YouVersion Logo
Search Icon

Eklezyas 6

6
1Mwen wè yon lòt malè sou latè ankò, se #Ekl 5.13 bagay ki rive fasil. 2Bondye #1 Wa 3.13; Lik 12.19,20 bay yon moun richès, pozisyon, byen, lwanj. Wi, Bondye ba li tou sa li bezwen san manke yonn. Men Bondye pa kite l jwi yo. Se yon etranje k'ap jwi yo pito. Tou sa pa vo anyen. Se bagay ki rèd anpil. 3Yon #2 Wa 9.35; Ekl 4.3; Eza 14.19,20; Jer 22.19 nonm te mèt gen san (100) pitit, li te mèt viv lontan, wi li te mèt rive vye granmoun, si li pa jwi anyen nan lavi, si yo pa ka fè bèl lantèman pou li, enben, mwen di nou: Yon timoun ki fèt tou mouri miyò pase l. 4Paske ti pitit la fèt, men sa pa sèvi l anyen. Li disparèt lamenm. Ata non l yo pa gentan konnen. 5Li pa janm wè limyè solèy, li pa jan n konnen sa lavi ye. Men, ti pitit la jwenn pi bon repo pase nonm sa a 6ki viv depase demilan men ki pa janm jwi anyen nan lavi, paske, lè ou gade byen, tou de al menm kote a.
7Tou #Pwo 16.26 sa yon nonm fè pase nan bouch, men l'ap toujou grangou. 8Kisa #Ekl 2.15 yon nonm ki gen lespri gen pase yon nonm sòt? Kisa sa rapòte yon pòv malere lè li konnen jan pou l debat ak lavi a? 9Anyen. Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Paske sa pa vo anyen. Se rapousib van.
10Tou #Jòb 9.32; Ekl 1.10; 3.15; Eza 45.9; 1 Kor 10.22 sa ki rive, depi lontan yo konnen li te la pou rive. Nou deja konnen sa yon moun ye. Li pa ka nan kenbe tèt ak moun ki pi fò pase l. 11Plis ou nan pale anpil, plis se tan ou w'ap pèdi. Kisa sa ap rapòte ou? 12Ki #Jòb 14.2; Ekl 3.22; 8.13 moun ki konnen sa ki bon pou yon moun k'ap mennen yon lavi ki pa vo anyen, yon lavi k'ap pase tankou yon nyaj, pandan de twa jou l'ap pase sou tè a? Ki moun ki ka fè lèzòm konnen sa ki gen pou rive sou latè apre y'a fin mouri?

Currently Selected:

Eklezyas 6: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in