YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd 10:21-23

Egzòd 10:21-23 HAT98

Senyè a di Moyiz ankò: — Lonje men ou anlè pou fènwa kouvri peyi Lejip la, yon fènwa sitèlman pwès moun ta ka santi l anba men yo. Moyiz leve men l anlè, epi yon fènwa byen pwès desann kouvri tout peyi Lejip la pandan twa jou. Moun peyi Lejip yo fè twa jou yonn pat ka wè lòt, pèsonn pa mete tèt deyò. Men, te gen klète kote moun pèp Izrayèl yo te rete a.