YouVersion Logo
Search Icon

Eklezyas (Liv Filozòf la)

(Liv Filozòf la)
Nan liv sa a nou jwenn koze yon moun ki fouye, ki kalkile anpil sou lavi, yon moun ki chache konnen kisa ki pi bon pase tout bagay nan lavi, kisa ki pi konsekan nan lavi pou yon moun ta bat kò l pou l ta genyen.
Dapre sa li wè k'ap pase sou latè, li jwenn anyen pa vo anyen, kit se lajan, kit se plezi, kit se travay di, kit se konesans ak bon konprann. Mete sou sa tout kalite lenjistis ak move rèz k'ap foule moun. Lèfini lavi moun sou latè plen bagay depaman. Atout li pa konprann jan Bondye ap fè travay li, li rekonèt se volonte Bondye pou tout bagay konsa. Sanble pa gen anyen nou ka fè pou chape anba sa ki gen pou rive. Bout pou bout, li di Bondye mete moun sou latè pou yo ka gen krentif pou li, pou yo fè volonte l. Se Bondye ki sèl jij, se li ki sèl chèf. Se li ki konn tout bagay. Se nan men l sò nou ye.
Atout nou jwenn nan liv sa a anpil pawòl ki pou kraze kouray moun, pawòl ki pou ta fè nou gen doutans, nou wè li louvri yon pòt ki mennen nou pi lwen pase sa nou wè ak je nou, pi lwen pase sa moun bon konprann yo ap di sou gwo koze sa a. Se esperyans sa a lèzòm ap fè chak jou nan lavi. Men, lè nou gen konfyans nan Bondye, lavi pran yon lòt sans nèt ale.
Men plan liv la
1. Poukisa moun ap viv sou latè (1—2)
2. Kisa nou jwenn nan lavi (3.1—11.8)
3. Kèk konsèy (11.9—12.8)
4. Dènye koze (12.9-14)

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in