YouVersion Logo
Search Icon

Detewonòm 28

28
Benediksyon pou moun obeyisan
(Levitik 26.3-13; Detewonòm 7.12-24)
1Si nou koute Senyè a, Bondye nou an, #Egz 15.26; 23.22; Lev 26.3; Det 26.19 si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Senyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè. 2Wi, si nou koute Senyè a, Bondye nou an, men benediksyon l'ap vide sou nou:
3Senyè a #Jen 39.5 va beni nou lavil kou andeyò.
4Senyè a #Egz 23.26; Det 7.13 va beni pitit nou yo, rekòt jaden nou yo, pòte bèf nou yo, pòte kabrit nou yo, pòte mouton nou yo ak pòte tout lòt bèt nou yo.
5Senyè a va beni tout rekòt nou ak tout sa n'ap manje.
6Senyè a #Sòm 121.8 va beni nou nan tou sa n'ap fè, depi nan mete men jouk nou bout.
7Senyè a #Egz 23.22,27 va fè nou kraze tout lènmi ki va atake nou. Lè y'ap vin sou nou, y'a mache ansanm sou yon sèl chemen. Men, y'a gaye toupatou lè y'ap kraze rak pou nou.
8Senyè a #Lev 25.21; Det 12.7; 15.4; Pwo 3.10 va beni nou tout tan, l'a beni depo manje nou, l'a beni tou sa n'ap fè. L'a beni nou nan peyi Senyè a, Bondye nou an, va ban nou an.
9Si #Egz 19.5,6; Det 7.6 nou fè tou sa Senyè a, Bondye nou an, mande nou fè, si nou viv jan li vle nou viv la, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Senyè a, Bondye nou an, jan l te fè nou pwomès la. 10#Nonb 6.27; Det 2.25 sa a, tout pèp sou latè va wè Senyè a te chwazi nou pou pote non l, y'a gen respè pou nou.
11Senyè a #Det 28.4; 30.9 va kouvri nou ak benediksyon, l'a ban nou anpil pitit, anpil bèt ak anpil rekòt nan peyi Senyè a te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an. 12L'a #Lev 26.4; Det 11.14; 14.29; 15.6 rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen dekwa pou nou prete moun. Nou p'ap janm nan bezwen prete. 13Senyè a va mete nou devan, nou p'ap janm dèyè. N'a toujou anwo, nou p'ap janm anba, depi nou swiv tout lòd Senyè a, Bondye nou an, depi nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a, 14san #Det 5.32 nou pa janm kite chemen li mete devan nou an pou n'ale dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo.
Konsekans dezobeyisans
(Levitik 26.14-46)
15Men #Lev 26.14; Lam 2.17; Da 9.11,13; Mal 2.2 tou, si nou pa koute Senyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:
16Madichon #Det 28.3-6 Bondye va tonbe sou nou lavil kou andeyò.
17Madichon Bondye va tonbe sou tout rekòt nou fè ak sou tout sa n'ap manje.
18Madichon Bondye va tonbe sou pitit nou yo, sou rekòt jaden nou yo, sou pòte bèf, pòte kabrit ak pòte mouton nou yo.
19Madichon Bondye va tonbe sou tou sa n'ap fè, depi nan mete men jouk nou bout.
20Si #Joz 23.16; Sòm 80.16; Eza 51.20; 66.15; Mal 2.2 nou fè bagay ki mal, si nou vire do bay Senyè a, l'ap voye tout kalite madichon sou nou: Nou p'ap konn sa pou n fè, n'a gen kè sere nan tou sa n'ap fè jouk n'a rete konsa n'a fin disparèt nèt, paske nou te fè bagay ki mal, nou te vire do ba li. 21Senyè a #Lev 26.25; Nonb 14.12 ap voye yon sèl move maladi po k'ap fini nèt ak nou nan peyi nou pral pran pou nou an. 22L'ap #Lev 26.16; 1 Wa 8.37; Am 4.9; Aje 2.17 voye sou nou epidemi, move lafyèb, maladi anfle, chalè pou toufe moun, jouk n'a mouri. L'a voye chechrès, vèmin ak pichon pou detwi rekòt nou yo. Malè sa yo va tonbe sou nou jouk n'a fin disparèt nèt. 23Syèl #Lev 26.19 la p'ap bay yon degout lapli menm. Tè a va vin di kou wòch. 24Nan plas lapli, Senyè a va fè pousyè tè ak sab kouvri nou jouk nou mouri. 25L'a #Lev 26.17; Det 28.7; 32.30; 2 Kwo 29.8; Jer 15.4; 24.9; Eze 23.46 fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou. 26#Jer 7.33 n'a mouri, se zwazo ak bèt nan bwa ki pral manje kadav nou yo san p'ap gen pèsonn pou pouse yo ale. 27Senyè a #Egz 9.9; Lev 21.20; Am 4.10 va fè bouton leve sou tout kò nou, menm jan li te fè moun peyi Lejip yo, n'a gen apse, lagal, pyas, epi nou p'ap ka jwenn gerizon pou maladi po sa yo. 28Senyè a #Zak 12.4 va fè nou pèdi tèt nou, nou p'ap konprann sa n'ap fè, nou p'ap konnen kote pou n mete kò nou. 29Gwo #Jòb 5.14; Eza 59.10; Am 5.11; Sof 1.13 midi, n'a tatonnen tankou avèg k'ap mache nan fènwa. Nou p'ap jwenn rannman nan okenn travay n'ap fè. Tout tan moun ap malmennen nou, y'ap vòlè nou, lèfini p'ap gen pèsonn pou pote nou sekou.
