YouVersion Logo
Search Icon

Detewonòm 6:10-12

Detewonòm 6:10-12 HAT98

Senyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li sèmante l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl vil nou pa te bati, kote n'a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avèk pi byen fon nou pat fouye, avèk jaden rezen ak jaden oliv nou pat plante. Lè sa a, lè n'a fin manje plen vant nou, fè atansyon pou nou pa bliye Senyè a, li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.