YouVersion Logo
Search Icon

Oze 2

2
1Se konsa n'a rele frè nou yo moun Bondye. #Eza 50.1 N'a rele sè nou yo moun Bondye gen pitye pou yo.
Menm jan Gomè twonpe mari l, se konsa Izrayèl vire do bay Bondye
2Pitit mwen yo, pale ak manman nou. Paske li pa madanm mwen ankò. Mwen pa mari li nonplis. Pale ak li pou li manyè kite fè jennès, pou li wete nan kòsay li bann zidòl li renmen anpil yo. 3Si #Eze 19.13 li pa fè sa, m'ap dezabiye l nèt, pou l rete toutouni jan manman l te fè l. M'ap fè l tounen tankou tè sèk ki pa jwenn lapli. M'ap fè l mouri swaf dlo. 4Mwen p'ap gen pitye pou timoun li yo nonplis paske yo se pitit fanm k'ap mennen lavi jennès. 5Manman #Jer 44.17 yo lage kò l nan fè jennès. Wi, li menm ki te pote yo nan vant li, li avili tèt li, paske l'ap di: mwen pral jwenn nonm mwen yo. Yo ban m tou sa m bezwen. Yo ban m manje, yo ban m bwè. Yo ban m twal lenn ak twal fen. Yo ban m lwil oliv, yo ban m diven pou m bwè. 6Se #Jòb 3.23; 19.8 poutèt sa mwen pral met pikan bare chemen li. Mwen pral leve yon gwo miray. Konsa li p'ap ka soti. 7L'a #Eza 54.5,6; Lik 15.17,18 chache mwayen pou l'al kouri dèyè nonm li yo, men li p'ap ka rive jwenn yo. L'a chache yo toupatou, men li p'ap jwenn yo. Lè sa a, la di: M'ap tounen vin jwenn premye mari mwen an, paske avè l zafè m te pi bon pase kounyeya.
8Pèp #Eza 1.3; Eze 16.19 Izrayèl la pat rekonèt se mwen menm ki te ba li farin, diven ak lwil. Ata lò ak ajan, se mwen ki te ba li yo an kantite. Men, li pran yo pou fè sèvis Baal. 9Se #Jowèl 1.10 poutèt sa, lè sezon rekòt la rive, m'ap reprann farin ak diven mwen te ba li a. M'ap reprann twal lenn ak twal fen mwen te ba li pou fè rad met sou li. 10M'ap #Lam 1.8 mete li toutouni devan bann nonm li yo. Pesonn p'ap ka enpoze mwen fè sa. 11Mwen #Eza 1.13,14; Am 8.10 pral fè l sispann gen kè kontan. Mwen pral sispann tout fèt li yo, fèt lalin nouvèl li yo, fèt repo l yo ak gwo fèt li fete chak lanne yo. 12Kanta #Eza 5.5; Mi 1.7 jaden rezen ak pye fig frans li yo, li di se nonm li yo ki te ba li yo. Enben, m'ap ravaje sa. M'ap fè yo tounen raje, bèt nan bwa va devore yo. 13Mwen #Eze 23.40 pral pini li pou tout tan li te bliye m' lan, lè li t'ap boule lansan devan Baal yo, lè li t'ap mete bèl zanno ak bèl kolye pou plede mache dèyè bann nonm li yo. Se Senyè a menm ki di sa.
Senyè a renmen pèp li a anpil
14Se #Eza 40.2; Eze 20.35 poutèt sa, mwen pral mennen l nan dezè a ankò. Mwen pral pale dous avè l, pou l ka tounen vin jwenn mwen. 15M'a #Jer 2.2; Oze 11.1 ba li jaden rezen li te gen anvan yo. M'a fè sa ki te rive l nan Fon Malè a tounen yon okazyon pou l jwenn sa li t'ap tann lan. L'a reponn mwen menm jan li te fè l lè li te jenn lan, lè l te chape anba men moun peyi Lejip yo. 16Jou sa a, l'a rele mwen mari li. Li p'ap rele mwen chèf ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa. 17Mwen #Egz 23.13; Sof 1.4 p'ap janm kite non zidòl Baal #2.17: Baal: Se non yo te bay bondye moun Kanaran yo. Nan lang moun sa yo li vle di mari, mèt. Nan lang ebre a yo sèvi avè l anpil pou tout kalite zidòl. Nan vèsè sa yo pwofèt la ap fè yon jwèt pawoli avèk mo sa a. soti nan bouch li. Li p'ap janm lonmen non yo ankò. 18#Lev 26.5; Jòb 5.23; Eza 2.4; Eze 34.25; 39.9,10 sa a, m'a pase yon kontra avèk tout zannimo nan savann, ak tout zwazo k'ap vole nan syèl epi ak tout bèt ki rale sou vant pou pa fè pèp la anyen. M'ap kraze banza ak epe pou lagè pa fèt ankò nan peyi a, pou moun ka dòmi kè poze san danje.
19Izrayèl, #Jer 3.14,15; 2 Kor 11.2 m'ap pran angajman pou m viv avè ou pou tout tan,
m'ap toujou respekte ou, m'ap toujou kenbe pawòl mwen avè ou.
M'ap toujou renmen ou, m'ap toujou gen pitye pou ou.
20M'ap #Jer 31.34; Jan 17.3 kenbe pwomès mwen, w'ap pou mwen nèt.
Konsa, w'a konnen ki moun mwen menm, Senyè a, mwen ye.
21Jou #Zak 8.12 sa a, m'a reponn lapriyè tout moun.
Se Senyè a menm ki di sa.
M'ap fè lapli sòti nan syèl tonbe sou latè.
22Tè a va bay manje, diven ak lwil.
Se konsa m'a reponn lapriyè moun Jizreyèl #2.22: Jizreyèl: Se non sa a pwofèt la bay peyi Izrayèl la. yo.
23M'ap #Lev 26.12; Jer 31.33; Eze 36.9; Oze 1.6,9; Zak 13.9; Wòm 9.25,26; 1 Pyè 2.10 fè yo peple nan peyi a.
M'a gen pitye pou moun mwen te meprize yo.
M'a pale ak moun ki pa moun pa m yo,
m'a di yo: Se pèp mwen nou ye.
Yo menm, y'a reponn: Wi, se Bondye nou ou ye.

Currently Selected:

Oze 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in