YouVersion Logo
Search Icon

Efezyen 6

6
Devwa timoun manman ak papa
1Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè #Kol 3.20 nan Senyè a pou n obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. 2Trete #Egz 20.12 manman ou ak papa ou avèk onè, avèk respè. Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès dèyè li: 3Pou #Det 5.16 nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.
4Kanta #Kol 3.21; Eza 50.5; Pwo 2.2; 3.11; 19.18; Det 6.7,20-25; Sòm 78.4 nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Senyè a.
Devwa domestik ak mèt
5Nou #Kol 3.22-25; Tit 2.9,10; 1 Pyè 2.18 menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la. 6Se pa sèlman lè yo la ap gade nou pou nou aji konsa, tankou moun k'ap achte figi. Lekontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou, tankou moun k'ap sèvi Kris la. 7Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Senyè a. 8Paske #2 Kor 5.10 chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l resevwa sa ki pou li nan men Senyè a, dapre bon travay li fè a.
9Nou #Kol 4.1; 2 Kwo 19.7; Tra 10.34 menm mèt, se pou n aji menm jan an tou ak moun k'ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun.
Zam yon kretyen
10Pou #1 Kor 16.13; 1 Jan 2.14 fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li. 11Pran #Ef 4.14; 2 Kor 10.4 mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. 12Paske, #Ef 2.2; Jan 14.30; Kol 1.13; 1 Pyè 5.8,9 se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. 13Se #1 Wa 20.11 poutèt sa, depi kounyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.
14Pare #Eza 11.5; 59.17; Lik 12.35; 1 Pyè 1.13; 1 Tes 5.8 kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. 15Pou #Eza 52.7; 40.3,9 soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bòn nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a. 16Toujou #1 Pyè 5.9; 1 Jan 5.4 pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. 17Resevwa #1 Tes 5.8; Oze 6.5; Eza 11.4; 49.2; 51.16 pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou. 18Pandan #Mat 26.41; Kol 4.2,3 n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a. 19Lapriyè #Kol 4.3; 2 Tes 3.1; Tra 4.29 pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m pale, pou m ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bòn nouvèl la. 20Nou #2 Kor 5.20; Kol 4.4 mèt wè m nan prizon kounyeya, se Bondye ki ban m misyon fè konnen bòn nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m ka pale avèk lasirans, jan m dwe fè l la.
Dènye salitasyon
21Tichik, #Tra 20.4; Kol 4.7; 2 Tim 4.12 frè nou renmen anpil la epi ki yon bon sèvitè nan travay Senyè a, va ban nou tout nouvèl mwen, pou nou ka konnen jan zafè m ap mache. 22M'ap #Kol 4.7,8 voye l tout espre pou l sa di nou kouman mwen ye, pou nou pa fin dekouraje, pou sa remoute kouray nou.
23Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye. 24Benediksyon #1 Pyè 1.8 Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Senyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini.

Currently Selected:

Efezyen 6: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy