YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 10:35-39

Ebre 10:35-39 HAT98

Pa pèdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li. Men, nou bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l te pwomèt la. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Nan yon ti tan ankò, sa p'ap pran lontan, Moun ki gen pou vini an ap vini, Li p'ap pran reta. Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l vire do l tounen fè bak, li p'ap fè kè m kontan. Nou menm, nou p'ap fè tankou moun sa yo k'ap tounen dèyè, k'ap pèdi tèt yo. N'ap fè tankou moun ki kenbe fèm nan Bondye, moun k'ap delivre nanm yo.

Video for Ebre 10:35-39