YouVersion Logo
Search Icon

Ezekyèl 24

24
Parabòl chòdyè wouye a
1Nan dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm #Eze 20.1 lanne depi yo te depòte pèp Izrayèl la, Senyè a pale avè m, li di m konsa:
2— Ras #2 Wa 25.1; Jer 39.1 Adan! Ekri dat jodi a. Paske se jodi a wa Babilòn nan pral sènen Jerizalèm. 3Ou #Eze 11.3,7; 20.49 pral bay yon pawoli sou ras moun tèt di sa yo. W'a di yo men mesaj Bondye sèl Mèt la voye ba yo:
Mete yon chòdyè sou dife, plen li dlo.
4Mete vyann ladan l,
pi bon moso vyann ou konnen:
jigo ak zepòl.
Mete bon moso zo ladan l tou.
5W'a pran yo nan mouton ki pi gra yo.
Mete bon bwa #24.5: Mete bon bwa: Osinon dapre tèks ebre a: Mete zo. anba chòdyè a.
Kite dlo a bouyi byen bouyi
jouk vyann lan ak zo yo byen kwit.
6Men #Eze 22.2; Na 3.1 sa Senyè sèl Mèt la di apre sa:
— Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a!
Li tankou yon chòdyè wouye yo pa janm foubi.
Wete tout moso vyann yo yonn apre lòt.
Pa chwazi pou kite anyen ladan l.
7Li #Lev 17.13 fè anpil san koule nan mitan li.
Men, san an pa koule atè pou pousyè te kouvri l.
San an koule sou wòch.
8Mwen kite san an la sou wòch yo, kote yo pa ka kouvri l,
pou l ka mande revanj paske sa fè m fache anpil.
9Men #Eza 30.33 sa Senyè sèl Mèt la di:
— Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a.
Se mwen menm ki pral fè yon gwo pil bwa.
10Pote bwa ankantite toujou! Limen dife a!
Kwit vyann yo byen kwit!
Mete plis zepis ladan!
Boule zo yo!
11Mete #Eze 22.15 chòdyè fè a tou vid sou chabon dife yo.
Kite l vin tou wouj.
Konsa lawouj la va tonbe, l'a dekale.
Chòdyè a va vin pwòp ankò pou l ka sèvi.
12 # 24.12: Vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Ala traka pou wete lawouj la!
Atousa, lawouj la p'ap fin sòti nèt nan dife a.
13Jerizalèm, #Eza 22.14; Eze 5.13 lawouj la se vye malpwòpte ou t'ap fè nan libètinay ou yo. Mwen te sòti pou m te mete ou nan bon kondisyon, men ou pa rive fin nan bon kondisyon an nèt. Se poutèt sa, ou p'ap janm nan bon kondisyon ankò toutotan mwen pa fè ou santi tou sa mwen ka fè ou nan kòlè mwen. 14Se #Nonb 23.19; 1 Sam 15.29; Eze 5.11; 17.24 mwen menm, Senyè a, ki pale. Lè a rive pou m fè sa m te di m'ap fè a. Mwen p'ap chanje lide. M'ap san pitye, mwen p'ap pran priyè. Yo pral pini ou pou sa ou te fè, pou jan ou te mennen bak ou. Se Senyè sèl Mèt la ki di sa.
Madanm pwofèt la mouri
15Senyè a pale avè m, li di m konsa:
16— Ras Adan! Mwen pral rete konsa, mwen pral pran moun ou renmen tankou de grenn je nan tèt ou a. Men, pa plenyen, pa rele pa kite dlo kouri nan je ou! 17Plenn #Lev 10.6; 2 Sam 15.30; Jer 16.5-7; Oze 9.4 sò ou. Men, pa kite moun tande ou! Pa fè anyen ki pou moutre ou nan lapenn tankou yon moun ki gen lanmò. Mare bèl foula ou nan tèt ou. Mete sapat nan pye ou. Pa kouvri figi ou. Pa manje manje moun voye ba ou.
18Jou sa a nan maten, mwen t'ap pale ak pèp la. Nan aswè, madanm mwen rete konsa, li mouri. Nan denmen maten, mwen fè jan Senyè a te di m fè a. 19Pèp #Eze 17.12 la mande m:
— Eske ou ka di nou poukisa ou fè sa w'ap fè la a?
20Mwen reponn yo:
— Senyè a te pale avè m, li te di m, 21pou m #Jer 7.12,14; Eze 7.20,21; 23.47 di moun pèp Izrayèl yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè. 22#Eze 4.17 sa a, n'a fè jan nou wè m fè a. Nou p'ap kouvri figi nou, nou p'ap manje pen nan men moun. 23N'ap toujou mare bèl foula nan tèt nou. N'ap toujou mete sapat nan pye nou, nou p'ap rele, nou p'ap kriye jan moun yo fè lè yo gen lanmò. Men, nou pral deperi akòz mechanste nou yo. Nou pral plenn sò nou yonn bay lòt. 24Ezekyèl #Eza 20.3; Eze 4.3 menm pral yon siy pou nou. N'a fè menm jan li te fè a. Lè bagay sa a va rive, n'a konnen se mwen menm ki Senyè sèl Mèt la.
25Senyè a di m konsa:
— Nonm o! M'ap wete nan men yo kay byen solid ki te tout pwoteksyon yo a, bèl kay ki te fè kè yo kontan an, kay yo te renmen tankou de grenn je nan tèt yo a, kay yo te fèb anpil pou li a. M'ap wete l ansanm ak pitit gason ak pitit fi yo. 26Jou #Eze 33.21,22 sa a, yon moun va chape kò l, l'a kouri vin pote nouvèl la ba ou. 27Menm jou sa a, w'a ka louvri bouch ou pale ak moun ki chape a. Wi, w'a ka pale, ou p'ap bèbè ankò. Se konsa ou va yon siy pou pèp la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.

Currently Selected:

Ezekyèl 24: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in