YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd 10

10
Mirak krikèt vèt
1Senyè a di Moyiz ankò:
— Ale bò kote farawon an. Se mwen menm #Egz 4.21 ki fè l gen tèt di, li menm ansanm ak moun pa l yo, pou m fè yo wè mèvèy mwen ka fè nan mitan yo. 2Konsa #Egz 7.17; Det 4.9; Sòm 44.1; 78.4,6; Jowèl 1.3 tou, n'a rakonte pitit nou yo ak pitit pitit nou yo sa mwen te fè moun peyi Lejip yo pase ak kalite mèvèy mwen te fè nan mitan yo. Lè sa a nou tout n'a konnen se mwen menm menm ki Senyè a.
3Se #1 Wa 21.29; 2 Kwo 7.14; 34.27 konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l:
— Men sa Senyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l ka fè yon sèvis pou mwen. 4Si #Pwo 30.27; Rev 9.3 ou refize kite pèp mwen an ale, men sa m pral fè: Denmen, mwen pral voye krikèt vèt sou tout peyi a. 5Yo #Egz 9.32 pral kouvri tout tè a, jouk moun p'ap ka wè tè a ankò. Yo pral devore ti rès lagrèl te kite pou nou an. Y'a devore tout pyebwa ki nan jaden nou yo. 6Y'ap #Jowèl 2.9 anvayi tout kay ou yo, kay tout moun pa ou yo ak kay tout moun nan peyi a. Se bagay granpapa nou yo ak zansèt nou yo pat janm wè depi yo fèt jouk jounen jòdi a.
Apre sa, Moyiz vire do l, li sòti kay farawon an.
7Moun pa farawon yo vin di l:
— Kilè nonm sa a va sispann ban nou pwoblèm? Kite moun yo ale non. Kite yo al fè sèvis pou Bondye yo a. Ou pa wè jan peyi Lejip la ap fini!
8Se konsa yo fè Moyiz ak Arawon tounen vin kote farawon an. Farawon an di yo:
— Nou mèt al fè sèvis pou Senyè a, Bondye nou an. Kilès ki prale?
9Moyiz #Egz 5.1 reponn li:
— Nou prale ak tout timoun yo, ak tout granmoun yo, ak tout pitit gason nou yo, ak tout pitit fi nou yo ansanm ak bèf, mouton ak kabrit nou yo, paske se yon gwo sèvis pou n fè pou Sènyè a.
10Farawon an di yo:
— Gade jan nou gen move lide dèyè tèt nou! Mwen ta swete pou Senyè a ede nou vre! Men, mwen p'ap kite nou ale ansanm ak timoun yo. 11Non. Sa p'ap pase konsa. Se nou menm gason yo ase ki mèt ale pou fè sèvis pou Senyè a. Se pa sa nou te mande?
Lè l fin di yo sa, li fè mete yo deyò lakay li. 12Senyè a #Egz 9.22; 10.5 di Moyiz:
— Lonje men ou sou peyi Lejip la pou fè krikèt yo vini sou li. Y'ap vini, y'ap devore tout fèy bwa nan peyi a. Wi, y'a devore tou sa lagrèl te kite.
13Moyiz lonje baton l lan sou peyi Lejip la. Senyè a fè yon van nòde soufle sou peyi a. Van an soufle tout yon jounen ak tout yon nwit. Nan maten, van an pote krikèt vèt yo vini. 14Krikèt #Sòm 78.46; 105.34; Jowèl 2.2 yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pat janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p'ap janm wè ankò. 15Krikèt #Sòm 105.35 yo kouvri tè a nèt. Tè a vin tou nwa ak krikèt. Krikèt yo manje tou sa k t'ap pouse nan peyi a, tout fwi ki te nan pyebwa yo, tou sa lagrèl te kite. Pat rete yon ti fèy vèt nan pyebwa yo ankò nan tout peyi Lejip la. Tout jaden te pèdi nèt.
16#Egz 9.27 sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo:
— Mwen peche kont Senyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou. 17Tanpri, #Egz 8.8; 1 Wa 13.6 padonnen peche m fwa sa a. Lapriyè Senyè a, Bondye nou an, ankò pou l wete chatiman sa a sou mwen. Se touye chatiman sa a ap touye m!
18Moyiz #Egz 8.30 sòti kay farawon an. Li lapriyè Senyè a. 19Senyè a #Jowèl 2.20 fè yon gwo van lwès soufle fwa sa a. Van an pote tout krikèt yo al jete nan lanmè Wouj la. #10.19: Lanmè Wouj la: Tèks ebre a bay Lanmè Wozo yo. Pat rete yon sèl grenn krikèt nan tout peyi Lejip la. 20Men #Egz 4.21 Senyè a fè farawon an fè tèt di ankò. Farawon an pa kite moun pèp Izrayèl yo ale.
Fènwa sou tout peyi a
21Senyè a #Egz 10.12 di Moyiz ankò:
— Lonje men ou anlè pou fènwa kouvri peyi Lejip la, yon fènwa sitèlman pwès moun ta ka santi l anba men yo.
22Moyiz #Sòm 105.28 leve men l anlè, epi yon fènwa byen pwès desann kouvri tout peyi Lejip la pandan twa jou. 23Moun #Egz 8.22 peyi Lejip yo fè twa jou yonn pat ka wè lòt, pèsonn pa mete tèt deyò. Men, te gen klète kote moun pèp Izrayèl yo te rete a.
24Farawon #Egz 10.8,10 an fè rele Moyiz, li di l konsa:
— Nou mèt ale fè sèvis pou Senyè a. Nou mèt ale ak timoun nou yo. Men mouton nou yo, kabrit nou yo ak bèf nou yo ap rete isit la.
25Moyiz reponn li:
— Bon, lè sa a, se ou menm ki pral ban nou bèt pou nou touye pou nou boule pou Senyè a, Bondye nou an? 26Tout bèt nou fèt pou ale ak nou. Nou p'ap kite yonn dèyè. Paske, se ladan yo pou nou pran sa nou bezwen pou fè sèvis pou Senyè a, Bondye nou an. Tout tan nou pa rive, nou poko konnen kisa nou pral chwazi pou ofri bay Senyè a.
27Men #Egz 10.20 Senyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou. Farawon an pat vle kite yo ale. 28Farawon an di Moyiz konsa:
— Wete kò ou devan m. Gade! Pa janm parèt devan m ankò, paske jou ou ta parèt devan m ankò, m'ap disparèt ou.
29Moyiz #Eb 11.27 reponn li:
— Jan ou vle! Mwen p'ap janm parèt devan ou ankò.

Currently Selected:

Egzòd 10: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in