YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 8

8
Jezi granprèt nou
1Men bagay ki pi enpòtan nan tou sa m'ap di #Eb 4.14 la a: Nou gen yon kalite granprèt konsa ki chita sou bò dwat fòtèy Bondye ki wa nan syèl la. 2L'ap fè sèvis granprèt li nan kote ki apa pou Bondye a, sa vle di, nan kay tout bon an, kay Senyè a menm te bati. Se pat moun ki te bati l pou li.
3Travay yon granprèt, se ofri kado ak bèt pou touye bay Bondye. Nan kondisyon sa a, granprèt nou an dwe gen kichòy pou l ofri tou. 4Si Jezi te sou latè, menm senp prèt li pa ta ye, paske gen prèt deja ki la pou ofri kado yo, dapre jan lalwa Moyiz la vle l la. 5Nan #Kol 2.17; Egz 25.40 sèvis prèt sa yo ap fè nan tanp ki sou latè a, se kopye y'ap kopye sou sa k'ap fèt nan syèl la. Sa y'ap fè a ou ta di se lonbray sa k'ap fèt nan syèl la. Se konsa sa te ye pou Moyiz tou. Lè Moyiz ta pral moute tant lan, Bondye di li: Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan. 6Men, #Eb 7.22; 12.24; 2 Kor 3.6 kounyeya, sèvis granprèt nou an gen pou l fè a pi konsekan lontan pase sèvis prèt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lèzòm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomès ki garanti li.
7Si premye kontra a pat gen defo, pa ta gen nesesite pou yo ta fè yon lòt kontra pou pran plas li. 8Men, #Jer 31.31-34; Eb 10.16,17 Bondye te gen repwòch pou l fè pèp li a. Se sa k fè Bondye di:
Gade, pa rete lontan ankò
anvan pou m fè yon lòt kontra avèk pèp Izrayèl la, avèk branch fanmi Jida a.
9Bondye #Egz 19.5,6 di ankò:
Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a,
lè m te pran men yo pou m te fè yo sòti kite peyi Lejip la.
Yo pat fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a.
Se poutèt sa, mwen pat okipe yo tou.
10Bondye di ankò:
Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase.
M'a mete lwa m yo nan lespri yo,
m'a make lwa m yo nan kè yo.
M'a tounen Bondye tout bon pou yo,
y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.
11Pèsonn p'ap bezwen moutre yon lòt moun anyen nan peyi a.
Pèsonn p'ap bezwen di yon lòt nan peyi a:
Manyè chache konn Bondye.
Paske, yo tout y'a konnen m,
depi sa ki tou piti a jouk sa ki pi gran an.
12M'a padonnen sa yo fè ki mal,
mwen p'ap chonje peche yo ankò.
13#Wòm 10.4 Bondye di li pral fè yon lòt kontra, li fè premye kontra a pase mòd. Tou sa ki pase mòd, tou sa ki fin vye prèt pou disparèt.

Currently Selected:

Ebre 8: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in