YouVersion Logo
Search Icon

Detewonòm 32

32
1Ou menm syèl, tande sa mwen pral #Det 4.26; Sòm 50.4; Eza 34.1 di la a!
Koute byen, ou menm latè, pawòl ki pral sòti nan bouch mwen!
2Sa #Jòb 29.22,23; Sòm 72.6; Eza 55.10,11; Mi 5.7 m'ap di a pral tonbe tankou grenn lapli!
Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k'ap tonbe sou latè.
Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k'ap tonbe sou jenn plant,
tankou ti lapli tou fen k'ap tonbe sou zèb nan jaden.
3Mwen #Det 3.24 pral fè lwanj Senyè a!
Rekonèt jan Bondye nou an gen pouvwa!
4Se #Jòb 34.10; Sòm 18.2,30,31; Eza 30.29; Da 4.37 Senyè a k'ap pwoteje nou.
Tou sa li fè bon nèt.
Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè.
Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li.
Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat,
li pa fè okenn lenjistis.
5Se #Mat 17.17; Lik 9.41; Fil 2.15 yo menm, pèp li a, ki pa kenbe pawòl yo,
bagay yon bon pitit Bondye pa ta janm fè.
Se yon bann mechan k'ap mache twonpe moun.
6Se #Sòm 74.2; Eza 51.13; 63.16 konsa nou di Senyè a mèsi pou sa l fè pou nou,
bann moun fou san konprann?
Se pa li ki papa nou?
Se pa li ki kreye nou?
Se pa li ki fè nou sa nou ye a? Se pa li ki ban nou lavi?
7Chonje tan lontan!
Repase tèt nou sou tan lontan!
Mande papa nou pou li di nou sa k te pase.
Mande granmoun lontan yo rakonte nou istwa tan lontan.
8#Jen 11.8; Tra 17.26 Bondye ki anwo nan syèl la t'ap bay chak nasyon pòsyon ki pou yo,
lè li t'ap bay kote pou chak moun rete sou latè,
li fikse fontyè tout peyi
dapre kantite moun li te mete sou latè.
9Men, li chwazi pitit Jakòb yo pou li.
Se yo ki pèp pa l la menm.
10Li #Det 8.15; Sòm 17.8; 32.7,10; Jer 2.6; Zak 2.8 te jwenn yo nan dezè a,
kote moun pa rete, kote van an ap soufle san rete.
Li pran yo nan bra l, li pran swen yo, li pwoteje yo
tankou de grenn je nan tèt li.
11Tankou #Egz 19.4 malfini k'ap moutre pitit li vole,
Senyè a ap plannen anwo pitit li yo.
Li louvri zèl li yo pou li ka pran swen yo,
li pote yo sou do l pou yo pa tonbe.
12Senyè a #Eza 43.12 sèl chèf yo.
Li pa bezwen lòt bondye pou ede l.
13Li #Jòb 29.6; Sòm 81.16; Eza 58.14; Eze 36.2 fè yo mache an grannèg sou tèt mòn peyi a.
Li fè yo manje grenn bwa nan savann.
Yo jwenn siwo myèl nan tou wòch pou yo bwè.
Pye oliv yo donnen nan wòch karyann.
14Bèf #Jen 49.11 yo ak mouton yo ap bay lèt an kantite.
Y'a manje vyann mouton gra, vyann belye Bazan ak vyann bouk kabrit.
Y'a manje pi bon kalite farin frans,
y'a bwè ji rezen pou diven.
15Pitit #Det 31.16,20; Sòm 89.26; Eza 1.4; 44.2 Jakòb #32.15: Jakòb: Nan tèks ebre a nou jwenn yon mo Jechouwoun yo sèvi pou Jakòb. Nou pa sèten sa li vle di. yo manje plen vant yo!
Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye.
Yo voye Bondye ki te fè yo a jete.
Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
16Y'al #Sòm 78.58 adore bondye lòt nasyon.
Yo fè Senyè a fè jalouzi,
y'al fè sa ki mal, yo fè l fè kòlè.
