YouVersion Logo
Search Icon

Esdras 10

10
Esdras kase tout maryaj jwif yo fè ak moun lòt nasyon
1Esdras menm te ajenou toujou, fas atè, #Det 9.18; 2 Kwo 20.9; Ney 1.4-6; Da 9.20 devan Kay Bondye a, li t'ap lapriyè. Dlo nan je, li t'ap rekonèt tout fòt pèp la te fè devan Bondye. Pandan li t'ap fè sa, yon foul moun pèp Izrayèl la, gason, fanm ak timoun, vin sanble fè wonn bò kote l. Dlo t'ap ponpe nan je yo tout. 2#Esd 9.2 sa a, Chekanya, pitit gason Jeyèl la, nan branch fanmi Elam lan, pran lapawòl. Li di Esdras konsa:
— Nou trayi Bondye nou an vre lè nou pran fanm lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou madanm nou. Men malgre sa, mwen kwè gen espwa toujou pou pèp Izrayèl la. 3Nou #Det 7.2,3; Esd 9.4; 10.44; Mal 2.16 tout pral pran angajman an piblik devan Bondye pou nou ranvoye tout medam sa yo ansanm ak pitit yo fè pou nou. Wi, mèt, nou pral swiv konsèy ou menm ak lòt moun ki gen respè pou kòmandman Bondye nou an te ban nou. Se pou nou fè tou sa lalwa Bondye a mande nou fè. 4Leve non! Se ou menm ki pou regle bagay sa a. N'ap kanpe la avè ou! Kouray! Annavan!
5#Ney 5.12; 13.25 sa a, Esdras leve, li fè chèf prèt yo, chèf moun Levi yo ak tout rès moun yo sèmante yo pral fè sa Chekanya te di a. Yo sèmante vre. 6Apre #Det 9.18; Ney 3.1; 12.22,23 sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan Tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pat kenbe pawòl yo.
7Yo fè piblikasyon nan tout peyi Jida ak lavil Jerizalèm pou mande tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a pou yo tout te reyini lavil Jerizalèm. 8Si yon moun kite twa jou pase li pa moute, tout chèf ak tout moun ki alatèt branch fanmi yo te dakò pou yo te sezi tout byen moun sa a fè Tanp Bondye a kado, lèfini pou yo pa te konsidere li tankou moun sosyete a ankò avèk rès moun ki te tounen soti kote yo te depòte yo a. 9Nan twa jou vre, ki te ventyèm jou nan nevyèm mwa a, tout gason ki t'ap viv sou pòsyon tè ki te pou branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo te sanble lavil Jerizalèm. Yo rete sou plas piblik ki devan Tanp Bondye a. Yon gwo lapli t'ap tonbe. Tout moun t'ap tranble, yo te frèt, men yo te pè tou paske se te yon gwo zafè. 10Lè sa a, Esdras, prèt la, leve, li di yo:
— Lè nou marye ak fanm lòt nasyon yo, se trayi nou trayi Bondye. Se mete nou mete sou tou sa k'ap fèt mal deja nan mitan pèp Izrayèl la. 11Men #Joz 7.19 kounyeya, rekonèt devan Senyè a, Bondye zansèt nou yo, sa nou fè ki mal la. Fè sa li vle nou fè a: pran distans nou ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Separe ak fanm nou te pran pami lòt nasyon yo pou madanm.
12Tout pèp la pran reponn byen fò:
— Wi. N'ap fè tou sa ou mande nou fè! 13Men pèp la anpil. Se sezon lapli. Nou pa ka rete deyò a konsa. Epitou, se pa bagay k'ap pran yon jou osinon de jou, paske gen anpil nan nou ki koupab nan zafè sa a. 14Se #Nonb 25.4; 2 Kwo 29.10; 30.8 pou chèf nou yo rete isit la nan plas nou pou regle bagay la. Nan dat y'a fikse a, tout moun nan peyi a ki marye ak yon fanm lòt nasyon va vin parèt devan yo. Chèf fanmi yo ak jij k'ap dirije lavil kote moun lan rete a va vin avè l. Konsa konsa, jouk kòlè Bondye ki te tonbe sou nou poutèt bagay sa a va bese.
