YouVersion Logo
Search Icon

Estè 7

7
Yo pann Aman
1Wa a te al nan fèt larenn Estè a ankò ansanm ak Aman. 2Pandan #Estè 5.3,6; 9.12 yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè, tankou premye jou a:
— Di m sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li!
3Estè reponn li:
— Si wa a kontan avè m, si se plezi li pou li ban mwen sa m vle a, tanpri, sove lavi m ansanm ak lavi pèp mwen an. Se sa ase mwen mande ou. 4Paske #Estè 3.9,13 yo vann nou, mwen menm ansanm ak tout pèp mwen an, pou yo ka masakre nou, touye nou, disparèt nou nèt. Si se vann yo te vann nou pou fè nou tounen esklav, mwen pa ta di anyen, mwen pa ta deranje ou pou sa ase. Men, moun ki pa vle wè nou an p'ap janm ka ranplase pèt l'ap fè ou fè a.
5Wa Asyeris mande larenn Estè:
— Ki moun ki penmèt li gen lide fè bagay konsa? Kote moun lan?
6Estè reponn li:
— Moun ki pa vle wè nou an, moun k'ap pèsekite nou an, se Aman, mechan sa a!
Aman dekare, li pran tranble devan wa a ak larenn lan. 7Wa a leve bò tab la byen move, li sòti deyò al nan jaden palè a. Aman te konnen wa a ta pral pini l pou sa l fè a. Li rete pou l mande larenn lan fè pa l. 8Aman te fenk panche kò l sou divan Estè a pou mande l padon lè wa a tounen antre sòti nan jaden an. Lè wa a wè sa, li di:
— Kounyeya, apa nonm lan sòti pou li fè kadejak sou larenn Estè, la devan je m, nan mitan lakay mwen an!
Wa a poko fin pale, nèg konfyans yo gentan kouvri tèt Aman. #7.8: kouvri tèt Aman: Nan tan sa a, se te koutim lan pou yo kouvri tèt yon moun depi chèf bay lòd pou yo touye l. 9Yonn #Estè 1.10; 2.22; 5.14 ladan yo ki te rele Abona, di konsa:
— Aman te menm gentan fè kanpe yon poto nan lakou lakay li pou l te pann Madoche ki te sove lavi wa a. Poto a gen swasannkenz pye wotè.
Wa a bay lòd pou yo pann Aman ladan l. 10Se #Sòm 7.16; Pwo 11.5,6; 26.27; Da 6.24; Mat 7.2 konsa yo pann Aman nan poto li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe.

Currently Selected:

Estè 7: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in