YouVersion Logo
Search Icon

Ezekyèl 25

25
MESAY BONDYE SOU LOT NASYON YO
(25—39)
Mesay sou peyi Amon an
1Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
2— Nonm #Eze 21.20,28 o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Amon an. Denonse sa moun sa yo ap fè. 3W'a #Eze 7.22; 26.2 di moun peyi Amon yo: Koute mesay Senyè a. Men sa Senyè sèl Mèt la voye di yo: Nou te twò kontan lè yo te derespekte kay ki apa pou mwen an. Nou te twò kontan lè yo t'ap devalize peyi Izrayèl la, lè yo t'ap depòte moun Jida yo. 4Se #Jij 6.3 poutèt sa m'ap lage nou nan men moun ki sòti nan dezè bò solèy leve a. Yo pral moute kan yo nan mitan peyi nou an, se la y'ap rete. Yo pral manje tout rekòt nou yo, y'ap bwè tout lèt bèt nou yo. 5M'ap #Sof 2.15 fè lavil Raba tounen savann pou chamo. M'ap fè tout peyi Amon an tounen yon gwo pak mouton. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
6Men #Eza 55.12; Eze 36.5 sa Senyè sèl Mèt la di: Nou te bat men, nou te danse tèlman nou te kontan, paske, nan kè nou, nou pa vle wè peyi Izrayèl la. 7Se poutèt sa m'ap lonje men m sou nou pou m pini nou, m'ap lage nou nan men moun lòt nasyon k'ap piye nou. Ras nou an ap fini nèt sou latè, peyi nou an ap disparèt. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
Mesay sou peyi Mowab la
8Senyè #Eza 15.1-9; Jer 48.1-47 sèl Mèt la pale ankò, li di konsa:
— Moun peyi Mowab yo ak moun lavil Seyi yo te di peyi Jida a tankou tout lòt nasyon yo. 9Enben, mwen pral fè yo atake lavil k'ap defann fontyè peyi Mowab la. Yo pral kraze yo tout, ata pi bèl vil yo tankou Bèt-Jechimòt, Baal-Meon ak Kiriya-Tayim. 10M'ap #Eze 21.32 lage peyi Mowab ansanm ak peyi Amon nan men moun ki sòti nan dezè bò solèy leve a. Y'ap pran yo pou yo. Konsa, yo p'ap janm chonje te gen yon peyi yo te rele Mowab ankò sou latè. 11Se konsa m'ap pini peyi Mowab la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
Mesay sou peyi Edon
12Senyè #2 Kwo 28.17; Sòm 137.7; Jer 49.7-22; Eze 35.2-6; Am 1.11,12; Abd 1-21 sèl Mèt la pale, li di konsa:
— Moun peyi Edon yo te tire revanj yo sou peyi Jida a. Se sa ki fè yo antò anpil lè yo t'ap tire revanj yo sou peyi Jida a. 13Se poutèt sa, men sa mwen menm Senyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m sou Edon pou m pini l, mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M'ap fè l tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè. 14Se #Eza 11.14; Am 9.12; Abd 18 pèp mwen an, pèp Izrayèl la, ki pral tire revanj pou mwen sou peyi Edon an. Li pral fè moun Edon yo santi jan mwen konn ankòlè, jan m konn move. Lè sa a, Edon va konnen jan m konn tire revanj mwen sou moun. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki pale.
Mesay sou peyi Filisti
15Senyè #Eza 14.29-31; Am 1.6-8 sèl Mèt la di konsa:
— Moun Filisti yo pran revanj yo, yo tire revanj sou moun yo pa vle wè depi lontan yo, yo detwi yo avèk raj. 16Enben, #Sof 2.5 men sa Senyè sèl Mèt la di: M'ap lonje men m sou moun Filisti yo pou m pini yo, m'ap disparèt yo, m'ap detwi ti rès moun ki rete nan plenn Filisti ki bò lanmè a. 17Se #Eze 6.7 pa ti pini m pral pini yo, m'ap tire revanj mwen sou yo. M pral move anpil sou yo. Lè m'a tire revanj mwen sou yo, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.

Currently Selected:

Ezekyèl 25: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in