30N'a #Jer 8.10 fiyanse ak yon fi, men se yon lòt gason ki va kouche ak li. N'a bati yon kay, men nou p'ap janm rete ladan l. N'a plante yon jaden rezen, men nou p'ap janm jwi l. 31Y'a touye bèf nou yo la devan je nou, men nou p'ap ka mete yon ti moso nan vyann li nan bouch nou. Y'ap pran bourik nou nan bab nou al avè l, yo p'ap janm renmèt nou li. Y'a bay lènmi nou yo tout mouton nou yo, epi p'ap gen pèsonn pou pote nou sekou. 32N'a #2 Kwo 29.9; Jowèl 3.6 wè ak je nou y'ap pran pitit gason ak pitit fi nou yo bay moun lòt nasyon. Tout lè n'a anvi wè yo ankò, men p'ap gen anyen nou ka fè pou sa. 33Moun #Lev 26.16; Ney 9.37; Eza 62.8 nou pa janm konnen va manje tou sa ki nan jaden nou ak tout pwofi travay nou. Se tout tan y'a malmennen nou, y'a maltrete nou. 34Lè n'a wè tout bagay sa yo rive nou, n'a pèdi tèt nou! 35Senyè a #Det 28.27 va ban nou yon sèl maleng nan jenou ak sou kwis janm nou ki p'ap janm geri. Bouton ap parèt sou tout kò nou, depi nan pye jouk nan tèt. 36Senyè a #2 Wa 17.4,6; 24.12,14; 25.7,11; 2 Kwo 33.1; Jer 16.13 pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch. 37Nan #1 Wa 9.7; Jer 24.9 tout peyi kote Senyè a pral gaye nou yo, moun pral sezi wè sa ki rive nou, y'a pase nou anba kont betiz, y'a fè chante sou nou.
38N'a #Jowèl 1.4; Mi 6.15; Sof 1.13; Aje 1.6 plante anpil grenn nan jaden nou, men n'a rekòlte yon ti kras, paske krikèt va manje pifò. 39N'a plante jaden rezen, n'a okipe yo byen. Men, nou p'ap jwenn rezen ni pou nou rekòlte, ni pou fè diven pou nou bwè, paske vèmin va fin manje tout. 40Pye oliv va pouse toupatou nan peyi nou an, men nou p'ap gen yon ti degout lwil oliv, paske tout grenn oliv yo ap koule. 41N'a #Lam 1.5 fè pitit fi ak pitit gason, men yo p'ap pou nou, paske lènmi nou yo ap fè yo prizonye, y'ap depòte yo. 42Krikèt pral manje tout pyebwa nou yo ak tout ti plant ki nan jaden nou yo.
43Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou va vin pi fò pase nou. Nou menm, chak jou, n'a pèdi fil. 44Se #Det 28.12,13 yo menm ki va gen lajan pou yo prete nou. Nou menm nou p'ap gen anyen pou n prete yo. Se yo ki va devan, nou menm nou pral dèyè nèt.
45Tout #Det 28.15 giyon sa yo va tonbe sou nou. Kote nou pase y'a pase dèyè nou. Y'a rete sou nou jouk y'a fini nèt ak nou. Tou sa, paske nou pat koute sa Senyè a, Bondye nou an, di nou, nou pat fè tou sa li te mande nou fè nan lòd ak regleman li te ban nou yo. 46Madichon #Eza 8.18 sa yo va sèvi ni pou nou ni pou pitit nou yo pou moutre nou kalite mèvèy ak mirak Bondye ka fè. 47Bondye #Ney 9.35 te ban nou tou sa nou te bezwen. Men malgre sa, nou pat sèvi l tout bon ak kè kontan. 48Se #Jer 28.14 poutèt sa, nou pral sèvi lènmi Senyè a pral voye sou nou. Nou pral soufri grangou, swaf dlo, toutouni, dizèt ak tout kalite mizè. Senyè a pral fè lènmi yo kraze nou anba men yo, jouk y'a fini nèt ak nou.
49Senyè a #Eza 5.26; 33.19; Jer 5.15; 6.22; 48.40; Aba 1.8 pral mennen yon nasyon sòti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul. 50Se #2 Kwo 36.17; Jer 6.23 moun ki gen kè di. Yo p'ap respekte vye granmoun, ni yo p'ap gen pitye pou timoun. 51Y'a #Det 28.33; Eza 1.7; Jer 5.17 manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou. 52Y'a #2 Wa 17.5; 25.1 atake nou. Y'a sènen tout lavil nou yo, jouk y'a fin kraze gwo miray byen wo ki te sèvi nou ranpa, miray nou te kwè ki ta ka toujou pwoteje nou yo. Wi, y'a fèmen nou, y'a sènen tout lavil nou yo, toupatou nan peyi Senyè a, Bondye nou an, te fè nou kado a.
53#Lev 26.29; 2 Wa 6.28,29; Jer 19.9; Lam 2.20; 4.10 lènmi nou yo va sènen nou nan lavil nou yo, y'a mete nou nan yon sèl kalite mizè ak kè sere, n'a sitèlman grangou, n'a manje pwòp pitit nou yo, pitit gason ak pitit fi Senyè a, Bondye nou an, te ban nou. 54Menm #Det 15.9 moun nou konnen ki pi bon nan mitan nou an, moun ki pa janm nan kont ak pèsonn lan, enben menm li menm, l'a fèmen kè l, li p'ap konn frè, li p'ap konn madanm li te renmen an, ni okenn pitit nan sa ki rete l yo, 55pou li pa bay pèsonn nan vyann pitit li l'ap manje a, paske ak lènmi k'ap sènen nou nan lavil nou yo, ap gen yon sèl mizè ak kè sere nan mitan lavil nou yo, ata li menm, l'a sitèlman grangou, l'a blije manje pwòp pitit li, epi li p'ap bay pèsonn ladan l. 56Menm fanm nou konnen ki pi bon moun nan mitan nou an, fanm ki pa ta janm ap mache nan lari tèlman li gen bon jan ak bon levasyon an, li va fèmen kè l, li p'ap konn ni mari li renmen anpil la, ni pitit fi, ni pitit gason. 57Pou li pa separe ak yo, la kache kò l pou yo pa wè l lè l'ap manje pitit li fenk fè a, ansanm ak tout manman vant lan. Paske, avèk lènmi k'ap sènen nou nan lavil nou yo, ap gen yon sèl mizè ak kè sere, p'ap gen anyen pou manje. Lè sa a, la kache kò l pou l pa bay yo anyen nan sa l'ap manje a.
58Si #Egz 6.3; Sòm 99.3; Eza 29.23; Mal 1.14 nou pa swiv tout regleman ki ekri nan liv lalwa sa a, si nou pa gen krentif pou Bondye nou an, Senyè ki gen anpil pouvou a, Bondye moun fèt pou respekte a, 59Senyè a va voye gwo malè sa yo sou nou ak sou pitit nou yo, l'a voye gwo epidemi ki pa tande rete, move maladi ki pa konn renmèd. 60L'a #Egz 15.26; Am 4.10 voye sou nou ankò tout malè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo, malè ki te fè nou tranble yo. Nou p'ap janm ka sòti anba yo. 61Sa ki pi rèd ankò, Senyè a va voye sou nou tout kalite epidemi ak maladi yo pa pale nan liv lalwa Senyè a jouk l'a fini nèt avèk nou. 62Epi #Det 4.27; 10.22 nou menm, moun pèp Izrayèl yo, ki te anpil tankou zetwal ki nan syèl la, n'a tounen yon ti ponyen moun, paske nou pat koute sa Senyè a, Bondye nou an, te di nou.
63Menm #Pwo 1.26; Eza 62.5; Jer 32.41; Eze 5.13; Sof 3.17 jan Senyè a, Bondye nou an, te pran plezi pou l te fè nou byen, pou l te fè nou vin anpil la, se konsa tou l'a pran plezi pou l fè nou pèdi tout bagay, pou l fini nèt ak nou. L'a rache nou met deyò nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a. 64Senyè a #Lev 26.33; Det 4.28; 28.36; Jer 16.13; 19.4; Lik 21.24 va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pat janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch. 65Antan #Lev 26.36; Eze 21.7; Am 9.4 n'ap viv nan mitan lòt nasyon sa yo, nou p'ap janm gen kè poze, nou p'ap janm ka rete yon sèl kote. Senyè a va fè nou viv ak kè sote, nan lapenn ak dekourajman. 66Lavi nou ap toujou an danje. Lajounen kou lannwit, n'ap nan laperèz, n'ap pè pou lanmò pa pran nou. 67Devan #Jòb 7.4 bagay n'a wè k'ap pase devan je nou, n'a gen yon sèl laperèz nan kè nou, kè nou va bat bip-bip! Chak maten n'a mande kilè aswè va rive. Chak aswè n'a mande kilè la jou. 68Senyè a #Det 17.16; Jer 43.7; Oze 8.13; 9.3 va fè nou tounen nan peyi Lejip nan bato, atout se li menm ki te pwomèt nou pa t'ap janm tounen la ankò. N aval vann tèt nou bay lènmi nou yo pou nou sèvi yo esklav, men pèsonn p'ap vle achte nou.

Currently Selected:

Detewonòm 28: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy