YouVersion Logo
Search Icon

Ezekyèl 38

38
Wa Gòg nan plan travay Bondye a
1Senyè a pale avè m ankò. Li di m konsa:
2— Ras #Rev 20.8 Adan! Vire tèt ou gade sa Gòg ap fè. Se li ki pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo nan peyi Magòg. Bay mesaj mwen ba ou sou li a. 3W'a di Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, men mesay mwen menm, Senyè sèl Mèt la voye di li: Kounyeya ou menm Gòg, m'ap leve dèyè ou. 4M'ap #Eze 29.4 fè ou kase tèt tounen. M'ap ba ou baboukèt, m'ap trennen ou, ou menm ak tout sòlda ou yo, chwal ou yo ak kavalye ou yo, ak bèl inifòm yo sou yo. Yon gwo lame w'ap genyen lè sa a, chak sòlda ak nepe yo nan men ak yon gwo osinon yon ti plak pwotèj fè nan lòt men an. 5Moun peyi Pès, moun peyi Letyopi ak moun peyi Pout ap mache avè ou. Yo tout gen gwo plak fè pwotèj sou ponyèt yo ak kas fè sou tèt yo. 6Tout sòlda peyi Gome yo, tout moun lavil Bèt-Togama ki nan nò nèt la, yo kanpe avè ou tou, ansanm ak kantite moun anpil lòt nasyon. 7Di l #Eza 8.9 konsa: Li mèt pare, li mèt pare tout sòlda l yo ki sanble bò kote l pou yo tann lòd mwen yo. 8Apre #Eze 34.13,28 kèk tan m'ap ba li lòd pou l al anvayi yon peyi kote moun ki te rive chape nan lagè yo te tounen sòti nan peyi kote yo te depòte yo. Wi, li pral anvayi mòn peyi Izrayèl yo ki te rete pandan lontan tankou yon dezè. Men, moun peyi Izrayèl yo sòti nan mitan moun lòt nasyon yo. Kounyeya y'ap viv lakay yo ak kè poze, san okenn danje. 9L'ap #Eza 28.2; Jer 4.13 moute vin atake yo ansanm ak tout lame li ak tout kantite moun lòt nasyon ki avè l yo. L'ap tankou yon van tanpèt. L'ap kouvri tout peyi a tankou yon gwo nyaj.
10Men #Eze 11.5 sa Senyè sèl Mèt la voye di Gòg: Lè jou sa a va rive, lespri ou pral pran travay, ou pral fè move lide nan tèt ou. 11Ou #Jer 49.31 pral deside pou ou anvayi yon peyi san defans, kote moun ap viv ak kè poze, san bri san kont, kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè. 12Ou pral piye, ou pral devalize, ou pral pran tou sa moun yo genyen nan lavil ki te fin kraze yon lè a. Moun sa yo tounen sòti nan peyi kote yo te depòte yo. Kounyeya, yo gen anpil bèt ak anpil byen, y'ap viv nan gran kalfou latè a. 13Moun peyi Cheba ak moun peyi Dedan ansanm ak komèsan peyi Tasis yo ak lòt peyi nan vwazinay yo pral mande ou: eske se pou ou pran tou sa moun sa yo genyen kifè ou vin atake yo a? Eske se pou piye ou rasanble tout lame sa a? Eske ou soti pou devalize tou sa yo genyen ki fèt ak lò, ak lajan, pou ou pran bèt yo ak byen yo, lèfini pou ou bwote tou sa ou pran al lakay ou?
14Se poutèt sa, nonm o, bay mesay mwen an! Ale di Gòg konsa men sa mwen menm Senyè sèl Mèt la voye di li: Kounyeya pèp Izrayèl la, pèp mwen an, ap viv ak kè poze san okenn danje, se lè sa a w'ava bay kò ou mouvman. 15W'ap kite kote ou ye a, nan pwent nò a, w'ap vini ak yon gwo lame sòlda ou ranmase nan mitan anpil nasyon, yo tout moute sou chwal yo. 16Ou pral tonbe sou pèp Izrayèl mwen an tankou yon van tanpèt k'ap pase sou tout peyi a. Lè lè a va rive, m'ap voye ou anvayi peyi mwen an pou m ka fè lòt nasyon yo konnen ki moun mwen ye, pou yo rekonèt se yon Bondye apa mwen ye lè y'a wè travay ou menm Gòg, ou pral fè pou mwen an.
17Se #Jer 6.22,23 sou ou mwen t'ap pale nan tan lontan lè mwen te sèvi ak pwofèt pèp Izrayèl yo, sèvitè m yo, pou m te fè yo konnen mwen gen pou m te voye yon moun vin atake yo lè jou a va vini.
Se Senyè sèl Mèt la ki di sa.
Bondye ap pini Gòg
18Senyè sèl Mèt la pale, li di konsa:
— Jou Gòg pral anvayi peyi Izrayèl la, kòlè m ap moute m. 19M'ap #Eze 5.13; Aje 2.6; Rev 16.18 fè gwo kòlè, m'ap move. Mwen sèmante jou sa a, pral gen yon sèl tranblemanntè nan peyi Izrayèl la. 20Pwason #Jer 4.24; Oze 4.3 nan lanmè, zwazo nan syèl, bèt nan bwa, bèt k'ap trennen sou vant, tout moun ki rete sou latè pral tranble paske y'ap pè m. Mòn yo pral anfale, falèz yo pral vide desann. Tout miray yo pral tonbe atè. 21#38.21: Premye fraz nan vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Mwen #Jij 7.22; Jer 25.29 pral voye tout kalite malè sou Gòg pou fè li pè. Se mwen menm Senyè a ki pale. Sòlda li yo, yonn pral touye lòt ak nepe yo. 22M'ap #Sòm 11.6; Eze 13.11; 14.19; 17.20 pini l, m'ap voye maladi sou li, m'ap mete san l deyò. Mwen pral voye gwo lapli avèk lagrèl, dife ak souf sou li, sou lame li a ak sou tout nasyon ki kanpe avè l yo. 23Se #Eze 36.23 konsa m'ap fè tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa, jan mwen se yon Bondye apa. Lè sa a, m'a fè tout nasyon yo konnen se mwen menm ki Senyè a.

Currently Selected:

Ezekyèl 38: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in