15Tout moun te dakò esèpte Jonatan, pitit gason Asayèl, ak Jaksya, pitit gason Tikva a, ki te kont. Machoulam ak Chabtayi, yon moun Levi, te pran pozisyon ak yo tou.
16Men, moun ki te tounen sòti nan peyi kote yo te depòte yo a te dakò ak sa yo te mande yo fè a. Esdras, prèt la, fè chwazi kèk moun ki te chèf branch fanmi pou ede l nan travay la. Li pran non yo sou lis. Epi se konsa, depi premye jou dizyèm mwa a yo chita nan tribinal, y'ap egzaminen ka chak moun yonn apre lòt. 17Apre twa mwa, jou pou jou, lè premye jou premye mwa a rive, yo te fin regle zafè tout moun ki te marye ak fanm lòt nasyon yo.
Men lis koupab yo
18Men #Esd 3.2 lis gason ki te marye ak fanm lòt nasyon yo:
Pami prèt yo, nan branch fanmi Jozye a, pitit Jeozadak la ak nan branch fanmi frè l yo, te gen Maseja, Elyezè ak Gedalya. 19Yo #Lev 6.6; 2 Wa 10.15 fè sèman y'ap ranvoye madanm yo, epi yo ofri yon belye mouton bay Senyè a pou mande li padon pou fòt yo te fè a.
20Nan #Esd 2.3-42 branch fanmi Imè a te gen Anani ak Zebadya.
21Nan branch fanmi Arim lan, te gen Maseja, Elija, Chemaja, Jeyèl ak Ouzya.
22Nan branch fanmi Pachou an, te gen Elyeyoenayi, Maseja, Jichmayèl, Netaneyèl, Jozabad ak Eleaza.
23Pami moun Levi yo, te gen Jozabad, Chimeyi, Kelaya (yo te rele l Kelita tou), Petaja, Jeouda ak Elyezè.
24Pami sanba yo, te gen Elijachib.
Pami gad Tanp yo, te gen Chaloum, Telèm ak Ouri.
25Pami rès pèp la, nan branch fanmi Pareòch la, te gen Ramya, Jizija, Malkija, Mijamen, Eleaza, Malkija ak Benaja.
26Nan branch fanmi Elam lan, te gen Natanya, Zekarya, Jeyèl, Abdi, Jeremòt ak Elija.
27Nan branch fanmi Zatou a, te gen Elyeyoenayi, Elyachib, Matanya, Jeremòt, Zabad ak Azisa.
28Nan branch fanmi Bebayi a, te gen Yokanan, Ananya, Zabayi a ak Atlayi.
29Nan branch fanmi Bani an, te gen Mechoulam, Malouk, Adaja, Jachoub, Cheal ak Jeramòt.
30Nan branch fanmi Pakat-Mowab la, te gen Adna, Kelal, Benaja, Machiya, Matanya, Bezaleyèl, Bennwi ak Manase.
31Nan branch fanmi Arim lan, te gen Elyezè, Jichija, Malkija, Chemaja, Simeyon, 32Benjamen, Malouk ak Chemarya.
33Nan branch fanmi Achoum lan, te gen Matenayi, Matata. Zabab, Elifelèt, Jeremayi, Manase ak Chimèyi.
34Nan branch fanmi Bani an, te gen Madayi, Amram, Ourèl, 35Benaja, Bedeja, Kelwit, 36Vanya, Meremòt, Elyachib, 37Matanya, Matenayi ak Jasayi.
38Nan branch fanmi Bennwi a, te gen Chimèyi, 39Chelemija, Natan, Adaja, 40Maknadebayi, Chachayi, Charayi, 41Azaryèl, Chelemya, Chemarya, 42Chaloum, Amarya ak Jozèf.
43Nan branch fanmi Nebo a te gen Jeyèl, Matitya, Zabab, Zebina, Jadayi, Jowèl ak Benaja.
44Tout #Esd 10.3 mesye sa yo te marye ak fanm lòt nasyon. Kèk nan medam sa yo te gentan fè pitit pou yo.

Currently Selected:

Esdras 10: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in