17Y'al #Jij 5.8; Sòm 106.37; 1 Kor 10.20 ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon,
yon kalite bondye yo pat janm konnen anvan,
lòt bondye ki fenk parèt,
bondye zansèt yo pat janm gen krentif.
18Yo #Eza 17.10; Jer 2.27 bliye Bondye ki te pwoteje yo, Bondye ki papa yo a.
Yo pa chonje Bondye ki te fè yo, Bondye ki te ba yo lavi a.
19#Eza 1.2 Senyè a wè sa, li fache.
Li fè kòlè sou pitit gason l yo ak sou pitit fi l yo!
20Li #Det 31.17 di: Mwen pral vire do m ba yo.
M'a wè sa ki pral rive yo.
Se yon bann moun ki plen vis,
yon bann pitit ou pa ka fin fye nèt.
21Yo #Det 32.16; 1 Wa 16.13; Jer 8.19; Wòm 10.19 fè m fè jalouzi, y'al adore yon bondye ki pa bondye tout bon.
Yo fè m fè kòlè, y'al fè sèvis pou zidòl ki pa vo anyen.
Enben, mwen menm, mwen pral fè yo fè jalouzi
pou yon pèp ki pa menm yon pèp.
M'ap fè yo fè kòlè pou yon nasyon moun ki san konprann.
22Lè m #Jer 15.14; Lam 4.11 an kòlè, se tankou yon gwo dife k'ap flanbe.
Mwen boule tou sa ki sou latè.
Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a.
M'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo.
23M'ap #Eze 5.16,17 fè yon seri malè tonbe sou yo.
M'ap voye tout flèch mwen yo sou yo.
24Y'a mouri grangou. Lafyèb va fini ak yo.
Move maladi va minen yo.
M'a voye bèt nan bwa atake yo.
M'a voye sèpan ak pwazon venen pou touye yo.
25Nan #Lam 1.20 lari, y'a touye pitit pitit gason yo nan goumen.
Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete.
Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou.
Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pèsonn p'ap chape.
26Mwen #Sòm 34.16; Eze 20.23 te di mwen ta pral detwi yo nèt,
pou pèsonn pa janm chonje yo ankò sou latè.
27Men, #Sòm 140.8 mwen pa ta vle kite lènmi yo pran pye sou yo.
Mwen pa ta renmen pou moun ki pa vle wè m yo mete nan tèt yo
se yo menm ak fòs kouray yo ki fè sa,
pou yo pa di: Senyè a pa gen anyen pou l wè nan sa.
28Pèp #Eza 27.11 Izrayèl la, se yon pèp ki pèdi bonnanj yo.
Yo pa gen konprann.
29Si #Sòm 81.13; Lik 19.42 yo te gen konprann, yo ta louvri je yo,
yo ta wè sa ki pral rive yo.
30Kouman #Lev 26.8; Jij 2.14 ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri,
pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak?
Se sèlman paske Senyè a lage yo,
paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo.
31Lènmi #1 Sam 2.2; 4.8 yo konn byen pwòp bondye k'ap pwoteje yo a
pa ka parèt devan Bondye pèp Izrayèl la.
32Ou ta di se menm ras moun Sodòm ak Gomò yo ye.
Yo tankou pye rezen k'ap donnen rezen anmè, rezen ki plen pwazon.
33Diven yo tankou pwazon nan bouch,
tankou venen sèpan nan wòch tè sèk k'ap touye moun frèt.
34Senyè a #Jòb 14.17 konnen tou sa lènmi te fè pèp la.
L'ap tann lè a rive pou l pini yo.
35Se #Sòm 94.1; Wòm 12.19; Eb 10.30; 2 Pyè 2.3 Senyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a,
lè lè a va rive pou yo tonbe.
Jou pou yo detwi yo a pa lwen.
Sa ki pare pou yo a fin rive.
