YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd 17

17
Dlo sòti nan gwo wòch la
(Nonb 20.1-13)
1Tout moun pèp Izrayèl yo pati, yo kite dezè Sin lan, dapre lòd Senyè a #Nonb 33.12,14 te ba yo. Yo fè wout la moso pa moso, jouk yo rive Refidim kote yo moute tant yo. Men, pat gen dlo la pou pèp la te bwè. 2Yo #Nonb 20.3; Det 6.16; Sòm 78.41; 95.8,9; Eza 7.12; Mat 4.7; 1 Kor 10.9 leve kont ak Moyiz. Yo di li:
— Ban nou dlo pou nou bwè!
Moyiz reponn yo:
— Poukisa n'ap chache fè kont ak mwen konsa? Poukisa n'ap eksite Senyè a konsa?
3Men, #Egz 16.2 swaf dlo t'ap bat pèp la anpil. Yo t'ap bougonnen sou do Moyiz epi yo t'ap di:
— Pouki ou fè nou kite peyi Lejip? Genlè se pou te ka fè nou vin mouri swaf isit la ak pitit nou yo ansanm ak tout bèt nou yo?
4Moyiz #Nonb 14.10; 1 Sam 30.6 lapriyè nan pye Bondye pou mande li sekou. Li di:
— Kisa pou mwen fè ak moun sa yo? Yo sanlè kalonnen mwen wòch touye mwen!
5Senyè a #Egz 7.19,20 di Moyiz:
— Pran kèk chèf fanmi pèp Izrayèl la avèk ou, pase devan pèp la. Kenbe baton ou te sèvi pou frape gwo larivyè Nil lan nan men ou. Epi mache. 6Mwen #Sòm 105.41; 114.8; 1 Kor 10.4 menm, m'ap kanpe laba a, dwat devan ou, sou tèt gwo wòch Orèb la. W'a frape wòch la, dlo va sòti ladan l. Pèp la va bwè.
Se sa menm Moyiz te fè devan chèf fanmi pèp Izrayèl la. 7Yo #Nonb 20.13; Sòm 95.8 rele kote sa a Masa ak Meriba, #17.7: Masa ak Meriba: Nan lang ebre a Masa vle di sonde, tante, Meriba vle di chache kont, plenyen sò yo. Paske pèp Izrayèl la t'ap chache fè kont, yo t'ap eksite Senyè a lè yo t'ap mande: Eske se vre Senyè a nan mitan nou tout bon?
Lagè ak moun Amalèk yo
8Antan #Det 25.17,18; 1 Sam 15.2 pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin atake li. 9Moyiz #Egz 4.17 di Jozye konsa:
— Chwazi kèk vanyan gason. Denmen maten, soti al goumen ak moun Amalèk yo. Mwen menm, bò pa mwen, m'a moute ak baton Bondye a nan men mwen. Mwen v'al kanpe sou tèt mòn nan.
10Jozye #Egz 24.14 fè tou sa Moyiz te di l fè. Li sòti al goumen ak moun Amalèk yo. Moyiz menm moute sou tèt ti mòn lan ansanm ak Arawon ak Our. 11Toutotan Moyiz te kenbe men li anlè, se moun Izrayèl yo ki te pi fò. Men kou Moyiz bese men li, moun Amalèk yo vin pi fò. 12Rive yon lè Moyiz te bouke, de bra l t'ap fè l mal. Arawon ak Our pran yon wòch, yo mete l deye Moyiz, yo fè Moyiz chita sou li. Yo chak pran yon bra Moyiz, yo kenbe yo anlè. Yo kenbe yo konsa jouk solèy kouche. 13Jozye menm te bat Amalèk ak moun li yo byen bat, li touye yo anba kout nepe. 14Apre #Det 25.19; 1 Sam 15.3; 30.1; 2 Sam 8.12 sa, Senyè a di Moyiz:
— Ekri sa nan liv rejis la pou moun yo pa jan n bliye batay sa a. W'a di Jozye konsa m'ap efase non Amalèk sou latè pou yo pa janm chonje l ankò.
15Moyiz #Jij 6.24 bati yon lotèl, li rele l: Senyè a se drapo m. 16Apre sa li di:
— Men mwen leve men m devan fòtèy Senyè a, #17.16: Mwen leve men m devan fòtèy Senyè a: Men yon lòt jan nou ta ka rann fraz ebre a: Depi yo ka rive leve men yo sou fòtèy Senyè a. Senyè a p'ap janm sispann goumen ak moun Amalèk yo.

Currently Selected:

Egzòd 17: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in