YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd 12

12
Jou Delivrans lan
1Antan Moyiz ak Arawon te nan peyi Lejip la, Senyè a di yo:
2— Se #Egz 13.4; Det 16.1 mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se li menm k'ap anvan tout lòt mwa yo. 3Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: Sou dizyèm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay. 4Si pa gen kont moun nan kay la pou manje tout ti mouton an, se pou yo mete tèt yo ansanm ak vwazinay ki pi pre kay la. N'a kalkile kantite moun ki nesesè pou manje mouton an, sa chak moun ka manje. 5Se #Lev 22.19; Det 17.1; Mal 1.8,14; 1 Pyè 1.19 pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen okenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit. 6N'a #Lev 23.5; Nonb 9.3; 28.16; Joz 5.10 gade l apa jouk sou katòzyèm jou mwa a. Jou sa a, nan aswè, tout moun Izrayèl yo va touye ti bèt la anvan li fin fè nwa. 7N'a pran ti gout nan san bèt la, n'a pase l sou de chanbrann pòt kay la ansanm ak sou travès lento pòt la, nan kay kote n'ap manje ti bèt la. 8Menm #Nonb 9.11; Det 16.3 nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman. 9Piga nou manje vyann lan ni manke kwit ni bouyi. Se boukannen pou nou boukannen l tout ankè ak tout tonbe a. 10Pa #Egz 34.25; Det 16.4 kite anyen pou denmen maten. Si rete rès, se pou nou boule l nan dife. 11Men #Egz 12.27 ki jan pou nou ranje kò nou pou nou manje l: n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l prese prese, paske se lè sa a Senyè a ap pase.
12Jou #Egz 6.2; 11.4,5; Nonb 33.4; Eza 42.8 lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Senyè a. 13San #Eb 11.28 nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. Konsa, lè m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou. 14Jou #Egz 13.10; 2 Wa 23.21 sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l tankou yon fèt pou Senyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.
15Pandan #Egz 13.3,6,7; 23.15; 34.18; Lev 23.6; Nonb 28.17; Det 16.3,8; 1 Kor 5.7,8 sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l, se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la. 16Sou #Lev 23.7,8; Nonb 28.18,25 premye jou a ak sou setyèm jou a, n'a reyini pou nou lapriyè. Jou sa yo, nou p'ap fè okenn travay. Manje ase n'a fè pou tout moun manje. 17N'a #Egz 13.3 toujou fete fèt pen san ledven an, paske se jou sa a mwen te fè tout lame moun nou yo sòti kite peyi Lejip. N'a toujou fete fèt sa a, de pitit an pitit tankou yon lwa ki la pou tout tan. 18Nan #Lev 23.5,6; Nonb 28.16,17 premye mwa a, depi katòzyèm jou a nan aswè rive jouk sou venteyinyèm jou a nan aswè tou, se pen san ledven pou nou manje. 19Pandan #Egz 12.15,48,49 sèt jou sa yo, p'ap gen ledven lakay nou, paske nenpòt moun ki va gen malè manje pen ki gen ledven, yo gen pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la, kit se yon etranje, kit se yonn nan nou. 20Se pa pou nou manje pen ki gen ledven. Lakay nou, se pou tout moun manje pen san ledven.
21Moyiz #Egz 12.3 rele tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, li di yo:
— Se pou chak moun al chache yon ti mouton osinon yon ti kabrit pou yo touye pou fèt delivrans lan pou fanmi nou. 22Apre #Egz 12.7; Nonb 19.18; Eb 9.19 sa, n'a pran yon branch izòp, n'a tranpe l nan kivèt ki gen san bèt la. N'a pase l sou de chanbrann pòt la ak sou travès lento a. Apre sa, piga pèsonn sòti dèyò lakay yo jouk li jou. 23Konsa, #Egz 12.12,13; Eze 9.6; Eb 11.28; Rev 7.3; 9.4 lè Senyè a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wè san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pòt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou. 24N'a fè tout bagay sa yo sèvi tankou yon lwa ki la pou tout tan, ni pou nou ni pou pitit nou yo. 25Lè n'a antre nan peyi Senyè a pral ban nou an, jan l te pwomèt la, se pou nou toujou fè seremoni sa a. 26#Egz 13.8,14; Det 6.20; Sòm 78.6 timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di, 27n'a #Egz 4.31; 12.11 reponn yo: Se fèt Delivrans lan n'ap fete pou Senyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pat fè nou anyen.
Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Senyè a. 28Lèfini, yo leve, y ale, yo fè tou sa Senyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a. Wi, yo fè tout bagay jan li te bay lòd la.
Lanmò tout premye gason moun Lejip yo
29Nan #Egz 11.4,5; Nonb 33.4; Sòm 78.51; 105.36 mitan lannwit, Senyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fòtèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri. 30Jou #Egz 11.6 lannwit sa a, farawon an leve, li menm, tout chèf li yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la. Yon gwo rèl pete toupatou nan peyi Lejip, paske pat gen yon kay ki pat gen lanmò. 31Nan #Egz 10.9-11,24 mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo:
— Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Senyè a jan nou te di a. 32Nou mèt pran mouton nou ak bèf nou yo, jan nou te di l la. Epi mande Bondye pou l beni mwen.
33Moun #Egz 11.1,8; Sòm 105.38 peyi Lejip yo te cho cho dèyè moun pèp Izrayèl yo pou fè yo prese kite peyi a. Yo t'ap di:
— Si nou pa ale, nou tout ap mouri!
34Se konsa pèp Izrayèl la pran pat farin lan san yo pat ankò mete ledven ladan l. Yo mete yo sou platin fou yo, yo vlope yo nan rad yo, yo mete yo sou zepòl yo. 35Moun #Egz 3.22; 11.2 pèp Izrayèl yo te fè sa Moyiz te di yo a. Yo mande moun peyi Lejip yo bijou an ajan, bijou an lò ansanm ak rad. 36Senyè a #Jen 15.14; Egz 3.21; 11.3; Sòm 105.37 te fè moun peyi Lejip yo gen kè sansib pou pèp Izrayèl la. Yo ba yo tou sa yo te mande. Se konsa pèp Izrayèl la pran tout bagay moun peyi Lejip yo.
Jou depa pèp Izrayèl
37Moun #Jen 47.11; Egz 38.26; Nonb 33.3,5 Izrayèl yo pati kite Ramsès pou Soukòt. Te gen sisanmil gason konsa, san konte fanm ak timoun. Yo tout te apye. 38Te #Lev 24.10; Nonb 11.4 gen anpil moun lòt peyi tou ki te pati ansanm ak yo. Te gen anpil mouton, kabrit ak bèf tou. 39Avèk #Egz 6.1; 11.1 pat farin yo te pote sòti peyi Lejip la, yo fè pen. Pen yo te san ledven, paske yo te prese mete yo deyò nan peyi Lejip la. Yo pat menm gentan fè povizyon.
40Moun #Jen 15.13; Tra 7.6; Gal 3.17 pèp Izrayèl yo te pase katsantrantan nan peyi Lejip la. 41Menm jou ki te fè yo katsantrantan nan peyi a, jou pou jou, tout lame moun Senyè a sòti kite peyi Lejip la. 42Se te yon jou lannwit. Senyè a te pase tout nwit la ap veye pou fè yo sòti kite peyi Lejip la. Se poutèt sa, se pou yo mete nwit sa a apa pou yo fè veye pou Senyè a. Se bagay pou yo toujou fè de pitit an pitit.
Fèt Delivrans lan
43Senyè a di Moyiz ak Arawon konsa:
— Men prensip pou fete fèt Delivrans lan. Okenn moun lòt nasyon pa gendwa patisipe nan manje fèt la. 44Domestik #Jen 17.12,13 nou achte pou sèvis lakay nou, lè nou fin sikonsi yo, yo mèt patisipe. 45Moun #Lev 22.10 lòt nasyon ki depasay lakay nou, tavayè ki la pou lajan yo lakay nou, yo pa gendwa patisipe. 46Se #Nonb 9.12; Jan 19.33,36 pou nou manje manje a anndan kay. Piga pyès manje soti deyò. Nou pa fèt pou nou kraze okenn zo nan vyann bèt nou touye pou nou manje jou sa a. 47Se pou tout pèp Izrayèl la nèt fete fèt la. 48Si #Egz 12.19; Nonb 9.14 gen moun lòt nasyon nan peyi a ki vle nan fèt la, se pou li sikonsi tout gason lakay li nèt epi, apre sa, l'a gendwa vanse pou li patisipe. Yo va konsidere li pou moun natif-natal pèp Izrayèl la. Pyès gason ki pa sikonsi pa gendwa patisipe nan manje fèt la. 49Prensip #Lev 24.22; Nonb 15.15,16,29 sa yo la pou tout moun. Kit se etranje, kit se moun natif-natal k'ap viv nan peyi nou an.
50Tout moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd la, yo te fè sa Senyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a. 51Se #Tra 13.17 jou sa a Senyè a te fè tout lame moun Izrayèl yo sòti kite peyi Lejip la.

Currently Selected:

Egzòd 12: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy