YouVersion Logo
Search Icon

Ezekyèl 42

42
De kay ki nan lakou Tanp lan
1Apre sa, nonm lan mennen m nan gwo lakou #Eze 40.17,20; 41.12,13 deyò a. Li fè m antre nan yon gwo batisman ki sou bò nò Tanp lan, pa twò lwen kay ki sou bò solèy kouche Tanp lan. 2Batisman sa a te gen sanswasanntwit (168) pye longè, katrevenkat pye lajè. 3Sou yon bò te gen yon galeri trannkat pye lajè ki fè wonn Tanp lan. Sou lòt bò a, te gen pave gwo lakou deyò a. Kay la te yon chanmòt twa etaj, chak etaj te pi dèyè pase etaj anba l la. 4Pòt chanm yo te bay sou bò nò, yo te louvri sou yon koridò sèz pye lajè, sanswasanntwit pye longè #42.4: sanswasanntwit pye longè: Men tèks ebre a bay: ak yon ti pasay ven pous. ki pase devan chanm yo. 5Chanm ki te nan etaj anwo nèt la te pi fèmen pase chanm ki te nan etaj mitan an ak chanm ki te nan etaj anba nèt la, paske yo te bati plis sou dèyè. 6Nan tout twa etaj yo, pyès ki te anwo nèt la te pi fèmen pase sa ki te nan mitan an ak sa ki te anba nèt la. Yo pat gen poto pilye pou sipòte yo tankou lòt kay yo nan lakou a. 7Miray deyò Tanp lan, sou anba nèt, sou menm nivo ak premye etaj la, te gen katrevenkat pye epesè, ki vle di mwatye lajè gwo kay nò a. 8Anwo nèt, pyès yo te pran tout lajè kay la. Paske fasad devan kay la te gen sanswasanntwit pye. 9Anba chanm yo, sou bò solèy leve kay la, kote miray la konmanse a, te gen yon pòtay pou antre nan gwo lakou deyò a.
10Sou bò sid Tanp lan, #42.10: sou bò sid Tanp lan: Tèks ebre a menm bay: sou bò solèy leve a. te gen yon lòt gwo batisman tankou premye a, toupre gwo pyès ki sou bò solèy kouche Tanp lan. 11Devan chanm yo, te gen yon koridò tankou pou kay ki sou bò nò a. Li te gen menm longè, menm lajè avè l, menm fòm, ak menm pozisyon pou pòt yo ak fennèt yo. 12Te gen yon pòt nan chanm yo sou bò sid kay la ki louvri sou koridò nan pwent bò solèy leve a, kote miray la konmanse a.
13#Lev 6.16; 24.9; Nonb 18.9; Eze 40.46 sa a, nonm lan di m:
— De gwo kay sa yo, yonn sou bò nò, yonn bò sid, se chanm ki mache ak chanm yo met apa pou Senyè a. Se la prèt k'ap sèvi devan lotèl Senyè a manje ofrann yo mete apa pou Senyè a. Chanm sa yo fèt pou rete apa pou Senyè a tou. Se la prèt yo pral met ofrann yo met apa pou Senyè a, ofrann grenn jaden osinon bèt yo ofri bay Senyè a pou mande l padon pou peche osinon pou peye pou sa yo te fè ki mal, paske kay sa a apa pou Senyè a. 14#Lev 6.11; Eze 44.19 prèt yo fin sèvi nan Tanp lan, anvan yo sòti nan gwo lakou deyò a, se pou yo ale nan kay sa a pou yo mete rad seremoni yo te gen sou yo pandan sèvis la, paske rad sa yo se rad ki apa pou Senyè a. Se pou yo mete lòt rad sou yo anvan yo sòti nan zòn kote pèp la rasanble a.
Mezi gwo lakou a
15Lè nonm lan fin mezire tout anndan Tanp lan, li sòti avè m nan pòtay bò solèy leve a, epi li mezire gwo lakou ki fè wonn Tanp lan. 16#42.16-19: Nan tèks ebre a kat vèsè sa yo pa klè. Li #Eze 40.3 pran baton pou mezire a, li pran mezi fasad ki bay sou solèy leve a. Li jwenn witsankarant (840) pye. 17Apre sa, li mezire bò ki bay sou nò a, li jwenn witsankarant (840) pye tou. 18Apre sa, li mezire bò ki bay sou sid la, li jwenn witsankarant (840) pye. 19Lèfini, li mezire bò ki bay sou solèy kouche a, li jwenn witsankarant (840) pye tou. 20Konsa, #Eze 22.26; 40.5 li jwenn miray ki te fè wonn Tanp lan ansanm ak gwo lakou a te kare kare, witsankarant (840) pye chak bò. Miray la te sèvi pou separe sa ki te apa pou Senyè a ak sa yo pat mete apa pou Senyè a.

Currently Selected:

Ezekyèl 42: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in