YouVersion Logo
Search Icon

Galat 4

4
1Enben! Men sa m vle di: Pitit ki pou resevwa byen papa li a, toutotan li piti toujou, y'ap trete l menm jan yo trete yon esklav, atout se li menm ki mèt tout bagay. 2Toutotan li timoun toujou, li sou lòd moun k'ap okipe l la, moun k'ap regle zafè l pou li a, jouk lè papa a te fikse a rive. 3Nou #Gal 3.23; 5.1; Kol 2.20 menm tou, toutotan nou te tankou timoun, nou te esklav tout lide ki t'ap mennen lèzòm nan lemonn. 4Men, #Ef 1.10 lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li sòti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo, 5pou l #Gal 3.13,26 te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n te kapab vin pitit Bondye.
6Pou #Wòm 8.15 fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou. 7Konsa, #Gal 3.29; Wòm 8.16,17 ou pa esklav ankò, ou se yon pitit. Si ou se yon pitit Bondye, Bondye va ba ou tout byen li sere pou pitit li yo.
Pòl pè pou moun Galasi pèdi konfyans nan Kris
8Nan tan lontan, nou pat konnen Bondye, nou te esklav yon bann bondye ki pat Bondye. 9Men, kounyeya nou rive konn Bondye, ou pito kounyeya Bondye konnen nou, kouman nou fè vle tounen al jwenn ti lespri sa yo ki tou fèb, tou mizerab? Ki jan pou nou vle tounen esklav yo ankò? 10Ki #Wòm 14.5; Kol 2.16 jan fè gen jou, gen mwa, gen sezon, gen lanne ki pi konsekan pou nou pase lòt? 11Mwen #2 Jan 1.8 pè pou nou anpil. Gen lè mwen te travay mal nan mitan nou? Se sa m'ap mande mwen. 12Frè m #2 Kor 2.5 yo, tanpri souple. Se pou nou vin tankou m, menm jan mwen menm tou mwen te vini tankou nou. Nou pa janm fè m okenn tò. 13Nou #Tra 16.6; 1 Kor 2.3 chonje kisa ki te fè m anonse nou Bòn Nouvèl la pou premye fwa a? Se paske m te malad. 14#Tra 14.11,12 sa a, malgre maladi m lan ta ka yon eprèv pou nou, nou pat meprize m, ni nou pat repouse mwen. Okontrè, nou te resevwa m tankou si m te yon zanj Bondye, tankou si se Jezikri menm m te ye. 15Lè sa a, nou pat manke kontan! Kisa ki rive nou konsa? Mwen ka di sa pou nou: si nou te gen pou n te rache je nou ban mwen, nou ta fè li. 16Men #Am 5.10 kounyeya, eske mwen tounen yon lènmi pou nou paske m'ap di nou laverite?
17Lòt #Gal 1.7 moun sa yo enterese anpil nan nou, men lide yo gen dèyè tèt yo pa bon menm. Yo ta vle separe nou avè m pou nou ka enterese nan yo ase. 18Sa bon pou nou enterese nan lòt moun tou, men fòk nou pa gen move lide nan tèt nou. Wi, se pou nou toujou enterese nan lòt moun, menm lè mwen pa nan mitan nou. 19Pitit #1 Kor 4.15 mwen yo, m'ap soufri anpil pou nou toujou, tankou yon manman k'ap soufri doulè tranche, m'ap soufri pou nou jouk tan Kris la va fin fòme nèt nan nou. 20Jan m ta renmen bò kote nou kounyeya pou m ta ka pale yon lòt jan avèk nou! Se pa ti kras pè mwen pè pou nou!
Egzanp Aga ak Sara
21Manyè #Gal 3.23 di m, nou menm ki vle rete anba lalwa a: genlè nou pa konprann sa lalwa a di? 22Li #Jen 16.15; 21.2,9 di nou konsa: Abraram te gen de pitit gason, yonn avèk fanm ki te esklav la, yon lòt avèk fanm ki pat esklav la. 23Pitit #Wòm 9.7-9; Jen 17.16 fanm ki te esklav la te fèt dapre egzijans lachè, men pitit fanm ki pat esklav la te fèt dapre pwomès Bondye. 24Nou #Gal 5.1; Wòm 8.15 ka pran istwa sa a pou yon parabòl: de fanm sa yo se de kontra. Aga se kontra ki te fèt sou Mòn Sinayi a. Tout pitit li yo se esklav yo ye. 25Aga se Mòn Sinayi #4.25: Aga se mòn Sinayi: Gen maniskri ki bay Sinayi se yon mòn. nan peyi Arabi. Li koresponn ak lavil Jerizalèm ki la kounyeya nan esklavaj ak tout pitit li yo. 26Men, #Eb 12.22 Jerizalèm ki nan syèl la, li lib. Se li menm ki manman nou. 27Men #Eza 54.1 sa ki ekri nan Liv la:
Fè kè ou kontan, ou menm fanm ki pat ka fè pitit!
Rele! Fè tout moun konnen jan ou kontan, ou menm
ki pat janm konnen doulè tranche!
Paske, fanm gason pat okipe a
ap gen plis pitit pase fanm ki gen mari.
28Kounyeya, frè m yo, nou tankou Izarak: nou se pitit Bondye jan l te pwomèt la. 29Nan #Jen 21.9 tan Abraram, pitit ki te fèt dapre egzijans lachè a t'ap pèsekite pitit ki te fèt dapre Lespri Bondye a. Se konsa sa ye kounyeya tou. 30Men, #Jen 21.10,12; Jan 8.35 kisa ki ekri nan Liv la? Liv la di: Mete esklav la deyò ansanm ak tout pitit li a. Paske pitit esklav la pa gendwa eritye nan byen papa a ansanm avèk pitit fanm ki pat esklav la. 31Konsa, #Gal 3.29 frè m yo, nou pa pitit esklav la, nou se pitit fanm ki pat esklav la.

Currently Selected:

Galat 4: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in