36Senyè a #Jij 2.18; 1 Wa 14.10; Sòm 10.17-18; 135.14; Eb 10.30 pral pran defans pèp li a,
lè la wè tout fòs yo fin desann.
Li pral gen pitye pou sèvitè l yo,
lè la wè pa gen anpil ankò ki rete, ni anndan peyi a, ni deyo.
37#Jij 10.14; 1 Wa 18.27; Jer 2.28 sa a, Senyè a va mande:
— Kote bondye yo a, sa ki te konn pwoteje yo a?
bondye yo te konn al jwenn pou pran defans yo a?
38Se pa yo ki te konn manje grès bèt nou te konn ofri yo?
Se pa yo ki te konn bwè diven nou te konn vide sou lotèl yo?
Se pou yo vin kounyeya, se pou yo vin delivre nou!
Se pou yo kouri vin pwoteje nou!
39Se #1 Sam 2.6; 2 Wa 5.7; Jòb 5.18; Eza 41.4; 43.13; 44.8; 45.5; Oze 6.1 mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye.
Pa gen lòt bondye pase mwen menm.
Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m vle.
Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon.
Pa gen moun ki ka delivre pèsonn anba men mwen.
40Men #Nonb 14.28,30 m'ap leve men m anlè, mwen fè sèman:
Menm jan nou wè m vivan pou tout tan an,
41#Sòm 7.12; Eza 1.24 m'a file bèl nepe klere mwen an,
lè m'a sòti pou m rann jistis,
m'a tire revanj mwen sou lènmi m yo,
m'a bay moun ki pa vle wè m yo sa yo merite.
42Flèch #Jer 46.10 mwen yo pral tranpe nan san,
nan san moun blese yo ak san prizonye yo.
Nepe mwen ap koupe moun san gad dèyè,
l'ap koupe tèt tout chèf lènmi yo.
43Nou #2 Wa 9.7; Wòm 15.10; Rev 19.2 menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a!
Paske Senyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l yo.
L'a bay moun ki pa vle wè l yo sa yo merite.
L'a wete tout vye bagay ki t'ap fèt nan peyi pèp li a.
44Moyiz ak Jozye, pitit gason Noun lan, te repete tout pawòl chante sa a byen fò pou tout pèp la te tande.
Dènye koze Moyiz ak pèp la
45Lè Moyiz fin bay pèp Izrayèl la tout pawòl sa yo, 46li #Det 6.6,7 di yo konsa:
— Se pou nou koute tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Y'a sèvi m temwen mwen te fè nou konnen yo. Nou menm, n'a pase pitit nou yo lòd pou yo kenbe yo, pou yo swiv tout pawòl ki nan lalwa Bondye a. 47Paske, #Lev 18.5; Pwo 3.2; Wòm 10.5 se pa pawòl nou ka pran konsa konsa. Se lavi yo ye pou nou. Se yo menm k'ap fè nou viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an.
Bondye anonse Moyiz lanmò li
48Menm jou sa a, Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
49— Ale #Nonb 27.12-14 nan chenn mòn Abarim yo, ki nan peyi Mowab anfas lavil Jeriko a. Moute sou mòn Nebo. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade, w'a wè peyi Kanaran an, peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo pou yo rete a. 50Ou #Nonb 20.24,25,28 pral mouri sou mòn kote ou pral moute a, ou pral jwenn moun pa ou yo ki deja mouri, menm jan sa te rive Arawon, frè ou la, ki te mouri sou mòn Or la, epi ki te al jwenn moun pa l yo ki deja mouri. 51Nou #Nonb 20.11-13 tou de, nou pat fè sa m te di nou fè devan pèp Izrayèl la, lè yo te bò sous dlo Meriba yo, bò lavil Kadès, nan dezè Zin lan. Nou te manke m respe devan tout pèp Izrayèl la. 52Se #Det 3.27 poutèt sa, w'a rete byen lwen, w'a wè peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo anba nan pye ou. Men ou menm, ou p'ap mete pye ou ladan l.

Currently Selected:

Detewonòm 32: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy