YouVersion Logo
Search Icon

Oze 4

4
Senyè a gen yon pwosè l'ap mennen kont moun Izrayèl yo
1Senyè a gen yon pwose l'ap mennen ak moun k'ap viv nan #Eza 3.13; Jer 25.31; Mi 6.2 peyi a. Nou menm, pitit Izrayèl yo, koute sa Senyè a ap di:
— Nan peyi a, bonjou nou pa laverite. Pa gen bon kè ankò.
Pa gen moun ki konn Bondye ankò nan peyi a.
2Se #Oze 7.1 fè sèman pou gremesi, se bay manti.
Se touye moun, se vòlò, se fè adiltè.
Y'ap kraze gason, se krim sou krim.
3Se #Eza 24.4; Jer 4.28; Jowèl 1.10,18; Sof 1.3 poutèt sa, peyi a pral nan lapenn.
Tout moun nan peyi a pral deperi.
Tout zannimo nan savann,
tout zwazo k'ap vole nan syèl,
tout pwason nan lanmè pral mouri.
Senyè a ap akize prèt yo
4Senyè a #Det 17.12 di:
— Piga pèsonn louvri bouch yo di yon mo!
Piga pèsonn kritike anyen!
Se nou menm prèt yo, m'ap akize kounyeya.
5Gwo lajounen, n'ap fè sa nou pat dwe fè.
Lannwit menm, ata pwofèt yo ap fè tankou nou.
Se fini m'ap fini ak pèp la ki tankou yon manman sitirèz pou nou.
6Pèp #Pwo 1.29; Eza 5.13; Jer 23.39 mwen an ap peri paske li pa konnen mwen.
Prèt yo voyetou sa mwen te moutre yo jete.
Se konsa, mwen menm tou, mwen p'ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò.
Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a, jete.
Mwen menm tou, m'ap voye pitit yo jete.
7Plis #Mal 2.9 nou gen prèt, se plis n'ap fè sa ki mal devan je m.
Se poutèt sa, kote pou yo ta respekte nou an, se la y'ap fè nou wont.
8Plis pèp la plonje nan fè peche, se plis n'ap vin pi rich.
Se konsa nou ta renmen wè pèp la fè peche plis toujou.
9Sa #Eza 24.2 k'ap rive pèp la, se sa k'ap rive nou tou, nou menm prèt yo. M'ap regle nou pou tout move mès nou yo. M'ap fè nou peye tou sa nou fè ki mal. 10N'a #Aje 1.6 manje sa ki pou nou nan bèt nou ofri yo, men n'a rete grangou toujou. N'ap fè sèvis pou zidòl yo pretann di k'ap bay pitit, men n'a rete san fè pitit. Tou sa, paske nou vire do bay Senyè a pou nou kouri dèyè lòt bondye.
Bondye kondannen sèvis zidòl
11Senyè a #1 Wa 11.4 di:
— Nan sèvi lòt bondye, fanm, diven ak bweson fè pèp la pèdi tèt li.
12Se #Jer 2.27 yon moso bwa y'al mande sa pou yo fè!
Se yon bout bwa ki pou di yo sa yo bezwen konnen!
Yo tankou yon fanm marye ki lage kò l nan fè jennès, yo pèdi tèt yo.
Y'ap kouri dèyè lòt bondye, y'ap twonpe Senyè a!
13Yo #Eza 1.29; Eze 6.13 moute sou tèt mòn yo al ofri bèt pou touye.
Y'al boule lansan sou ti mòn yo, anba pye bwadchenn,
anba pye sikren ak pye mapou, kote ki gen bon lonbray!
Se poutèt sa, pitit fi yo ap lage kò yo nan jennès, bèlfi yo ap fè adiltè. 14Non. #Oze 9.10 Mwen p'ap pini ni pitit fi nou yo, ni bèlfi nou yo pou sa y'ap fè a, paske se nou menm gason k'ap fèmen kò nou apa ak medam k'ap fè jennès nan tanp yo. Nou mete tèt ansanm ak yo pou fè sèvis pou lòt bondye. Tankou pawòl la di: Yon pèp ki san konprann, se yon pèp ki fini. 15Si #1 Wa 12.29; Oze 9.15; Am 4.4 moun Izrayèl yo vle vire do ban mwen, mwen ta swete moun Jida yo pa fè menm jan an tou! Pa ale lavil Gilgal! Pa moute Betavenn #4.15: Betavenn: Yon mo ebre ki vle di: kay mechanste a. Se konsa pwofèt la rele lavil Betèl ki vle di Kay Bondye a. pou fè sèvis! Pa pran non Bondye vivan an pou fè sèman! 16Paske, moun Izrayèl yo gen tèt di pase milèt pòt. Ki jan pou Senyè a ka mennen yo al manje nan savann tankou ti mouton? 17#4.17-19: Nan tèks ebre a twa vèsè sa yo pa klè. Moun Efrayim #4.17: Efrayim: Yon lòt non pwofèt la bay peyi Izrayèl la. yo menm lage kò yo bay zidòl yo nèt. Kite yo pou kont yo! 18Yo mete tèt yo ansanm ak yon bann gwògè. Yo lage kò yo nan fanm. Yo pito sa ki pou fè yo wont la pase sa ki pou ta fè moun respekte yo. 19Yo #Eza 1.29; 57.13; Jer 4.11; Oze 13.15 pran nan yon move kouran. Y'a wont ofrann bèt y'ap fè pou touye pou zidòl yo.

Currently Selected:

Oze 4: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in