YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 10

10
Bondye ap regle move chèf yo
1Madichon pou chèf k'ap ekri dekrè #Sòm 94.20; Jer 8.8 k'ap pote nwizans, pou chèf k'ap kouri pibliye vye lwa k'ap kraze pèp la epi lage li nan mizè! 2Se konsa, yo enpoze pòv malere yo defann dwa yo. Yo fè jijman ki pou ta nan avantaj pèp la tounen nan avantaj pa yo. Y'ap piye fanm ki pèdi mari yo, y'ap vòlò byen timoun ki san papa yo! 3Kisa #Eza 5.26; Jer 5.29 n'a fè lè Bondye va fè malè sòti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n aval kache tout richès nou yo? 4Adye! #Eza 9.12 Y'ap fè nou prizonye. Y'ap depòte nou, si nou pa gentan mouri nan lagè. Men, se poko sa toujou. Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo!
Bondye ap regle wa Lasiri a
5Senyè a #Eza 9.4 di:
— Madichon pou peyi Lasiri! Paske l'ap tankou yon baton nan men mwen pou m' pini pèp la. M'ap sèvi ak pouvwa ki nan men li an pou m' fè pèp la wè jan mwen ankòlè. 6Mwen te voye l kouri al atake yon nasyon ki derespekte m. Mwen te ba li manda pou l regle yon pèp ki te fè m fache anpil, pou l pase men pran tou sa yo genyen, pou l piye yo, pou l pilonnen yo anba pye l tankou pousyè nan lari.
7Men, #Mi 4.12 wa peyi Lasiri a pat wè bagay la konsa. Se pa konsa li te konprann li. Paske lide li te met nan tèt li se kraze brize, se disparèt anpil anpil nasyon. 8Li t'ap plede di: Tout chèf lame mwen yo se wa yo ye nan lòt peyi! 9Mwen #2 Wa 16.9; 17.6; 19.13 pran lavil Kalno menm jan mwen te pran lavil Kakemich. Mwen pran lavil Amat menm jan mwen te pran lavil Apad. Mwen pran lavil Samari menm jan mwen te pran lavil Damas. 10Menm #2 Wa 19.17,18 jan mwen te leve men m pou m te pini peyi k'ap sèvi zidòl yo, peyi ki te gen plis estati zidòl pase lavil Jerizalèm ak lavil Samari, 11menm #2 Wa 18.34; Eza 2.8 jan nou wè mwen te aji ak Samari ak zidòl li yo, se konsa m'ap aji ak lavil Jerizalèm ak pòtre l'ap adore yo. 12Men #2 Wa 19.31,35-37; Eza 29.4 sa Senyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.
13Paske #Eza 37.23-25 l'ap mache di: Se ak fòs ponyèt mwen mwen fè tou sa! Mwen gen bon konprann, mwen gen anpil lespri. Mwen wete bòn ki te make fontyè pèp yo. Mwen devalize tou sa yo te sere. Tankou gwo towo bèf, mwen kraze tout moun ki t'ap viv la yo anba pye m. 14Nasyon latè yo te tankou nich zwazo pou mwen: mwen annik lonje men m, mwen pran tout richès yo. Mwen mache toupatou sou latè ap ranmase, tankou moun ranmase ze k'ap drive nan nich san gadò. Pat gen yonn ki bat zèl li pou fè m pè. Pat gen yon bouch ki louvri pou di m anyen, ni pou plenyen.
15Men #Eza 29.16; Wòm 9.20,21 sa Senyè a di ankò: Eske yon rach ka pretann travay li fè a se li ki fè l? Se pa moun k'ap sèvi avè l la ki fè l? Eske yon goyin ka mache di sa l fè a se li ki fè l? Moun k'ap sèvi avè l la pou anyen nan sa l'ap fè a? Se tankou si se fwèt la k'ap kòmande moun ki kenbe l nan men l lan, tankou si se baton an k'ap sèvi ak moun ki genyen l nan men l lan.
