YouVersion Logo
Search Icon

Eklezyas 12

12
1Pandan ou jenn gason an, pa janm bliye #2 Sam 19.35 Bondye ki te kreye ou la, anvan jou malè yo rive sou ou, anvan lè a rive pou ou di: Mwen pa jwenn okenn plezi nan lavi. 2Lè sa a, limyè solèy la, lalin lan ak zetwal yo ap parèt twoub twoub devan je ou. Syèl la pa janm klè. Lapli poko fin tonbe, tan an gentan mare ankò. 3#Jen 27.1 sa a, bra ou yo ki te konn pwoteje ou ap tranble. Janm ou yo ki enganm kounyeya ap febli. Ou p'ap gen dan pou kraze manje. Je ou yo ap twò fèb pou wè klè. 4De #Sòm 141.3; Ekl 2.8; Jer 25.10; Mi 7.5 twou zòrèy ou yo ap bouche, ou p'ap tande sa k'ap pase nan lari. Ata gwo bri moulen ki toupre ou la, w'a tande l tou piti piti. Moun te mèt ap chante bò kote ou, w'ap tande vwa yo lwen lwen. Lè sa a, depi pipirit konmanse chante, nou gentan leve. 5W'ap #Jòb 17.13; Pwo 26.13; Jer 9.17 pè moute sou bagay ki twò wo pou ou pa gen tèt vire. Menm mache nan granchemen ap yon danje pou ou. Tout cheve nan tèt ou ap vin blan, w'ap pèdi fòs kouray ou. Pa gen anyen ki ka fè l tounen ankò. W'ap desann nan dènye kay kote ou pral rete pou tou tan an. Lè sa a, moun ap mache rele nan tout lari. 6Wi, #Zak 4.2,3 pa janm bliye Bondye ki fè ou la anvan ti chenn an ajan an detache sot tonbe, anvan bòl an lò a tonbe kraze, anvan kalbas dlo a kraze miyèt moso, anvan sò a kase. 7#Jen 2.7; 3.19; Jòb 34.15; Ekl 3.20,21; Zak 12.1 sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l lan.
8Nan lavi a #Ekl 1.2 anyen pa anyen, Non, anyen pa anyen nan lavi a, Se pawòl filozòf la. Tout bagay gen pou kaba.
Dènye koze
9Men, #1 Wa 4.32; Pwo 1.1 paske filozòf la te gen bon konprann, li pa janm sispann moutre pèp la tou sa li te konnen. Li egzaminen anpil pwovèb, li etidye yo, li pran san li pou li sanble yo. 10Li pran san li pou li jwenn pawòl ki pou fè moun plezi. Men nan tou sa li ekri, li bay verite a jan li wè l la.
11Pawòl #Eza 22.23 moun ki gen konprann tankou baton yo sèvi pou djige bèf kabwa. Liv pwovèb yo tankou yon seri klou yo kloure yonn kot lòt. Men, se yon sèl mèt ki bay yo, se Bondye.
12Pitit mwen, men sa pou ou fè: Pran leson sou bagay sa yo. Si pou yo ta ekri anpil liv, yo pa ta janm fini. Lè ou etidye twòp, sa fè kè ou fè ou mal.
13Apre #Det 10.12,13 tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun. 14Paske #Ekl 3.17; 11.9; Mat 12.36 Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè ankachèt yo.

Currently Selected:

Eklezyas 12: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in