YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 16

16
Mowab pral mande Jida pwoteksyon
1Moun peyi Mowab yo ap rete lavil Sila nan #2 Wa 3.4 dezè a, y'ap voye yon mouton fè chèf lavil Jerizalèm lan kado sou tèt mòn Siyon an. 2Y'ap rete tann bò larivyè Anon an. Yo san pozisyon, yo tankou ti zwazo yo mete deyò nan nich yo. 3Y'ap di moun peyi Jida yo:
— Ban nou ti konsèy non! Di nou sa pou nou fè! Pwoteje nou anba zèl ou, tankou yon pyebwa k'ap bay bon lonbray fre gwo midi. Se chape n'ap chache chape kò nou. Tanpri, kache nou. Pa lage nou nan men lènmi nou yo. 4Kite #1 Sam 22.3 nou rete nan peyi nou an. Pwoteje nou anba moun ki sòti pou fini ak nou yo. Moun ki t'ap kraze nou an p'ap la ankò. Piyay la ap fini. Moun ki t'ap pilonnen peyi a anba pye yo a ap disparèt. 5Gouvènman #Sòm 89.14; Eza 32.1; Da 7.14,27; Lik 1.33 peyi Jida a pral kanpe byen kanpe. Yon chèf pral sòti nan ras fanmi wa David la. Li pral moute chita sou fòtèy la pou l dirije pèp la avèk bon kè, san patipri. L'ap sòti pou l fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap prese fè tout moun jistis.
6Moun #Jer 48.29,30 peyi Jida yo di:
— Nou tande jan moun Mowab yo se moun ki gen lògèy. Wa pa kouzen yo. Nou konnen jan yo estonmake, jan yo gen gwo tantasyon, jan yo awogan. Men, tou sa se van. Anyen menm!
7Men moun Mowab yo pral plenyen sò peyi Mowab la. Yo tout pral kriye lè y'a chonje bon pen rezen yo konn jwenn lavil Kyerès. Yo pral plenn, y'ap pèdi tout kouray yo. 8Gwo #Jer 48.32 jaden peyi Esbon yo pral deperi. Pye rezen lavil Sibma yo ki te konn bay bon diven chèf nasyon yo te konn bwè a pral cheche. Te gen yon lè jaden rezen sa yo te rive jouk bò lavil Jazè. Yo te pouse kouvri tout dezè a. Yo te gaye kò yo toupatou rive lòt bò lanmè Mouri a. 9Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a. 10Nanpwen #Jer 48.33 kè kontan ak fèt nan jaden nou yo! Nan jaden rezen nou yo, nanpwenn chante, nanpwen koudjay ankò! Pa gen rezen pou kraze nan basen kote yo fè ji. Tout fèt kaba! 11Se poutèt sa, m'a plenn, kè m fè m mal pou peyi Mowab, mwen nan gwo lapenn pou lavil Kyerès. 12Moun #1 Wa 18.29; Eza 15.2 peyi Mowab yo ap touye tèt yo moute nan mòn. Yo pral nan tanp pou yo lapriyè. Men, sa p'ap sèvi yo anyen.
13Anvan sa, men sa Senyè a te di k'ap rive lavil Mowab la. 14Kounyeya, Senyè a pale ankò. Li di konsa: Nan twazan, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, yo pral pase sa ki fè pouvwa peyi Mowab la nan tenten. Atout li gen anpil moun kounyeya, se de twa ase ki pral rete, yon ti ponyen tou fèb ki p'ap vo anyen!

Currently Selected:

Ezayi 16: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in