YouVersion Logo
Search Icon

Abakik 2

2
Senyè a reponn Abakik
1Mwen moute sou fò a. Mwen kanpe sou tèt miray ranpa a. M'ap tann wè sa Senyè a pral di mwen, ki repons li pral ban mwen apre tout plenyen mwen fin plenyen ba li a. 2Men #Eza 30.8; Da 10.14; 2 Pyè 3.9 repons Senyè a ban mwen. Li di m' konsa:
— Ekri sa mwen pral fè ou wè a. Grave li byen grave sou wòch pou yo ka li li fasil. 3Ekri l paske se poko lè pou sa m pral fè ou wè a rive. Men, li p'ap pran lontan ankò pou l rive. Li gen pou l rive vre. Si li pran reta pou l rive, ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l rive lè pou l rive a. 4Men #Wòm 1.17; Gal 3.11; Eb 10.38 mesaj la: Gade jan y'ap fè gwo kòlèt! Yo pa konn sa ki rele mache dwat! Men moun ki mache dwat yo ap viv nan konfyans yo genyen nan Bondye.
Madichon pou moun k'ap fè sa ki mal
5Richès #Pwo 27.20; Eza 5.14; Da 2.37,38 fè moun pèdi tèt yo pi mal pase bweson. Moun ki gen lògèy pa ka rete trankil. Tankou simityè, yo pa janm gen ase. Tankou kote mò yo ye a, yo pa janm gen kont. Yo mache pran tout nasyon pou yo. Yo mete tout pèp anba ponyèt yo. 6Men, #Eza 5.8; Mi 2.4; Zak 1.12 tout pèp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dèyè yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k'ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilè y'a sispann fè sa? Madichon pou moun k'ap bay ponya epi k'ap fè moun peye gwo enterè mete sou li!
7Talè konsa, se nou ki pral nan pran ponya. Moun nou dwe yo pral leve dèyè nou. Yo pral piye tou sa nou genyen. 8Nou #Eza 33.1 te piye anpil nasyon. Kounyeya rès moun ki te chape yo pral piye tou sa nou genyen paske nou te touye anpil moun, nou te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ki te rete ladan yo pase anpil mati anba men nou.
9Madichon #Eza 14.13; Jer 22.13; 49.16 pou moun k'ap vòlò pou fè fanmi yo rich, k'ap bati kay sou mòn pou malè pa rive yo! 10Se #Nonb 16.38 wont nou fè fanmi nou yo wont. Lè nou detwi anpil nasyon konsa, se pwòp tèt nou nou fè mal. 11Ata #Lik 19.40 wòch ki nan miray yo ap denonse nou. Poto travès kay yo ap fè menm bagay la tou.
12Madichon #Mi 3.10 pou moun k'ap touye moun, k'ap fè lenjistis pou bati lavil yo! 13Travay #Jer 51.58 pèp yo ap fè a pral boule nan dife. Se pou gremesi nasyon yo ap fatige kò yo travay di. Se Senyè a menm k'ap fè sa rive konsa. 14Menm #Sòm 72.19; Eza 11.9 jan lanmè a plen dlo, se konsa toupatou sou latè moun pral konnen pouvwa Bondye a.
15Madichon #Jer 51.7; Lam 4.21 pou moun k'ap fè moun parèy yo bwè pou avili yo. Yo vide bweson ba yo jouk yo sou. Yo mete yo toutouni devan tout moun. 16Moun #Jer 25.15; Na 3.5,6 p'ap fè lwanj pou yo. Okontrè, yo pral trennen yo nan labou. Se yo menm ki pral bwè pou yo sou jouk y'a mete yo toutouni devan tout moun tou. Senyè a nan kòlè li pral fè yo bwè gode chatiman li pare pou yo a. Yo t'ap chache lwanj? Se wont y'a wont pito. 17Yo #Jer 22.23 te koupe tout gwo rakbwa peyi Liban an. Kounyeya, se yo yo pral koupe voye jete. Yo te touye tout bèt li yo. Kounyeya, bèt li yo pral fè yo kouri al kache. Tou sa pral rive yo paske yo te touye anpil moun, yo te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ladan yo pase anpil mati anba men yo.
18Kisa #Eza 44.10; Jer 10.8,14; 1 Kor 12.2 yon estati bwa ka fè pou nou jouktan nou fè moun travay fè li pou nou an? Kisa estati metal yo fonn yo ka fè pou nou? Se manti ase l'ap ban nou. Sa sa ap rapòte nou lè nou fè zidòl lè nou fè zidòl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo? 19Madichon #1 Wa 18.26,27; Sòm 135.17 pou moun k'ap pale ak yon bout bwa, epi k'ap di l: Leve non! Madichon pou moun k'ap pale ak yon moso wòch ki pa gen lapawòl, epi k'ap di l: Kanpe non! Eske bout bwa ak moso wòch ka di ou anyen? Ou kouvri yo avèk plak lò ak plak ajan, se vre. Men yo pa gen lavi.
20Senyè a #Sòm 11.4; Zak 2.13 prezan nan Tanp li mete apa pou li a. Se pou tout latè nèt fè silans devan li.

Currently Selected:

Abakik 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in