16Se poutèt sa, Senyè ki gen tout pouvwa a pral voye yon sèl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sèl chalè ki pral leve nan tout kò yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo. 17Bondye #Abd 18 ki limyè pèp Izrayèl la pral tounen yon dife. Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa pral tounen yon flanm dife. Nan yon sèl jou l'ap boule tout pikan ak tout raje, fè yo tounen sann. 18Li #Eza 10.33 pral detwi gwo rakbwa yo ak bèl jaden yo nèt. Depi nan rasin yo jouk nan fèy yo, pyebwa yo ap cheche, menm jan yon move maladi souse yon moun jouk li touye l. 19P'ap rete anpil pyebwa nan rak li yo ankò. Nenpòt timoun piti ka konte ti rès la.
Se yon ti ponyen ase k'ap tounen
20Yon #2 Wa 16.7; 19.14; Eza 4.2; Eza 9.6 jou gen pou vini. Lè sa a, ti rès moun pèp Izrayèl la, sa ki te chape anba lanmò nan fanmi Jakòb la, p'ap konte ankò sou pèp ki te twaka fini ak yo a. Y'a mete konfyans yo tout bon nan Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. 21Se yon ti ponyen moun ase, yon ti rès nan fanmi Jakòb la k'ap tounen vin jwenn Bondye yo a ki gen pouvwa. 22Menm #Eza 6.13; 28.22; Da 9.27; Wòm 9.27,28 si moun pèp Izrayèl yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen ase k'ap tounen. Wè pa wè, y'ap detwi pèp la. Se sa menm li merite. 23Wi, Senyè ki gen tout pouvwa a pral fè lènmi mache nan tout peyi a pou yo devalize l jan li te di l'ap fè l la.
Senyè a ap pini peyi Lasiri
24Se poutèt sa, Senyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a di konsa:
— Nou menm, pèp mwen ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè moun peyi Lasiri yo k'ap woule nou anba baton, k'ap leve men yo pou yo frape nou menm jan moun peyi Lejip yo te fè nou an. 25Talè #Eza 17.14 konsa, kòlè mwen ap bout, endiyasyon mwen ap disparèt nèt. 26Mwen #Egz 14.16,23,27; 2 Wa 19.35; Eza 9.4 menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, m'ap pran fwèt pou m bat yo, menm jan mwen te bat moun peyi Madyan yo bò gwo wòch Orèb la. M'ap fè peyi Lasiri soufri menm jan mwen te fè peyi Lejip soufri a. 27Lè jou sa a va rive, m'a wete chay sa a sou zepòl nou. M'a delivre nou anba moun peyi Lasiri yo. Nou p'ap nan mizè ankò, n'ap gen tou sa n'a bezwen.
Lènmi anvayi tout peyi a
28Lènmi gentan rive nan peyi Ajat#10.28: Ajat: Peyi sa a ak lòt peyi yo nonmen nan vèsè 28 pou rive nan vèsè 32 a se yon bann peyi ki te sou wout sòti nan nò pou desann rive lavil Jerizalèm.!
Men y'ap travèse peyi Migwon!
Yo kite tout zafè yo lavil Mikmas.
29Yo travèse pas la!
Yo pase nwit lan lavil Geba!
Moun lavil Rama yo ap tranble.
Moun lavil Gibeya yo, peyi wa Sayil la, kouri mete deyò.
30Nou menm moun lavil Gatim, pete rele!
Nou menm moun lavil Layich, mache sou piga nou!
Nou menm moun lavil Anatòt, nou nan ka!
31Moun lavil Madmena yo chape kò yo.
Moun lavil Gebim yo al kache.
32Jòdi a, lènmi an fè yon rete lavil Nòb.
L'ap giyonnen moun ki rete sou mòn Siyon yo.
L'ap lonje dwèt sou lavil Jerizalèm.
33Senyè #Eza 10.18; Eze 31.3; Na 1.12 sèl Mèt ki gen tout pouvwa a pral desann yo
tankou branch bwa y'ap koupe mete atè.
L'ap koupe tèt tou sa ki wo yo.
Tou sa ki byen kanpe yo, l'ap lage yo atè.
34L'ap koupe yo tankou yo mete rach nan gwo pyebwa.
Peyi Liban an pral plat atè!

Currently Selected:

Ezayi 10: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy