YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 15

15
Malè pral tonbe sou Mowab
1Men sa Bondye di k'ap rive peyi #Jer 48.1-47 Mowab:
— Y'ap detwi lavil Ar-Mowab nan yon grenn nwit. Tout peyi Mowab la frèt! Y'ap pran yon sèl nwit pou yo detwi lavil Ki-Mowab la! Apre sa, tout peyi a frèt!
2Moun peyi Mowab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y'al kriye. Moun peyi Mowab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo. 3Nan tout lari, moun ap mache ak rad sak sou yo. Sou tout plas piblik, sou teras anwo tout kay, moun ap plenn. Dlo ap koule nan je yo tout. 4Moun lavil Esbon ak moun lavil Eleale ap pouse rèl. Moun tande yo jouk lavil Jakaz. Ata sòlda lame Mowab yo ap tranble. Yo pèdi tout kouray yo. 5Kè m ap fann pou peyi Mowab! Moun li yo ap kouri al kache jouk lavil Zoa ak lavil Eglat-Chelichiya. Moun ap kriye antan y'ap rale moute ti pant pou rive lavil Loukit la. Moun ap rele antan y'ap kouri met deyò sou wout ki mennen lavil Owonayim lan. 6Larivyè Nimrim chèch. Tout zèb fin cheche. Fèy pyebwa yo fennen. Tout pyebwa mouri. 7Tout moun ap janbe lòt bò Ravin Banbou avèk tou sa yo genyen ak tout pwovizyon yo. 8Toupatou, sou fontyè peyi Mowab la, se rèl. Rèl yo rive jouk nan zòrèy moun lavil Eglayim ak moun lavil Berelim. 9Lavil Dimon, dlo larivyè a wouj ak san! Men Bondye pare yon pi gwo malè pou lavil Dimon. Se la yon lyon pral touye dènye moun peyi Mowab ki te resi chape kò yo. Se la tout rès moun peyi Mowab yo pral mouri.

Currently Selected:

Ezayi 15: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in