YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 12

12
Pa dekouraje
1Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo #Eb 10.36; Wòm 7.21; 1 Kor 9.24 ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. 2Ann #Eb 2.10; Sòm 110.1 kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.
3Wi #Lik 2.34 panse sou ka li byen. Gade tout sa li sibi anba men lèzòm ki pa te vle wè li. Konsa tou, pa kouri pou batay la, ni tou pa dekouraje. 4Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri. 5Eske #Pwo 3.11,12 se bliye nou gentan bliye pawòl Bondye te di pou ankouraje nou tankou pitit li?
Pitit mwen, lè Bondye ap pini ou, pa betize ak sa.
Lè l'ap fè ou repwòch, pa dekouraje.
6Paske #Rev 3.19 Bondye pini moun li renmen.
Se moun li rekonèt pou pitit li li bat.
7Enben, sipòte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap pini nou. Paske soufrans sa yo se prèv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm pini pitit li? 8Si #Sòm 73.14,15 Bondye pa pini nou tankou tout papa pini pitit yo, sa vle di nou pa pitit lejitim Bondye tout bon, nou se pitit deyò. 9Chonje #Nonb 16.22 sa papa nou sou latè a konn fè. Yo pini nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv. 10Papa nou sou latè a te konn pini nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye pini nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la. 11#2 Kor 4.17,18; Jak 3.17 y'ap rale zòrèy nou, sa fè nou pi tris pase sa fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen pare, apre tout egzèsis sa yo, yo pral mennen yon lavi dwat ak kè poze.
Kèk konsèy ak avètisman
12Se #Eza 35.3 poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou. 13Mache #Pwo 4.26 kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l ka geri.
14Chache #Sòm 34.14; Mat 5.8; Wòm 12.18; 2 Tim 2.22 viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a. 15Pa #Det 29.18; Tra 8.23 kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo. 16Pa #Jen 25.33,34 kite pèsonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezayi ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje. 17Nou #Jen 27.30-40 konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pat gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la.
18Nou #Egz 19.12,16,18; Det 4.11 pat pwoche bò kote yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kote Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pat piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan. 19Yo #Egz 19.19; 20.19; Det 5.23 te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l sispann pale. 20Yo #Egz 19.13 pat kapab sipòte lòd li te ba yo lè li te di: Menm si se yon bèt ki mete pye l sou mòn sa a, se pou yo touye l ak kout wòch. 21Moyiz #Det 9.19 menm, sa l te wè devan je l yo se te bagay terib. Se poutèt sa li te di: M'ap tranble kou fèy bwa tèlman mwen pè.
22Okontrè, #Rev 14.1; 21.2; 5.11; Gal 4.26 nou pwoche bò kote Mòn Siyon an, bò kote lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo. 23Nou #Lik 10.20 pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kote Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a. 24Nou #Eb 9.15; 11.4; Jen 4.10; 1 Pyè 1.2 pwoche bò kote Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bò kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abèl la.
25Veye #Eb 2.2; 10.28,29 kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pat chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l nan syèl la. 26Nan #Aje 2.6 tan lontan, lè Bondye te pale, tè a te tranble. Men, kounyeya, li fè nou pwomès sa a: Yon lòt fwa, se pa latè a ase m'ap fè tranble. M'ap fè syèl la tranble tou. 27Lè li di yon lòt fwa, li fè konprann lè sa a se tout bagay Bondye kreye yo ki pral tranble. Yo pral disparèt. Konsa se bagay ki byen fèm yo k'ap rete.
28Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l plezi, avèk respè, avèk krentif. 29Paske #Eza 33.14; Det 4.24; 9.3 Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.

Currently Selected:

Ebre 12: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in