Nou menm kòmèsan Sidon yo, moun lakòt, nou pral rete men nan bouch. Nou te voye moun lòt bò lanmè 3achte #Jer 2.18; Eze 27.3-23 ble yo rekòlte bò larivyè Nil nan peyi Lèjip la, apre sa pou nou mache vann li avèk gwo benefis. Nou t'ap fè kòmès ak tout peyi.
4Lavil Sidon, ou menm ki te yon si bon pò, yo pral fè ou wont! Lanmè a pale, li di konsa: Mwen pa janm gen pitit, mwen pa janm fè pitit. Mwen pa janm gen pitit gason pou m elve, ni pitit fi pou m bay levasyon. 5Lè moun Lejip yo va pran nouvèl sa ki te rive lavil Tir, yo pral tranble nan kanson yo!
6Nou menm moun peyi Fenisi, moun lakòt, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Tasis. Nou mèt plenn sò nou! 7Lavil sa a, se pa lavil kote moun te toujou ap fè fèt la? Se pa yon lavil ki la depi nan tan lontan? Se pa lavil ki te konn voye yon koloni moun pa l yo al tabli nan peyi lòt bò lanmè pou chita pouvwa li plis? 8Se #Eza 2.12 lavil Tir wa a te chita ap nonmen chèf. Tout kòmèsan li yo, se gwo chèf yo te ye. Negosyan l yo menm, se moun yo te respekte toupatou sou latè. Kilès ki te pran desizyon fè lavil Tir la sa? 9Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki te pran desizyon sa a. Li fè sa pou kraze lògèy yo te genyen pou tout bèl bagay yo te fè, pou l te ka trennen tout grannèg peyi a nan labou.
10 # 23.10: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. Nou menm moun li yo ki nan peyi Tasis, pito nou travay tè nou tankou moun bò larivyè Nil yo. Pa gen moun pou pwoteje nou ankò. 11Senyè a te lonje men l anwo lanmè a. Li te jete wa ki t'ap gouvènen yo a. Li te bay lòd pou yo detwi tout pò moun Fenisi yo te gen nan peyi Kanaran. 12Li di:
— Nou menm, moun lavil Siyon, nou pa nan fè fèt ankò! Nou tankou yon jenn fi yo fè kadejak sou li. Nou mèt leve travèse lòtbò lanmè. Te mèt n'al nan peyi Kitim. Menm la, yo p'ap kite nou repo.
13 # 23.13: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. Gade peyi Tir la! Se pa moun Lasiri yo ki te lage l nan men bèt nan bwa yo. Se moun Babilòn yo ki te fè sa. Se yo ki te bati fò won byen wo pou sènen peyi a. Yo kraze tout fò lavil Tir yo. Yo fè yo tounen mazi.
14Nou #Eza 23.1 menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou, paske yo detwi gwo pò nou an!
15Yon #Jer 25.11 lè ap rive, yo pral bliye lavil Tir pandan swasanndizan, laj yon wa rive genyen anvan li mouri. Men, apre swasanndizan sa yo, lavil Tir pral tankou jennès yo pale nan chante a:
16Pran gita ou! Mache nan tout lavil la!
Ou menm, jennès yo te bliye a!
Jwe bèl mizik, chante bèl chante ou yo ankò
pou yo ka chonje ou!
17Wi, #Rev 17.1,2 apre swasanndizan, Senyè a va kite lavil Tir reprann menm vye kòmès li a. Lavil Tir pral lage kò l nan fè bagay derespektan ankò, li pral nan fè dezòd ak tout chèf k'ap gouvènen toupatou sou latè. 18Men, y'ap pran lajan y'ap ba li a ansanm ak benefis l'ap fè nan kòmès sal li a, y'ap mete yo apa pou Senyè a. Li p'ap ka ranmase yo pou l sere. Se moun k'ap sèvi Senyè a ki pral sèvi ak lajan sa a pou achte manje plen vant yo ak bèl rad pou mete sou yo.

Currently Selected:

Ezayi 23: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in